Chesly Junior Celestin
Dòtwa Talks
Yon pòdkas an kreyòl. Nou nan yon misyon pou enspirew e kraze baryè ki mennen nan opòtinite dirèk, bous, pou etidye a letranje. Nou fè sa atravè pataj eksperyans lòt ayisyen ki etidye a letranje, pibliksyon enfòmasyon, ak kreye lyen ant jèn ayisyen ki gen enterè a yon etid ak moun ki nan pozisyon pou ba l konsèy pèsonalize.
No dejes de visitar la web del podcast y apoyar a su creador: podcasters.spotify.com
Autor
Chesly Junior Celestin
Categoría
Web del podcast
Último episodio
4 de may. de 2025
¿Dónde escuchar?
Podcasts en la app Replaio Radio Muy prontoLos podcasts llegarán muy pronto a la app. Instálala ahora y sé el primero en descubrir una forma totalmente nueva de vivir los podcasts
Episodios
Rechèch ak inovasyon nan domèn jeni sivil, pakou Fermodelie Paul - EP14 04.05.2025 34:50
Yon konvèsasyon ak Fermodelie Paul, yon jèn ayisyèn ki ap pouswiv yon doktora nan Jeni Sivil nan eta Arizona, Ozetazini. Avan sa, li te fè lisans ak metriz nan peyi Taiwan. Li pataje eksperyans li ak sa ki te enspire l, epi li mete aksan sou enpòtans preparasyon ak opòtinite. Yon bèl konvèsasyon, enspiran e chaje ak vizyon!
Marc-Ansy: Bous Fulbright, Rechèch nan Jeni Sivil ak Entèlijans Atifisyèl -EP13 29.03.2025 42:09
🎙️ Nou pale ak Marc-Ansy Laguerre, yon jèn Ayisyen ki aprè etid Jeni Sivil an Ayiti, te jwenn bous Fulbright pou etidye yon mastè nan Pittsburgh epi fè yon doktora nan Rice University, Texas. Eksperyans li ak tranblemanntè 2010 la an Ayiti te pouse l chwazi jeni sivil, jodi a li pe fè de rechèch ki gen pou wè ak entèlijans atifisyèl (AI) epi jeni sivil pou ede devlope konesans nan domèn lan. Nan e...
De Ayiti a Montreal: Eksperyans etid ak pwofesyonèl Leince - EP12 09.03.2025 41:43
Nou fè yon chita pale ak Leince, yon Ayisyen ki ap etidye nan Politeknik Montreal. Li pataje eksperyans li nan Kanada, defi li te rankontre, ak konsèy pou etidyan ki vle swiv menm chemen an. Yon konvèsasyon pou enspire w! 🇭🇹🇨🇦✨
Ayiti - Trinidad ak Tobago - Fidji - Taiwan: Etid, vwayaj ak eksperyans inik Randy - EP11 08.02.2025 42:47
Tande Epizòd sa a – Nou pale ak Randy, yon Ayisyèn ki teSoti Ayiti pou etidye, nan peyi Trinidad ak Tobago, ansuit al fè yon mastè nan zile Fidji epi kounye a ap fè yon doktora nan Taiwan. Li pataje eksperyans li, defi li te rankontre, ak leson li aprann sou wout li. Yon konvèsasyon enspiran sou edikasyon, vwayaj, ak anpil lòt bagay kap entètrese w! 🎙️🌍
Dòtwa Talks, objektif ak pèspektiv - EP9 20.01.2024 21:24
Nan epizòd sa a, w ap jwenn konvèsasyon dinamik ant fondatè Pòdkas la, kote yo prezante tèt yo, pataje istwa pèsonèl yo, pasyon yo, ak sa ki te enspire kreyasyon podcast la. Yo pale de objektif podcast la, mete aksan sou angajman yo nan devlope konvèsasyon ki pote refleksyon sou de sijè spesifik, ak kreye yon kominote ki angaje. Tande epizòd sa a pou yon rankont enteresan ak mantalite ki chita dèy...
Kwonik Quebec: Apèsi sou pwosesis admisyon, ak eksperyans lavi etidyan - EP10 15.01.2024 47:42
Nan epizòd sa a, nou akeyi yon envite ki pataje eksperyans li nan etidye nan Quebec, Kanada. Plonje nan yon konvèsasyon kaptivan pandan envite nou an ap devwale sibtilite pwosesis aplikasyon an, ofri enfòmasyon ki gen anpil valè pou potansyèl elèv yo. Soti nan melanj inik kiltirèl la rive nan eksplore nyans ki fè Quebec yon destinasyon entèresan pou aktivite akademik yo. Si w ap kontanple etidye n...
Yon doktora nan sibè sekirite, ak yon pye Lafrans pandan lòt pye a Kanada - EP8 13.01.2024 30:53
Antre nan yon vwayaj entèresan avèk nou nan epizòd sa, kote nou plonje nan yon konvèsasyon kaptivan ak envite nou a. Yonn jèn ki fèt e leve Ayiti, avanti lavi li te mennen l yon jou pran avyon pou Meksik, kote li te diplome nan syans ki relye ak domèn teknoloji enfòmatik. Ansuit, li te tou mete je l 'sou yon doktora ke lap reyalize de peyi, Lafrans ak Kanada. Plonje byen fon nan vwayaj enkwaya...
Soti Ayiti rive Rutgers University nan New Jersey: Yon vwayaj edikasyon ak pouswit ekselans - EP7 25.06.2023 37:21
Nan epizòd kaptivan sa a, nou fouye nan istwa yo jèn ayisyèn ki ap etidye nan peyi Etazini. Rejwenn nou pandan n ap dekouvri pakou Kedassa a, depi nan edikasyon li ann Ayiti rive nan eksperyans li k ap etidye Ozetazini. N ap eksplore aktivite akademik li yo, defi li te rankontre yo, ak detèminasyonl nan pousuit rèv li. Li pataje ak nou leson li te aprann yo, enpak li swete eksperyans sa ap genyen...
Erasmus +, yon opòtinite pou etidye nan plizyè peyi ewopeyen an menm tan - EP6 23.05.2023 31:21
"Yon vwayaj atravè Bèljik ak Lafrans ak Erasmus +" Yon epizòd eksitan nan Dòtwa Talks, vin jwenn nou pandan n te nan yon konvèsasyon kaptivan ak Magdalée, yon jèn ayisyèn ki resevwa bousdetid Erasmus+ ki t ap pataje eksperyans remakab li an Ewòp. Envite nou an mennen nou nan yon avanti vityèl, fouye nan kilti vibran yo ak peyizaj akademik nan Bèljik ak Lafrans. Pandan epizòd sa a, nou fouye zo nan...
Lafrans kòm destinasyon pou etid siperyè - EP5 30.04.2023 38:32
Lafrans se youn nan peyi jèn ayisyen renmen vize pou etid siperyè yo, paske yo deja metrize lang lan, e sistèm etid la ase similè ak pa Ayiti a, de faktè ki rann adaptasyon an pi fasil pou nou. Nan epizòd sa ak Ruth Desamour, ki fè yon master na peyi sila, nap aprann kòman l te fè pou rann sa posib, kijan pwosesis la te ye depi Ayiti (admisyon nan inivèsite a, vizan nan anbasad la), kòman eksperya...
Etidye nan peyi Bèljik - VLIR-UOS Scholarship - EP4 24.03.2023 39:38
Semèn sa nou te chita pale ak Esterlin, yon konpatriyòt nou kap etidye nan inivèsite Gent, Bèljik. E kòm d'abitid nou pale ak li de pwosesis pou l rive la e kòman ekspreyans lan ye pou li. E l te pale ak nou de enstitisyon ki pèmèt li finanse etid li, ki se VLIR-UOS. Se yon entitisyon nan peyi bèljik ki sipòte patenarya ant inivèsite ki nan zòn Flanders (Bèljik) ak nan peyi sid yo. Objektif la...
Etidye nan peyi Larisi - EP3 02.03.2023 25:45
Soti nan chèf pi popilè yo nan Tolstoy ak Dostoevski nan bote nan mayifik nan St-Petersburg ak melodi yo intemporel nan Tchaikovsky, kilti Larisi rive sou annpil moun atravè glòb la. Semèn sa a nou te diskite ak Joberne Jean, yon jèn ki soti Grand-Goave. L ap etidye etidye li St-Petersburg nan peyi Larisi, e kòm dabitid li pataje ak nou eksperyans li nan peyi sila. Nou envite ou koute si w e...
Etidye nan Peyi Ba - SIDS Scholarship - EP2 14.02.2023 26:43
Nan dezyèm epizòd Dòtwa Talks sa, nou te pale ak Johane ki ap etidye nan Peyi Ba (La Hollande). Li te pataje eksperyans li nan peyi sa, defi l te rankontre, nouvo kilti, ak benefis ki genyen nan etidye aletranje, sitou enpòtans ki genyen nan rezo ak bati relasyon ak moun pandan w ap etidye aletranje. Nou te diskite tou pwosesis pou aplike pou bous detid sa, konsèy pou elèv ayisyen ki ta kapab entè...
Bous detid pou Ayisyen nan peyi Taiwan - EP1 31.01.2023 34:09
Nan epizòd sa a, Christinne Jean Louis ak Christina Jean Louis, ki nan moman an ap fè etid lisans yo nan peyi Taiwan, pataje ak nou kouman eksperyans yo ye nan peyi sila. Pa ki mwayen yo te arive al etidye Taiwan ? Kòman yo sibveni a bezwen ekonnomik ki nesesè pou sa ? Kiyès ki elijib pou pwogram sa? Kijan eksperyans lan ye pou yo jiskaprezan ? Wap jwenn repons ak tout kesyon sa yo e anpil lòt det...
Podcasts similares
Replaio no es editor de podcasts; los nombres de los programas, las portadas y el audio pertenecen a sus autores y se distribuyen a través de canales RSS públicos