AyiboPost
AyiboLab
Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.
¿Dónde escuchar?
Podcasts en la app Replaio Radio Muy prontoLos podcasts llegarán muy pronto a la app. Instálala ahora y sé el primero en descubrir una forma totalmente nueva de vivir los podcasts
Episodios
Men defi Ayiti pral fè fas pou eleksyon k ap vini yo 30.01.2025 1:32:49
Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !
Pratik seksyèl lakay jèn yo, gwo danje ak risk nou dwe konnen ! 12.12.2024 42:52
Anpil risk nan pratik seksyèl lakay jèn yo ! Doktè Kerry Norbrun esplike tout danje yo. Medsen Jeneralis lan pataje konsèy pratik pou yon pi bon konpòtman seksyèl responsab nan emisyon espesyal AyiboLab sa a. Ann koute !
Yon veritab pwosè pou laverite sòti sou sa ki te pase Lasalin an 2018 14.11.2024 46:01
6 lane aprè masak Lasalin nan, yon òdonans lajistis voye yon trantèn moun - pami yo 2 ansyen ofisyèl Leta ki gen non yo site nan masak sa a - jije nan tribinal kriminèl. Èske n ka konsidere masak Lasalin lan kòm youn nan konsekans ensekirite k ap vale teren an, oswa yon masak ki te planifye ? Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a an n koute envite nou Marie Yolène Gilles, direktris egzekitif FJKL.
Fanm ki gen kansè kòl matris ka ansent ? Vin tande 23.10.2024 37:55
Kisa kansè kòl matris lan ye ? Koute Doktè Beaugé Grégory k ap bay plizyè esplikasyon enteresan sou kijan maladi kansè a devlope. Ki prevansyon ou kapab pran ? Se tout kalte enfòmasyon sa yo ki pral brase nan emisyon espesyal Ayibolab sa.
Èske meri yo gen dwa pou kreye polis pa yo? 09.09.2024 1:10:11
Èske yon meri ka genyen pwòp polis li ? Kisa lalwa an Ayiti di sou sa? Se pami divès kesyon ki pral abòde nan emisyon espesyal AyiboLab sa. AyiboPost envite ansyen majistra Tirivyè a, Luc Wans Duvalsaint pou pale de sitiyasyon sa.
Kansè nan tete : tout sa w dwe konnen sou maladi sa 09.09.2024 36:09
Men tout sa w dwe konnen sou kansè nan tete. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, AyiboPost envite jinekològ epi kansewològ Fernandel Michel pou ede n konprann kisa maladi kansè nan tete ye ojis. Ann tande l
Mache nwa ak fo medikaman an Ayiti 09.09.2024 56:04
Rate medikaman an Ayiti dènye mwa sa yo lakòz mache nwa ak fo medikaman fè kenken nan peyi a. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa, AyiboPost envite prezidan asosyasyon famasyen Ayiti a, Pierre Hugues Saint-Jean.
Plizyè pasyan nan sikyatri pa ka jwenn swen nan Pòtoprens 12.06.2024 1:45:32
Mars & Kline, sèl lopital ki te kontinye ap resevwa pasyan nan sikyatri nan Pòtoprens, pa ka fonksyone jounen jodi a. AyiboPost resevwa sikològ Vinson Bradley Noël ak sikyat Joseph Dimitri Ronald Thadal k ap travay nan lopital lan pou n eseye konprann sitiyasyon an.
Zam jwèt : ki enpak sa ka gen sou timoun an Ayiti ? 29.05.2024 57:26
Bay yon timoun zam jwèt kòm kado nan kontèks nou ye an Ayiti a, èske se yon bon lide ? Doktè nan sosyoloji Képler Aurélien ak edikatè Richard Norvil ap debat sou kesyon an nan emisyon AyiboLab sa.
Men libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan 29.05.2024 26:39
AyiboPost al vizite libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, 2 responsab "Livres Solidaires Haïti" ap fè nou vizite e ede nou konprann kijan libreri sa fonksyone an reyalite.
Liv inik, ensekirite, kriz… kijan lekòl pral fonksyone nan Pòtoprens 10.05.2024 50:23
Lekòl toujou nan gwo difikilte pou yo louvri an Ayiti. Nan yon kontèks kote anpil lekòl jounen jodiya tounen abri pwovizwa e anpil moun nan Pòtoprens ap kouri kite kay yo pou bandi, AyiboPost envite yon kad nan Ministè edikasyon nasyonal, ak yon pwofesè sendikalis pou debat sou koze sa.
Poukisa kilti ayisyen an pa byen reprezante nan lekòl yo ? 22.04.2024 43:47
Sistèm edikatif ayisyen an pa bay kilti peyi a ase enpòtans; sa ki kreye yon dekoneksyon ant divès jenerasyon yo ki lakòz elèv ayisyen an vin pa vrèman konn kilti peyi l. Jacques-Michel Gourgues ki se doktè nan syans edikasyon ak metè an sèn Eliezer Guérismé entèvni sou kesyon an nan emisyon espesyal AyiboLab sa.
Koripsyon ak kriz anpeche bon fonksyònman sendika yo an Ayiti 16.04.2024 1:10:50
Gen anpil koripsyon ak dezòd anndan sendika yo an Ayiti. Nan lide pou pote plis limyè sou fonksyònman sendika yo nan peyi a, AyiboPost resevwa mèt Phillipe Junior Volmar ki se yon avoka spesyalize nan dwa travay ak sekretè jeneral Antèn Ouvriye, Lominy Edmond.
Goud, degouden : men poukisa n pa dwe jete yo 10.04.2024 37:32
Goud ak degouden, ti monnen sa yo gen anpil enpòtans nan ekonomi peyi a. Ekonomis Peterson Benjamin Noel ak pwofesè Jims-Carlin St-Hubert ap ede n konprann poukisa nou pa ta dwe janm jete ti monnen sa yo. An n tande:
Anpil katye nan Pòtoprens monte baryè yo 25.03.2024 59:12
Gen gwo baryè ki monte nan anpil katye nan Pòtoprens. Se fason sa anpil zòn chwazi pwoteje tèt yo kont ensekirite a nan yon kontèks kote bandi ap pran plis tèritwa chak jou. Men, tout moun pa wè baryè sa yo menm jan, e gen moun li afekte plis pase lòt. AyiboPost envite sosyològ Kesler Bien-Aimé, pou l ka ede konprann temwànyaj plizyè abitan k ap viv nan zòn sa yo.
Bò lanmè komin Kafou, pratik «fè tè» a deraye 20.03.2024 31:27
Nan komin Kafou, abitan bò lanmè a plede pouse dlo a ak fatra, ranblè, kawoutchou... pou yo ka konstwi kay yo. Se pratik sa ki rele «fè tè» a. AyiboPost te remake danje ki gen nan pratik sa, li envite enjenyè Richard Haspil ak Odnell David pou ede n pi byen konprann sa k ap pase a. An n tande:
Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti? 23.02.2024 25:35
Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme». An n tande yo nan emisyon AyiboLab espesyal sa a.
Pòtoprens : lè n ap respire a pa nòmal pou lasante 19.02.2024 39:21
Lè n ap respire nan Pòtoprens lan reprezante gwo malè pandye pou sante n. AyiboPost envite chimis Job Paul ak medsen jeneralis Ricarven Ovil pou ede n konprann pi byen risk yo. An n koute !
AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a ! 12.02.2024 51:39
Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas nan kontèks ensekirite n ap viv nan peyi a.
Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim? 02.02.2024 41:40
Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti. Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz? Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm Volny Paultre, pou n debat sou sijè sa. Ann tande.
Men poukisa moun pa ka jwenn san nan peyi a 18.01.2024 18:25
Pwoblèm san nan peyi a lakoz anpil moun pa ka jwenn swen ki pou sove lavi yo a tan. Selon direktè Centre National Transfusion sanguine lan, si CNTS te ka pwodwi 60 000 jiska 80 000 pochèt san pa ane, yo t ap ka kouvri 90% nan demand popilasyon an aloske reyèlman yo poko janm ka pwodwi 30 000. Kisa ki lakòz? Ann tande Direktè a, Ernst Noë l nan emisyon AyiboLab sa a
Konprann rapò Ayisyen genyen ak poupe koulè nwa osnon blan 18.01.2024 40:07
Poupe nwa yo mwens enterese Ayisyen, daprè konsta AyiboPost fè nan plizyè makèt nan Pòtoprens. Poukisa se poupe blan yo ki plis vann? Èske se yon chwa ki senp? Doktè Irvika François, ki se espesyalis nan syans ledikasyon, pote anpil limyè sou tandans sa a, ki sanse konsène tout kominote nwa nan lemond.
Kafoufèy : Lopital Sanatoryòm nan gwo difikilte ! 08.11.2023 21:24
Responsab lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, Dr Jean Ardouin Esther Louis-Charles ap eksplike move konesans popilasyon an genyen sou maladi tibèkiloz lan e tout difikilte Lopital la rankontre ni avan, ni aprè nèg ak zam te finn mete yo nan kouri nan Kafoufèy.
Reyalite medya ann Ayiti yo k ap sibi gwo pwoblèm nan kesyon achiv ! 24.10.2023 41:14
Marc Anderson Brégard ki se direktè jeneral RTVC ak Gotson Pierre, responsab nan Alterpresse ak Medialternatif, ap dekri gwo pwoblèm pwoblèm achiv ki gen nan media an Ayiti epi eksplike kijan sitiyasyon sa afekte antite yo. Gade entèvansyon yo nan emisyon AyiboLab sa.
Tout detay enpòtan pou konprann rezon ki lakòz patrimwàn peyi a tèt anba. 20.09.2023 24:05
Sa se katòzyèm AyiboLab pou ane a. Nan nimewo sa, nou envite Iléus Papillon, prezidan obsèvatwa patrimwàn an Ayiti, pou eksplike poukisa li enpòtan jounen jodia pou nou ap pale de memwa ak patrimwàn peyi a. Nou envitew dekouvri enpòtans patrimwàn istorik pou yon peyi nan videyo sa a. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Wethzer Piercin sou sitiyasyon an : https://ayibopost.com/letat-haitien-t...
Podcasts similares
Replaio no es editor de podcasts; los nombres de los programas, las portadas y el audio pertenecen a sus autores y se distribuyen a través de canales RSS públicos