fr

Pradley Vardly Vixama

Divèjans Pòdkas

Divèjans se yon pòdkas ki pwodwi nan lang kreyòl e ki pale sou divèsite, sou stigmatizasyon, diskriminasyon epi lit kominote ki diskrimine yo ap mennen pou respè dwa yo.

N'hésitez pas à visiter le site du podcast et à soutenir son créateur : podcasters.spotify.com

Auteur

Pradley Vardly Vixama

Catégorie

Society

Site du podcast

podcasters.spotify.com

Dernier épisode

22 févr. 2024

Où écouter ?

Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponible

Les podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts

Télécharger sur Google Play Installe-la gratuitement Android près de 10 M de téléchargements · note de 4,8 iOS bientôt

Épisodes

Nou p ap regle anyen ak lavi nou! 22.02.2024

Poukisa anpil jèn ayisyen genyen santiman yo p ap regle anyen ak lavi yo? Ki avantaj ki genyen pou yon jèn k ap viv ann Ayiti jounen jodi ya? Poukisa jèn yo ap kouri kite peyi ya konsa? Nan nouvo epizòd sa, Pradley ap touche reyalite sosyopolitik epi ekonomik peyi a epi ap eseye konprann kijan yo enpakte lavi milyon jèn fanm ak jèn gason! Kite m swete w byenvini nan yon nouvo epizòd Divèjans Pòdka...

Divèjans Podkas Retounen! 01.01.2024

Sa k ap fèt? Pandan m ap swete w yon bon lane 2024, mwen gen plezi pou mwen anonse w Divèjans Podkas ofisyèlman retounen aprè 2 lane poz li te pran yo! Nan epizod sa, Pradley ap rakonte eksperyans li pandan 2 lane sa yo epi tou pwofite ekspoze ki pwojè li genyen pou ane k ap vini an!

Bodyshaming Pati III 25.06.2021

Kijan nou ye? Jodi ya, mwen kontan pou m prezante nou twazyèm e dènye epizòd sou Bodyshaming nan. Nan epizòd sila, nou te chita pale avèk Myriame François. Myriame ansanm avèk mwen pale sou plizyè koze ki lye ak kesyon kò moun. Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini!

Bodyshaming Pati II 17.05.2021

Sa k ap fèt ? Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini Nan dezyèm pati koze sou Bodyshaming nan, mwen deside fwa sa reponn ak 5 kesyon. Pa bliye, kou w fin koute epizòd sa, pataje l ak yon moun nan kontak ou ! #Divèjans

Black History Month 21.02.2021

Byenvini nan nouvèl sezon e nouvo epizòd sila! Fwa sa, nou retounen fon ti kout pye nan peyi Tonton Sam pou nou pale n de Black History Month lan. Nou pwofite tou prezante 2-3 gwo pèsonalite nwa ki make monn lan nan fason pa yo. Ou pare? Ann ale!

Ou diferan, epi? 27.12.2020

Nan epizòd sila, nou fè ti pale sou tout sa 2020 aprann nou menm antan moun. Ane a te difisil, men li te pote leson, anpil leson sou vrè enpòtans moun. Se te okazyon pou m remèsye nou chak ki te la depi nan kòmansman avèk mwen e ki ede m amelyore tèt mwen! Bon Lane 2021, mwen swete nou lapè ak serenite. 

Rasta, Dread, Babilòn 27.11.2020

Nan epizòd sila, nou pwofite rann omaj ak Evelyne Sincère, yon jèn ayisyèn bandi te etenn souf li. Se malere modèl bagay sa yo ap rive nan peyi nou, men sa dwe fè n reflechi sou ki modèl sosyete nou vle e kijan li enperyal pou n lite konn tout vye fòs ki soti pou fè n pa kwè nan rèv ak pwojè nou. Ladan l, nou pale prensipalman sou mouvman rasta, sou dread ansanm ak babilòn. Kisa k lakoz sosyete no...

Diskriminasyon sou moun andikape : Pati II 20.10.2020

Nan epizòd sila, nou konkli ti bat bouch nou te tanmen sou andikap depi nan presedan epizòd la. Kijan moun ki an sitiyasyon andikap yo kapab lite pou jwenn sa yo ap chache kòm sitiyasyon pou amelyore lavi yo ? Nou pale sou sa nan epizòd sila ! Byenvini !

Diskriminasyon sou moun andikape : Pati I 12.09.2020

Nan nouvo epizòd sa, nou fè yon ti founi je gade sou kesyon andikape a la fwa nan monn nan e ann Ayiti. Nou prezante andikap la a travè listwa e nou montre evolisyon li a travè listwa. Nou fon pale tou sou kijan moun ki ap viv ak andikap ann Ayiti ap sibi de seri diskou e pratik ki ap detwi yo konplètman. Byenvini nan nouvo epizòd sa !

Epizòd #2 | Black Lives Matter 22.08.2020

Enfòmasyon: Nan dezyèm epizòd Divèjans Pòdkas la, nou ap pale sou mouvman #Blacklivesmatter a. Depi 3-4 dènye mwa sa yo, nou siman tande anpil pale de mouvman sa. Anpil nan nou menm pafwa itilize l kòm hashtag anba bèl ti foto n ap poste sou entènèt la. Men, an reyalite, kisa mouvman sa ye? Ki objektif li? Pou ki rezon menm li te rive kreye?  Koute epizòd sa epi w ap aprann plis bagay sou kis...

Divèjans Pòdkas Epizòd #1 (Entwodiksyon - Kisa Div 15.08.2020

Nan Epizòd sila, nou pale de kisa Divèjans ye ak ki Filozofi nou swete degaje nan Pòdkas sila. 

Écoute le podcast Divèjans Pòdkas sur Replaio

La radio et les podcasts dans une seule appli - gratuite, sans inscription. Installe-la dès aujourd'hui et ne rate pas le lancement

Télécharger sur Google Play

Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics