Pradley Vardly Vixama
Divèjans Pòdkas
Divèjans se yon pòdkas ki pwodwi nan lang kreyòl e ki pale sou divèsite, sou stigmatizasyon, diskriminasyon epi lit kominote ki diskrimine yo ap mennen pou respè dwa yo.
Besuch unbedingt die Website des Podcasts und unterstütze die Macher: podcasters.spotify.com
Autor
Pradley Vardly Vixama
Kategorie
Podcast-Website
Neueste Folge
22. Feb 2024
Wo hören?
Podcasts in der App Replaio Radio Bald verfügbarPodcasts kommen bald in die App. Installiere sie jetzt und erlebe als Erster einen ganz neuen Blick auf Podcasts
Folgen
Nou p ap regle anyen ak lavi nou! 22.02.2024 18:54
Poukisa anpil jèn ayisyen genyen santiman yo p ap regle anyen ak lavi yo? Ki avantaj ki genyen pou yon jèn k ap viv ann Ayiti jounen jodi ya? Poukisa jèn yo ap kouri kite peyi ya konsa? Nan nouvo epizòd sa, Pradley ap touche reyalite sosyopolitik epi ekonomik peyi a epi ap eseye konprann kijan yo enpakte lavi milyon jèn fanm ak jèn gason! Kite m swete w byenvini nan yon nouvo epizòd Divèjans Pòdka...
Divèjans Podkas Retounen! 01.01.2024 9:54
Sa k ap fèt? Pandan m ap swete w yon bon lane 2024, mwen gen plezi pou mwen anonse w Divèjans Podkas ofisyèlman retounen aprè 2 lane poz li te pran yo! Nan epizod sa, Pradley ap rakonte eksperyans li pandan 2 lane sa yo epi tou pwofite ekspoze ki pwojè li genyen pou ane k ap vini an!
Bodyshaming Pati III 25.06.2021 44:38
Kijan nou ye? Jodi ya, mwen kontan pou m prezante nou twazyèm e dènye epizòd sou Bodyshaming nan. Nan epizòd sila, nou te chita pale avèk Myriame François. Myriame ansanm avèk mwen pale sou plizyè koze ki lye ak kesyon kò moun. Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini!
Bodyshaming Pati II 17.05.2021 20:00
Sa k ap fèt ? Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini Nan dezyèm pati koze sou Bodyshaming nan, mwen deside fwa sa reponn ak 5 kesyon. Pa bliye, kou w fin koute epizòd sa, pataje l ak yon moun nan kontak ou ! #Divèjans
Black History Month 21.02.2021 16:02
Byenvini nan nouvèl sezon e nouvo epizòd sila! Fwa sa, nou retounen fon ti kout pye nan peyi Tonton Sam pou nou pale n de Black History Month lan. Nou pwofite tou prezante 2-3 gwo pèsonalite nwa ki make monn lan nan fason pa yo. Ou pare? Ann ale!
Ou diferan, epi? 27.12.2020 6:42
Nan epizòd sila, nou fè ti pale sou tout sa 2020 aprann nou menm antan moun. Ane a te difisil, men li te pote leson, anpil leson sou vrè enpòtans moun. Se te okazyon pou m remèsye nou chak ki te la depi nan kòmansman avèk mwen e ki ede m amelyore tèt mwen! Bon Lane 2021, mwen swete nou lapè ak serenite.
Rasta, Dread, Babilòn 27.11.2020 17:34
Nan epizòd sila, nou pwofite rann omaj ak Evelyne Sincère, yon jèn ayisyèn bandi te etenn souf li. Se malere modèl bagay sa yo ap rive nan peyi nou, men sa dwe fè n reflechi sou ki modèl sosyete nou vle e kijan li enperyal pou n lite konn tout vye fòs ki soti pou fè n pa kwè nan rèv ak pwojè nou. Ladan l, nou pale prensipalman sou mouvman rasta, sou dread ansanm ak babilòn. Kisa k lakoz sosyete no...
Diskriminasyon sou moun andikape : Pati II 20.10.2020 13:36
Nan epizòd sila, nou konkli ti bat bouch nou te tanmen sou andikap depi nan presedan epizòd la. Kijan moun ki an sitiyasyon andikap yo kapab lite pou jwenn sa yo ap chache kòm sitiyasyon pou amelyore lavi yo ? Nou pale sou sa nan epizòd sila ! Byenvini !
Diskriminasyon sou moun andikape : Pati I 12.09.2020 16:23
Nan nouvo epizòd sa, nou fè yon ti founi je gade sou kesyon andikape a la fwa nan monn nan e ann Ayiti. Nou prezante andikap la a travè listwa e nou montre evolisyon li a travè listwa. Nou fon pale tou sou kijan moun ki ap viv ak andikap ann Ayiti ap sibi de seri diskou e pratik ki ap detwi yo konplètman. Byenvini nan nouvo epizòd sa !
Epizòd #2 | Black Lives Matter 22.08.2020 15:50
Enfòmasyon: Nan dezyèm epizòd Divèjans Pòdkas la, nou ap pale sou mouvman #Blacklivesmatter a. Depi 3-4 dènye mwa sa yo, nou siman tande anpil pale de mouvman sa. Anpil nan nou menm pafwa itilize l kòm hashtag anba bèl ti foto n ap poste sou entènèt la. Men, an reyalite, kisa mouvman sa ye? Ki objektif li? Pou ki rezon menm li te rive kreye? Koute epizòd sa epi w ap aprann plis bagay sou kis...
Divèjans Pòdkas Epizòd #1 (Entwodiksyon - Kisa Div 15.08.2020 3:42
Nan Epizòd sila, nou pale de kisa Divèjans ye ak ki Filozofi nou swete degaje nan Pòdkas sila.
Ähnliche Podcasts
Replaio ist kein Herausgeber von Podcasts; die Namen der Sendungen, Cover und Audioinhalte gehören ihren Autoren und werden über öffentliche RSS-Feeds verbreitet