Jean Bernard Jr Boursiquot
Pye Poudre
Mwen se Jean Bernard J. Boursiquot, coach, fòmatè & web designer. Mwen akonpanye tout moun ki swete lanse yon aktivite biznis rantab kadre ak pasyon yo epi mennen yon vi ekilibre antanke Travayè Otonòm. Chak lendi, yon nouvèl epizòd Pye Poudre pou ede w Kreye antrepriz ou epi transfòme lavi w. 🙏Youn nan misyon m se ede w jwenn kliyan epi jwenn yon ekilib ant vi pèsonèl ak pwofesyonèl ou. Mwen ap pataje ak ou egalman eksperyans mwen, konsèy nan maketing ak lòt ankò. Abòne ak podcast la pou w pa rate anye. Pa ezite kòmante epi pataje avi w.
Обов'язково відвідайте сайт подкасту та підтримайте його автора: bousiko.org
Автор
Jean Bernard Jr Boursiquot
Категорія
Сайт подкасту
Останній епізод
19 бер 2024
Де слухати?
Подкасти в застосунку Replaio Radio Уже незабаромПодкасти незабаром з'являться в застосунку. Встановіть уже зараз і першими побачте зовсім новий погляд на подкасти
Епізоди
2 lòt fason ou kapab fè lajan sou rezo sosyal tankou Facebook, youtube ak Tiktok 19.03.2024 9:27
Anpil moun panse ke yo oblije rantre nan pwogram monetizasyon Facebook, Youtube ak Tiktok pou yo fè lajan ak kont yo. 2 lòt fason ou kapab fè lajan sou rezo sosyal tankou Facebook, youtube ak Tiktok https://bousiko.org
Enpòtans fòmasyon nan yon estrikti asosiyatif 21.02.2024 26:52
Nan epizòd Sila mwen pale de enpòtans fòmasyon nan yon estrikti asosiyatif epi estrateji ou kapab mete sou pye pou fòme manb yo. https://bousiko.org
Kijan nou kapab kenbe yon ekip nan yon asosiyasyon motive 21.02.2024 39:46
Angaje nan yon estrikti asosiyatif rete youn nan pi gwo angajman yon moun kapab pran nan kominote li. Anvi kontribiye nan devlopman kominote nou pa yon dezisyon san difikilte. Se pou sa li enpòtan ke nou Aprann kijan nou kapab kenbe yon ekip nan yon pwojè asosiyatif motive. Nan nimewo pòdkas mwen pataje ak ou kèk eleman ki kapab ede w nan travay sila a. https://bousiko.org
EP014- Kèk teknik pou ou tabli bon relasyon ak fanmi w lè ou se travayè otonòm 13.10.2021 14:19
Bonjou, kijan ou ye? Deside vini Travayè otonòm epi travay lakay pa yon chwa san difikilte. Youn ladan yo se enkonpreyansyon fanmi ak zanmi. Lè enkonpreyansyon sa yo pa byen jere, sa konn gen enpak negatif sou karyè Travayè otonòm nan. Si w nan yon sitiyasyon parèy, nimewo pòdkas sa a kapab ede w. Nan nimewo pòdkas sa a, mwen prezante w kat estrateji ou kapab itilize pou w tabli bon relasyon ak fa...
EP012- Travay otonòm pa vle di solitid 04.10.2021 15:43
Travayè otonòm pa vle di solitid Nan nimewo pòdkas sa a mwen pale de kèk rezon ki dwe fè yon travayè otonòm pa izole tèt li. Pou yon travayè otonòm grandi nan biznis li l ap bezwen kolabore ak kèk pwofesyonèl nan yon ekip oubyen sou kèk pwojè. Plis detay nan pòdkas la a. https://bousiko.com
EP 11. Pèseverans ak Pasyans 28.02.2021 5:53
Pèseverans ak Pasyans, de kalite ki ap ede w fè siksè nan tout sa ou ap fè nan lavi a.
E10. Enpòtans Ekonomi pou yon Travayè Otonòm 12.10.2020 8:10
Nan epizòd sa a, mwen pale de enpòans Ekonomi pou yon Travayè Otonòm.
EP09. Fikse ak ogmante pri sèvis ou. 17.08.2020 18:32
Ou bezwen konnen kijan pou w fikse pri pwodui ak sèvis ou yo? Ou bezwen konnen si w dwe ogmante pri? Nan nimewo podcast sa a, ou ap jwenn repons ak de kesyon sa yo.
EP08. 5 rezon ki kapab fè w pèdi kliyan. 17.08.2020 12:36
Si w gen difikilte pou w jwenn kliyan nan aktivite biznis ou oubyen ou ap pèdi kliyan, nimewo podcast sa a se pou ou. Ladann Mwen pataje 5 rezon ki ka koz ou ap pèdi kliyan. Fòmatè, coach, web designer Mwen ede moun pasyone vin patwon tèt yo epi genyen yon prezans efikas sou entènèt. https://pyepoudre.com
EP07. Èske m kapab Travayè Otonòm si mwen pa gen diplòm 17.08.2020 12:02
Nan epizòd sa a mwen pataje ak ou opinyon m sou plas yon diplòm nan karyè yon Travayè Otonòm epi fason w kapab rive fè siksè menm Kant ou pa gen diplòm. Fòmatè, coach, web designer Mwen ede moun pasyone vin patwon tèt yo epi genyen yon prezans efikas sou entènèt https://pyepoudre.com
EP06. Twa bagay pou w fè avan w kite travay ou 10.08.2020 9:51
Se yon bon bagay pou w deside vini Travayè Otonòm. Men, ou dwe konnen se pa yon desizyon ke w ka pran san reflechi. Nan epizòd sa a, mwen pataje avè w twa (3) bagay ke w dwe fè avan w kite travay ou.
EP05. Reyalite lavi yon Travayè Otonòm 10.08.2020 12:10
Nan epizòd sa a, mwen prezante w kèk enkonvenyan ki mache ak lavi Travayè Otonòm yo. Li bèl lè w se patwon tèt ou, men sa a mache ak kèk enkonvenyan. Konnen yo alavans ba w posibilite pou w fè yon meyè preparasyon.
EP04. Sendwom enpostè 17.07.2020 12:01
Nan epizòd sa a, Mwen pale de sendwom enpostè. Se Youn nan sistiyasyon ki konn lakoz anpil Tavayè otonòm (antreprenè) echwe nan biznis yo.
EP03. Twa rezon pou yon moun vin Travayè Otonòm 13.07.2020 9:12
Si w santi yon atirans pou travay otonòm li t ap enpòtan ke w tande podcast sa a. Ladan n Mwen prezante w twa rezon ki kapab pouse Yon moun vin Travayè Otonòm
EP02. Yon lòt konpreyansyon Kadran cash-flow Robert Kiyozaki a 13.07.2020 13:59
Ou kann tande pale de Robert Kiyozaki oubyen de Kadran cash-flow ? Nan nimewo podcast sa a Mwen prezante w yon analiz tou nèf ki dwe ede w wè nosyon reyisit la yon lòt fason
EP01. Pou ki rezon ou dwe tande podcast Pye poudre? 13.07.2020 3:11
Nan epizòd sa a, Mwen pataje avè w rezondèt podcast Pye poudre.
Схожі подкасти
Replaio не є видавцем подкастів; назви шоу, обкладинки та аудіо належать їхнім авторам і поширюються через публічні RSS-канали