Zanmi Lanati🍀

Zanmi Lanati podcast

Society FR ↓ 37 episódios

Ce podcast est là pour vous aider à réflechir sur votre évolution sur terre en tant qu'être vivant. @Music by Samba Bob

Não deixe de visitar o site do podcast e apoiar quem o produz: www.spreaker.com

Autor

Zanmi Lanati🍀

Categoria

Society

Site do podcast

www.spreaker.com

Último episódio

5 de fev de 2025

Onde ouvir?

Podcasts no app Replaio Radio Em breve

Os podcasts estão chegando ao app. Instale agora e seja o primeiro a descobrir um jeito totalmente novo de curtir podcasts

Baixe no Google Play Instale grátis Android 5 mi+ downloads · nota 4,8 iOS em breve

Episódios

Episode 17- An nou pale koze tanbou. Kiyès yon Samba ye?( pati 2) 05.02.2025

Pami tout kalite mizik ak tip chantè ki sou teritwa Haytien an genyen youn ki te atire atansyon nou. Se Samba yo avèk rit vodou Haytien an. "Pou yon moun vinn Samba se yon don li ye. Tanbou se yon patrimwan materyèl ki espirityèl" Se te youn nan gwo eksplikasyon ke Dorvilus Bob ke yo plis rekonèt sou non Samba Bob te bay sou zafè maryaj yon Samba ak tanbou li. Ou renmen tande lè tanbou ap bat? Ou...

Episode 16 - An nou pale koze tanbou. Kiyès yon Samba ye? 05.02.2025

Pami tout kalite mizik ak tip chantè ki sou teritwa Haytien an genyen youn ki te atire atansyon nou. Se Samba yo avèk rit vodou Haytien an. "Pou yon moun vinn Samba se yon don li ye. Tanbou se yon patrimwan materyèl ki espirityèl" Se te youn nan gwo eksplikasyon ke Dorvilus Bob ke yo plis rekonèt sou non Samba Bob te bay sou zafè maryaj yon Samba ak tanbou li. Ou renmen tande lè tanbou ap bat? Ou...

Episode 15 - Se ou ki ap sèvi Espri a( Yon ti zanmi, yon ti pale ) 15.12.2024

Yon lòt fwa ankò mwen te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote nou te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete ou yon bon ekout.

Episode 14_ Se ou ki ap sèvi Espri a( Yon ti zanmi, yon ti pale) 15.12.2024

Yon lòt fwa ankò mwen te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote mwen te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete ou yon bon ekout.

Episode 13_ Se ou ki ap sèvi Espri a.( Yon ti zanmi, yon ti pale) 15.12.2024

Yon lòt fwa ankò nou te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote nou te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete nou yon bon ekout.

Episode 12_ Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale) 17.11.2024

"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik anndan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li Zanmi.

Episode 12_ Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale) 17.11.2024

"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik anndan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li Zanmi.

Episode 11_Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale) 17.11.2024

"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik andedan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li zanmi.

Episode 10_ Eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad sou zafè lasante Pati 3( Yon ti zanmi, Yon ti pale) 07.11.2024

Nan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan kou...

Episode 9_Eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad nan zafè lasante Pati 2 (Yon ti zanmi, yon ti pale) 07.11.2024

Nan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan kou...

Episode 8_ Eske medsin tradisyonèl ak medsin syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad nan zafè lasante? Pati 1( Yon ti zanmi, yon ti pal 07.11.2024

Nan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan kou...

Episode 8 - Nan gagè se kondisyon an ki bat kòk la Pati 2( Yon ti zanmi, yon ti pale) 07.11.2024

Nou te fè yon ti chita pale ak Wilson Louis (Houngan Yabofè) kote ke nou pale de gagè, pou nou fouye zo nan kalalou konnen kisa ke li ye tout bon. E nou menm arive gade enpak li kapab genyen sou ekonomi peyi an nan ki jan li kapab ba li yon bourad. Nou swete ou pran plezi koute ak aprann nan epizòd sa.

Episode 7_ Nan gagè se kondisyon an ki bat kòk la Pati 1( Yon ti zanmi, yon ti pale) 31.10.2024

Nou te fè yon ti chita pale ak Wilson Louis (Houngan Yabofè) kote ke nou pale de gagè, pou nou fouye zo nan kalalou konnen kisa ke li ye tout bon. E nou menm arive gade enpak li kapab genyen sou ekonomi peyi an nan ki jan li kapab ba li yon bourad. Nou swete ou pran plezi ak aprann nan epizòd sa.

Episode 6 - Mwen pa regrèt ke m te retounen nan Vodou( Yon ti zanmi, yon ti pale) 17.10.2024

Ou te pran plezi nan koute 1er pati a? Kote Inka Oumael Moshe te pase de moman kote li t'ap ini li plis a Vodou a moman kote jounen jodiya se reyalizasyon ak angajman li pran pou Vodou a. Mwen swete ou kontinye pran menm plezi sa nan koute epizòd sa.

Episode 5_ Laperèz te pranm,mwen te vinn rayi Vodou avèk Inka Oumael Moshe( Yon ti zanmi, yon ti pale) 10.10.2024

Fè eksperyans nan Vodou, ke ou te yon moun ki te deja ladan li oubyen yon moun ki apènn ap fè konesans ak li, renmen chaje ak istwa ki chaje leson ladan li. E souvan se toujou avèk yon plezi ki ap melanje ak seziman k'ap travèse w lè w'ap tande moun k'ap rakonte w eksperyans yo fè yo. Jean Michel Clermont ke w souvan ka tande sou non Inka Oumael Moshe se youn nan vodouyizan ki genyen anpil pou li...

Episode 4 - Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi suite 2( Yon ti zanmi, yon ti pale) 03.10.2024
Episode 4 - Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi( Yon ti zanmi, yon ti pale) 03.10.2024

Zanmitay se yon lyen sakre. Se sa anpil moun toujou renmen repete men nan menm koze sa se pa tankou tout moun te respekte oubyen egzikite mo sakre nan sans li ye a vre. Nan epizod sa mwen eseye pale de divès kalite zanmitay ki genyen sitou sou sa ke mwen viv pèsonèlman, sa ke moun nan lantouraj mwen viv tou.

Episode 3_ Eske gen mwayen pou yon moun chanje defo ou kalite ki lakay li? (Yon ti zanmi, Yon ti pale) 26.09.2024

Nou, gen pafwa, konn gen yon defo ou kalite lakay nou, nou anvi chanje. Bezwen chanjman sa konn soti sou divès rezon pami ladan yo swa poutèt ou santi li deranje oubyen moun ap pwofite de ou. Gen yon ensatisfasksyon kèlkonk. Nan epizod sa jodiya nou eseye wè etap oubyen eske li posib pou yon moun fè sa. E si wi kijan?

Episode 17 - Meditasyon ( Rete konekte ak mèt ou) 17.08.2024

Depi nou gen yon pwoblèm ki vini anfas nou ki twop pou nou nou renmen vire do bay mèt nou. Nou dwe toujou rete konekte ak mèt nou sitou si w se ougan oubyen manbo. Kelkeswa pwoblèm ki vinn anfas ou a se toujou kenbe pye Lwa ou la. Meditasyon sa se pou ou menm ki renmen vire do bay Bondjè w la lè w santiw pèdi nan pwoblèm ou yo.

Episode 16 - Meditasyon (Travay sou tèt ou) 17.08.2024

Mwen konnen ke depi lè nou leve yo toujou aprann nou pou nou fè bèl enpresyon deyò, kay moun, nan fèt elatriye. Tout sa se yon fason pou nou kapab eseye pa deranje moun ki bo kote nou yo ak moun n'ap fonksyone yo. Men se pa bagay la. Se pa sèlman fè sa deyò, e ou menm? Eske si gen bagay ou te tou genyen li nan ou menm eske w t'ap oblije se lè w deyò pou w'ap chache aji konsa?

Episode 15 - Meditasyon ( Kwè nan sa w'ap fè a) 17.08.2024

Ou menm ki jodiya gen yon bagay ke w'ap chache reyalize men ou gen feblès ou yo ki anpechew avanse? Meditasyon sa se pou ou. Feblès ou ak fason ou ye kapab bloke w nan sa w vle fè. Mwen swete ke apre w finn koute meditasyon sa ou pral reflechi sou nouvo fason ou pral mete sou pye pou w ka avanse.

Episode 14- Meditasyon (Relasyon nou ak Bondjè) 17.08.2024

Li toujou bon pou nou fè efò nan kontwole sa n'ap di, sa n'ap fè. Se poutèt sa nan meditasyon sa nou eseye pale de sa ak ou paske li kapab gen konsekans sou lavi w li te mèt jodiya oubyen demen.

Episode 13 - Meditasyon (Padone pou w ka grandi) 12.08.2024

Pafwa yon moun konn fè w yon bagay ki mal se yon fason pou w ka grandi. Se ou menm anko ki ap ka pèmèt evolisyon w fèt daprè fason ou reaji fas a sa moun nan fè w la.

Episode 2_ Yon ti zanmi, yon ti pale( Aksepte cheve natirèl mwen se pi bèl desizyon ke m te pran) 09.08.2024

Nan dezyèm epizòd sa jodiya nan ribrik on ti zanmi, yon ti pale mwen pataje ak nou eksperyans mwen avèk cheve natirèl mwen. Sitou an tan ke yon fanm nwa ki gen cheve grenn oubyen cheve krepi. Nou imajine deja tout dilèm mwen pase ak yo sitou depi nan anfans mwen avan mwen resi aksepte yo,aprann konnen yo, renmen yo jan yo ye a.

Episode 12 - Meditasyon( Viv ak vèditè parèy ou) 06.08.2024

Epizòd sa mwen pale de moun ki kenbe tout sa yon moun di li oubyen fè li e mwen konseye yo ke gen bagay yon moun fè w oubyen di w se pou w pa twò kenbe sa pou w pa kouri enkrimine moun nan twò rapid.

Ouça o podcast Zanmi Lanati podcast no Replaio

Rádio e podcasts em um só app - grátis e sem cadastro. Instale hoje e não perca o lançamento

Baixe no Google Play

O Replaio não é o publicador dos podcasts; os nomes dos programas, as capas e o áudio pertencem aos seus autores e são distribuídos por feeds RSS públicos