Yves-Marie & Stevens
Verite Sou Tanbou
Verite sou Tanbou - Aktyalite-Sosyete-Kilti. Verite sou tanbou se yon espas kote Yves-Marie ak Stevens brase lide sou sa yo li, sa yo wè, sa yo tande, sa yo aprann, toupatou. Atravè yon apwòch feminis, nou kritike fason sosyete a konstwi fi, gason ak lòt gwoup epi nou gade ki jan nou ta ka devlope pi bon rapò moun ak moun ann Ayiti. Objektif la se pou nou pale sou jennda, ekite, egalite, elatriye, nan yon anbyans rilaks kote respè ak bon jan enfòmasyon se sa ki prime.
Não deixe de visitar o site do podcast e apoiar quem o produz: podcasters.spotify.com
Autor
Yves-Marie & Stevens
Categoria
Site do podcast
Último episódio
17 de ago de 2023
Onde ouvir?
Podcasts no app Replaio Radio Em breveOs podcasts estão chegando ao app. Instale agora e seja o primeiro a descobrir um jeito totalmente novo de curtir podcasts
Episódios
Fanmi (epizòd final) 17.08.2023 1:09:47
Nan dènye epizòd sezon 1 an, nou konsantre nou sou fanmi. Nou gade fanmi sou plizyè kouti, alafwa nan sans restren li ak nan sans laj li.
Ekstrè 2 (S1E9)-final 17.08.2023 1:01
Èske sosyete a vle fi pot non mari yo pou montre yo "gen mèt"? Yves-Marie pataje yon anekdòt ak nou.
Ekstrè 1 (S1E9)-final 17.08.2023 1:58
Nan ekstrè sa ki soti nan dènye epizòd sezon 1 an ap genyen an, yon epizòd ki fokis sou fanmi, Stevens pale de ka timoun ki pote siyati manman yo ann Ayiti.
Maryaj (Envite: Donia Luc) 03.08.2023 1:19:55
Nan epizòd sa, nou resevwa Donia Luc (@zabokaluc sou TikTok) pou vin pale ak nou sou maryaj. Nou gade e kesyone sa maryaj reprezante ak enplike pou fanm ak gason. Nou kritike l kote pou n kritike l men nou rekonèt bon kote li tou.
Ekstrè 3 (S1E8)- Anpil moun marye pa ere vre 03.08.2023 0:48
Yves-Marie di anpil moun (anpil fi) pa ere vre nan maryaj...
Ekstrè 2 (S1E8)- 50-50 lan pa yon fòmil inivèsèl 03.08.2023 2:14
Donia ap esplike nyans ak limit ki genyen nan fòmil 50-50 lan anndan koup.
Ekstrè 1 (S1E8) -Maryaj, yon pwoteksyon? 03.08.2023 3:22
Donia ap esplike maryaj ann Ayiti petèt yon pwoteksyon pou fi vre parapò ak plasaj, men èske nou pa ta dwe batay pou fi jwenn pwoteksyon kèlkeswa tip inyon an?
Lanmou womantik 20.07.2023 1:48:15
Nan epizòd sa, nou eseye defini lanmou, dekòtike lanmou, di sa l ye ak sa l pa ye, gade jan l aji sou kò nou ak lespri nou, sou fanm ak gason, ak jan l manifeste an fonksyon sosyete ak kontèks w ap viv ladan an. Se yon epizòd nou prepare ak anpil lanmou ni pou moun ki kwè nan lanmou ni pou moun ki gen dout toujou.
Ekstrè (S1 E7)- Yves-Marie pa womantik men... 20.07.2023 3:37
Yves-Marie di poukisa e nan ki sans li pa konsidere tèt li kòm yon womantik
Ekstrè (S1 E7)-Stevens womantik 20.07.2023 1:15
Stevens revele li se yon womantik.
Ekstrè (S1 E7)- Timoun k ap defini lanmou 20.07.2023 2:12
Ti goute-Tande jan kèk timoun te defini lanmou!
Zanmi 06.07.2023 1:37:54
Yon epizòd sou zanmitay ak divès fason li manifeste.
Ekstrè (S1 E6) - Zanmitay, yon definisyon 06.07.2023 2:44
Men kijan Stevens ak Yves-Marie defini zanmitay. Sòti sou tip lanmoun philia ansyen Grèk yo te defini pase pran definisyon nan diksyonè rive sou diferan tip zanmitay.
Ekstrè (S1 E6) - Friendzone 06.07.2023 14:51
Kisa k friendzone lan? Poukisa nou lage moun nan friendzone? Èske moun sa yo zanmi nou vre?
Kominote M 24.06.2023 1:37:17
Nan epizòd sa, nou resevwa 2 envite, Gio Casimir ak Thara Layna Saint Hilaire, pou pale nou de sitiyasyon Kominote M nan ann Ayiti. Nou envite w suiv yo sou rezo sosyal. Anvan, nou diskite sou aktyalite popilè nasyonal ak entènasyonal, espesyalman dosye Frankétienne nan ak dosye soumaren ki t al chèche vizite epav Titanic lan. Nou pale tou de plizyè santèn refijye ki mouri nan lanmè e konpare atan...
Kominote M - Ekstrè 2 24.06.2023 4:42
Nan epizòd sa a, Thara Layna Saint-Hilaire pale nou de stereyotip ak lide tou fèt k ap sikile sou Kominote M lan. Thara raple nou omoseksyalite pa yon chwa.
Kominote M - Ekstrè 1 24.06.2023 2:19
Èske vodou enklizif? Èske se yon espas kote moun ki nan Kominote M la an sekirite? Koute repons Gio Casimir (fotograf; animatè pòdkas Bri Kouri).
Relasyon ouvè 08.06.2023 1:24:37
Si nou di w relasyon an V, èske w konn de kisa n ap pale? Nan épizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie resevwa premye envite spesyal (Max Raymond Junior) pòdkas la pou kontinye konvèsasyon sou relasyon ki pa monogam yo. Soti sou diferan fòm relasyon sa yo ka pran rive sou kijan sosyete nou an wè stil relasyon sa yo, Max Raymond Junior fè yon bèl rale sou relasyon sa yo. Èske n konnen Yves-Marie se fanat...
Ekstrè (S1 E4) - Relasyon ouvè ak relijyon 08.06.2023 3:43
Nan epizòd sila a, nou mande envite spesyal nou an kijan l panse relijyon ap wè koze relasyon ouvè a nan peyi dAyiti. Nou tèlman renmen repons li ban nou an... :)
Enfidelite 25.05.2023 1:48:34
Kisa ki enfidelite nan kad relasyon womantik yo? Èske relasyon ouvè se yon solisyon pou kwape enfidelite? Nan epizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie ap brase lide sou konsekans enfidelite konn genyen, sou de pwa de mezi sosyete nou an genyen pou enfidelite fanm ak enfidelite gason, sou sa ki enfidelite pou yo. Rekòmandasyon semèn lan: pòdkas Elles sont ; pòdkas Multiamory .
Entwodiksyon 24.05.2023 0:25
Yon pòdkas kote Stevens ak Yves-Marie ap pale de kontni ki gen rapò ak kesyon "genre" yo li, wè oswa tande sou medyasosyo yo.
Vyolans 12.05.2023 1:33:33
Nan epizòd sa, nou reflechi sou vyolans, espesyalman ak yon linèt jennda. Nou kòmante aktyalite a, epi analize kèk zèv mizikal ak sinema epi kite pou ou kèk sijesyon kontni nan fen an. Epizòd sa pa t fasil, men nou te pran anpil plezi prepare l. Nou espere w ap renmen l. Men referans kèk nan sijesyon kontni nou fè nan fen an. Nou ankouraje w dekouvri e suiv Gaelle Bien-Aimé, yon feminis ayisyèn ki...
Gason 27.04.2023 1:19:35
Ki jan yo defini gason? Nan premye epizòd Verite Sou Tanbou a, Yves-Marie ak Stevens dekòtike kesyon sa pou ou. Nan epizòd sa, nou tou pwofite manyen kèk lòt dosye pate cho ki t ap fè aktyalite... Nan fen epizòd la nou site kèk referans ak rekòmandasyon: 1)Yves-Marie: TikTok (anglè): @DonnellWrites Liv: Le génocide voilé (Tidiane N'Diaye) 2) Stevens: Podcast: Les couilles sur la table Liv: Reg...
Podcasts parecidos
O Replaio não é o publicador dos podcasts; os nomes dos programas, as capas e o áudio pertencem aos seus autores e são distribuídos por feeds RSS públicos