Sikkrem

Sòkòy

Society FR ↓ 40 episódios

Sòkòy se yon podcast kote nou lakay nou: nou lib pou n pale sou sijè Nou vle, pou n di sa nou panse, rakonte istwa n san laperèz. Paske eksperyans ou, sa ou panse ka ede yon lòt k ap tande w! Kidonk fò n pa pè pale!

Não deixe de visitar o site do podcast e apoiar quem o produz: podcasters.spotify.com

Autor

Sikkrem

Categoria

Society

Site do podcast

podcasters.spotify.com

Último episódio

4 de out de 2024

Onde ouvir?

Podcasts no app Replaio Radio Em breve

Os podcasts estão chegando ao app. Instale agora e seja o primeiro a descobrir um jeito totalmente novo de curtir podcasts

Baixe no Google Play Instale grátis Android 5 mi+ downloads · nota 4,8 iOS em breve

Episódios

Ep 14: Kèk verite sou manti ak Simy Lynn(e)-Flore 20.09.2020

Nan epizòd sila Lynne te di Za kòman li wè manti, èske li panse gen yon ekilib ant manti ak verite, ke gen bon manti, èske l panse ke yon moun dwe toujou di laverite. Lynne te fè yon ti pale ak nou tou sou kisa li panse yon moun dwe fè lè l aprann yon koze li konnen ki ka blese yon lòt , sou kòman li wè rezo sosyo yo ak zafè envante lavi a e li te bay kèk konsèy pou moun ki renmen bay manti, moun...

Ep 13: Balade Photographique ak Ryjnov Rémy. 23.08.2020

Jounen 19 dawout se jounen mondyal fotografi. Pou make jounen sila, Za te fè yon chita pale ak Ryjnov Rémy ki se yon jèn fotograf nan vil Okap pou pale de kèk bagay ki gen rapò ak fotografi. Tankou kisa fotografi ye, kilè yon foto bon, kisa ki esansyèl pou ka gen yon foto... Yo te fè yon pale tou sou "droit d'image" , èske paske yon moun voye foto l pou ou ou gen dwa fè sa w vle avè l? Ryjnov te p...

Ep 12: Seliba ak R. Carolinose Mompremier 16.08.2020

Nan epizòd sila Carolinose te di nou kòman li wè ak viv seliba l, rezon ki fè l selibatè, rezon li panse ki fè yon moun gen menaj, elatriye. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl moun konn di sou seliba ki deranje l, pataje sa l panse sou kèk ekspresyon tankou moun gen menaj lè w pare pou marye, depi w selibatè ou mèt kòmanse jape... Li te bay kèk konsèy tou pou moun ki apèn selibatè, moun ki pè rete...

Ep 11: Èske w ka gen crush sou zanmi menaj ou? Ak Laïka, Rey, Élie, Ryjnov, Djédly. 07.08.2020

Nan epizòd sila, n ap tande kisa Jean-Élie, Ryjnov, Djédly ak Jean-Reynald panse de "Crush" . Apre sa Laïka te f'on pale ak Za de kòman li panse ou ka konnen si w crush yon moun, kòman pou w fè konnen kilè pou w shoot shot ou ak kòman ou ka fè sa. Medam yo te pale tou de si w ka gen crush sou menaj zanmi w, zanmi menaj ou, pwofesè w elatriye...

Ep 10: On ti pale sou crush ak Za 31.07.2020

Nan epizòd sila Za te pale ak nou de kisa yon crush ye, èske l panse li se yon move bagay, èske li enpòtan ki enpòtans li, li te pataje ak nou tou 10 siy ki ka fè w konnen si w gen crush sou yon moun.

Ep 09: Kisa w panse de fi ki fè premye pa a? Ak Stécie, Maria, Darlendie. 25.07.2020

Nan epizòd sila Za te f'on chita pale ak Stécie, Maria epi Darlendie de kisa yo panse de medam ki fè premye pa nan zafè koze ak gason; yo te di nou tou kisa ki atire yo lakay gason, kòman yo panse yon fi ka "shoot shot" li. Yo te pwofite bay kèk konsèy pou medam ki anvi fè premye pa men yo pè echwe oubyen pè sa moun pral di...

Ep 08: Yon ti koze sou maladi "asthme" ak Chérubin Danphise Ornella 18.07.2020

Nan epizòd sila Za te pale ak Danphise de kisa maladi "asthme" nan ye, de istwa l avè l, li te bay kèk konsèy tou pou moun ki gen asmatik nan pwòch yo e ta renmen konnen kisa yo ka fè pou ede yo ak kèk lòt bagay ankò.

Ep 07: Bilan yon lane apre 13 lane etid klasik ak Maria Friger DOLCINÉ. 10.07.2020

Nan epizòd sila Za te f'on chita pale ak Maria ki gen yon lane depi l fini ak etid klasik li de kòman ane sa te ye pou li, leson li tire ladan l. Maria te pataje avèk nou eksperyans li nan prefac, eksperyans li lwen manman l ke l pwòch anpil nan yon lòt vil apre nan yon lòt peyi, li di nou kòman ane filo a te ye pou li ak kèk lòt bagay ankò.

Epizòd 6: Ann pale de enfidelite ak Stécie Guerrier. 03.07.2020

Nan epizòd sila, Za te envite Stécie Guerrier vin f'on pale akey de enfidelite. Stécie te di l kisa enfidelite ye pou li, kilè li panse ke yon moun enfidèl, kisa li konsidere kòm zak enfidelite, kòman li panse yon moun ka konnen si yap twonpe l epi pataje kèk konsèy tou pou moun y ap twonpe ak moun ki ap twonpe yon lòt.

Epizòd 5: On ti chita pale sou eskiz. 25.04.2020

Nan senkyèm epizòd la, nou pral de eskiz. Gen plizyè mòd eskiz men nap fokis sou 2 ki se eskiz(pretèks) nou bay tèt nou pou nou pa fè yon bagay epi eskiz nan Sans mande padon an. Nou pral wè kisa ki konn fè nou pa sispann sere dèyè eskiz poun pa fè yon bagay , kòman nou ka jere sa. Epi poukisa nou dwe eskize n lè n blese yon moun e n regrèt sa epi kòman nou ka fè sa.

Epizòd 4 : Kòman ak poukisa pou padone tèt ou ak pwochen w? 18.04.2020

Nan epizòd sila nou te pale de kisa padon ye ak kisa li pa ye daprè fason kèk moun konprann li. De poukisa li enpòtan pou padone tèt ou ak pwochen w menmsi sa ka difisil anpil. De kòman ou ka fè sa., elatriye...

Epizòd 3: Nou menm ak rezo sosyo yo 09.04.2020

Nan epizòd sila, nou pral pale de kisa yon rezo sosyo ye, de kèk nan rezo sosyo nou plis itilize nan moman an(WP, FB, IG...), de afiche w lè w "en couple" , de fason rezo sosyo yo enfliyanse nou, enpak ak konsekans yo genyen sou nou menm ak lavi nou.

Epizòd 2: Enpòtans ak enpak mo w ap itilize genyen sou ou menm ak lòt moun. 30.03.2020

Nan epizòd sila Za tap pale de koman l panse li enpòtan pou n pa minimize enpak mo Nou genyen sou nou menm ak pwòch nou. Li te pataje kèk eksperyans kèk moun te pataje akey; di sa l panse de 2 pwovèb , elatriye.

Epizòd 1: On chita pale ak Mozart R. LOUIS 20.03.2020

Nan jounen ki te dimanch 1 desanm 2019 la, Mozart R. Louis, pitit gason manmi Da a, pitit vil Okap te fon chita pale nan Sòkòy kote l tap pale de lanmou l pou vil la ak fotografi, de kèk evènman ki make lavi l, de yonn nan pwovèb kreyòl li renmen yo , de leson li te tire nan lane 2019 ak kèk lòt bagay ankò.

Prezantasyon Sòkòy 01.03.2020

Kisa Sòkòy ye? De kisa map pale ladanl? Chak kilè ap gen yon epizòd disponib?

Ouça o podcast Sòkòy no Replaio

Rádio e podcasts em um só app - grátis e sem cadastro. Instale hoje e não perca o lançamento

Baixe no Google Play

O Replaio não é o publicador dos podcasts; os nomes dos programas, as capas e o áudio pertencem aos seus autores e são distribuídos por feeds RSS públicos