fr

Sikkrem

Sòkòy

Sòkòy se yon podcast kote nou lakay nou: nou lib pou n pale sou sijè Nou vle, pou n di sa nou panse, rakonte istwa n san laperèz. Paske eksperyans ou, sa ou panse ka ede yon lòt k ap tande w! Kidonk fò n pa pè pale!

N'hésitez pas à visiter le site du podcast et à soutenir son créateur : podcasters.spotify.com

Auteur

Sikkrem

Catégorie

Society

Site du podcast

podcasters.spotify.com

Dernier épisode

4 oct. 2026

Où écouter ?

Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponible

Les podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts

Télécharger sur Google Play Installe-la gratuitement Android près de 10 M de téléchargements · note de 4,8 iOS bientôt

Épisodes

Resipwosite 🔁 04.10.2026

Kisa w panse de resipwosite ?

A laj ou ki sa w fè deja? 👀 26.09.2026

Yon ti pale sou presyon nou menm ak pwòch nou bay tèt nou, toutotan n ap pi gran sitou lè yon nouvo laj fenk antre…

Estrès anvan jou anivèsè🙃 14.09.2026

Kòman w santi w anvan jou anivèsè w? Èske se yon jou ou bay anpil enpòtans vre? Ki lè w konsidere ou byen pase jou sa?

Nou retounen ?! 😅 12.09.2026

Alexa, jwe Retounen - King Posse 😉😂

Istwa a fini: kite l ale🍃 04.10.2024

Se pa paske istwa a bèl ki vle di l pa dwe janm fini!

Istwa a fini : Fèmen chapit la 30.03.2024

Yon nouvo epizòd insomnie kote Za ap pale nou kòman l panse ou ka byen fèmen chapit la , lè istwa a fini.

Ep 34 : Fouye telefòn ak Venel , Baruch, Za 29.11.2023

Kisa ou panse de fouye telefòn lòt nan relasyon koup? Èske w ap dakò pataje whatsapp ou ak menaj ?

Ep 33 : Zanmitay fi ak gason , Freud, Benjamin, Myrla , Dzz, Laïka 06.10.2023

Nan epizòd sila Freud , Benjamin, Myrla, Dzz ak Laïka te chita pale sou zanmitay ant fi ak gason , èske yo panse l posib san okenn tansyon seksyèl pa devlope ant moun yo, èske yo panse l posib pou yon fi ak yon gason zanmi san plis…

Istwa a fini. Se fòt kiyès? 29.06.2023

Istwa a fini. Se fòt kiyès?

Istwa a te bèl🫂 26.06.2023

Si sa rive w deja pou w santi ke moun gen dat ekspirasyon nan lavi w, ke w ap pèdi moun ou te renmen ak viv bèl bagay ak yo, epizòd sa se pou ou.

Èske se pi bon fason ou ka di sa? 19.06.2023

Èske fason ou di l sa w ap di a se pi bon fason ou ka di l?

Ep 32: Chita pale ak Grevdaly Colas sou atizay nan lavi l 15.04.2023

Nan epizòd sila Grevdaly Colas te pale de kòman eksperyans Fashion Naval la te ye pou li, kòman li defini atizay. Li te di nou èske l panse l posib pou yon moun viv de atizay Ayiti, kòman pwosesis kreyasyon l ye, kòman li viv peryòd kriz yo…

Ep 31: Kilè yon moun masisi , madivin? Envite: Jean-Michael Mémé 24.03.2023

Kisa yon oryantasyon seksyèl ye? Èske li se yon chwa? Kisa LGBTI vle di? Kilè yon moun masisi / madivin? Èske se jis on faz? Èske masisi ka benyen nan lanmè? Kisa lalwa peyi Dayiti di sou masisi ak madivin? Se kesyon sa yo ak anpil lòt ankò ke Jean-Michael Mémé reponn nan chita pale ke l te fè ak Za nan epizòd sila.

Ep 30: Enpak rezo sosyo gen sou idantite ak pèsonalite , Mozart, Carlooloo, Thierry 03.03.2023

Nan epizòd sa, Carlooloo , Mozart ak Thierry te pale nou de eksperyans yo sou rezo sosyo, kòman yo itilize l nan kad travay yo , de kòman yo santi rezo sosyo gen enpak sou lavi yo fason yo santi yo.

Ep 29: Tcheke sou zanmi w ak Mozart, Laïka, Pouchenie 22.01.2023

Kilè yon moun zanmi w? Kilè w zanmi yon moun? Èske zanmi w ka fè w tout bagay? Èske l fasil pou pale de sante mantal ou ak zanmi w? Èske w konn pran tan tcheke sou zanmi w, chak Kilè ou fè sa? Nan epizòd sila Mozart, Laïka ak Pouchenie te pale sou zanmitay yo te pote repons yo a kesyon anvan yo e kèk lòt ankò.

Ep 28: Chita pale sou pwokrastinasyon ak Pouchenie Blanc 13.01.2023

Kisa pwokrastinasyon ye? Èske tout moun pwokrastine? Èske l se yon maladi? Ki teknik ou ka itilize pou ede w ak pwokrastinasyon? Nan epizòd Pouchenie ap ede n jwenn repons a kesyon sa yo ak kèk lòt ankò.

Ep 27: Ti koze sou nudes ak Wengel, Luc 11.12.2022

Griyen l oubyen pa griyen l? Griyen kisa? Poukisa? Nan yon chita pale Luc ak Wengel te fè ak Za, yo te di l sa yo panse de nudes, si yo panse l enpòtan, kòman pou yon nude byen fèt ak anpil lòt bagay ankò.

Ep 26: Eske w ka tolere tout bagay? 02.12.2022

Nan epizòd sila Ryjnov ak Steeve te di nou kisa tolerans ye pou ou, èske yo panse nou ka oubyen ta dwe tolere tout bagay. Yo te fè yon bon pale sou tèm nan ak di tou poukisa yo panse tolerans enpòtan

Ep 25: Ti koze sou relasyon seksyel (pati 3) ak Luc, Jenny-Flore , Ryjnov 25.11.2022

Nan epizòd sila anpil koze pale.

Ep 24: Kilè yon moun dous? Envite: Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov. 17.11.2022

Nan epizòd sila Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov te di sa yo panse de itilizasyon kapòt nan relasyon seksyèl, de depistaj pou MST ak IST. Yo te pataje lide yo sou kèk pratik seksyèl tankou sèks oral, di kilè yo panse ou ka di yon moun dous, ak anpil lòt bagay ankò.

Ep 23: Lekti ak analiz sou tèks “ma première fois” ak Reynald 11.11.2022

Reynald te pale nou de tèks “ma première fois” li ekri kote li t ap pale de premye relaksyon seksyèl li, de kòman li te viv eksperyans la, ak kèk lòt bagay tankou: enpòtans li panse edikasyon seksyèl genyen, de kèk mit li te konn tande sou premye fwa, elt.

Ep 22: Ti koze sou relasyon seksyèl ak Rey, Shelcy, Ryjnov 03.11.2022

Nan epizòd sila Za fè yon Chita pale ak Rey, Shelcie epi Ryjnov ki t ap pale de premye eksperyans seksyèl yo, enpòtans edikasyon seksyèl gen , kisa yo panse de vijinite , kisa yo panse ki enpòtan pou relasyon seksyel byen pase ak anpil lòt bagay ankò.

Ep 21: Pawòl moun pa diminye valè w. Envite : Samara 19.02.2021

Anpil fwa nou di mo yo san nou pa panse a dega oubyen kontantman yo ka pote lakay yon moun. Samara ki se yon jèn fi ki gwo depi l piti te pataje ak nou eksperyans li fè ak gwosè l pandan l t ap grandi, asèlman li te konn resevwa lè l te lekòl poutèt aparans fizik li. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl blesan moun li rankontre nan lari konn di l. Men sitou li te di n kòman l te vin fè pou renmen tèt...

Ep 20: Yon ti pale sou Sen Valanten ak DC's 13.02.2021

Nan epizòd sila DC's te pale nou de kisa l panse de Sen Valanten, de kòman l wè yo selebre l nan peyi l, kòman li menm li konn selebre l, kòman li defini èske l panse yo ka pwouve lanmou... Ak anpil lòt bagay ankò.

Ep 19: Nou menm ak angajman nan kominote nou, Nolexta Sumaya Castel. 17.01.2021

Nan epizòd sila Nolexta yon etidyan nan "Droit" Uniq te pale nou de kòman nou ka fè pou ede nan zòn kote n ap viv, de enpòtans chak ti aksyon nou fè ka genyen sou nou ak moun k ap gade nou; li te di nou tou kòman li wè ak konprann angajman, pataje kèk eksperyans li te fè nan domèn nan ak nou...

Écoute le podcast Sòkòy sur Replaio

La radio et les podcasts dans une seule appli - gratuite, sans inscription. Installe-la dès aujourd'hui et ne rate pas le lancement

Télécharger sur Google Play

Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics