AyiboPost

Chita pale ak AyiboPost

News FR ↓ 30 episódios

Diskisyon sou Ayiti ak Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost

Não deixe de visitar o site do podcast e apoiar quem o produz: ayibopost.com

Autor

AyiboPost

Categoria

News

Site do podcast

ayibopost.com

Último episódio

1 de abr de 2025

Onde ouvir?

Podcasts no app Replaio Radio Em breve

Os podcasts estão chegando ao app. Instale agora e seja o primeiro a descobrir um jeito totalmente novo de curtir podcasts

Baixe no Google Play Instale grátis Android 5 mi+ downloads · nota 4,8 iOS em breve

Episódios

Trump chanje politik imigrasyon Etazini, men ki kategori imigran ki an danje 01.04.2025

Avèk nouvo administrasyon Trump lan, ki kategori moun Ozetazini ki vrèman afekte pa chanjman politik imigrasyon an? Mèt Eddy Laguerre pote limyè sou sijè a nan ChitaPale tou nèf sa a. Pa rate enfòmasyon esansyèl sa yo. Ann koute!

Patrimwàn dokimantè Ayiti a menase | Achivis Patrick Tardieu 13.02.2025

Nan mitan ensekirite ak katastwòf natirèl, li enpòtan pou n pale de patrimwàn dokimantè Ayiti a. Paske, jesyon dokiman sansib anpil pou memwa yon peyi ! Achivis Patrick Tardieu pote enfòmasyon nesesè nan emisyon #ChitaPale sa a, ann koute !

Men kisa MSF swete Lapolis ak popilasyon an konprann 20.01.2025

Medsen San Fwontyè bay esplikasyon sou rezon ki fè yo te deside kanpe tout aktivite yo. Alatèt misyon MSF la, Diana Arroyo ak Nathalie Bernard pataje detay enpòtan sou yon seri ensidan grav estaf MSF lan sibi dènye ane sa yo. Ann koute nan dènye emisyon #ChitaPale sa a.

Ayisyen ki vle rete legal Etazini, men kèk konsèy pratik 27.11.2024

Ki Konsekans yon prezidans Trump ka genyen sou dyaspora Ayisyèn nan ? Mèt Eddy Laguerre, yon avoka k ap pratike nan Eta Florid ap bay plis detay nan emisyon espesyal ChitaPale sa a. L ap bay konsèy legal pratik pou Ayisyen k ap chèche konnen kisa pou yo fè si yo gen TPS, oubyen yo te pati nan pwogram Biden nan.

Esplikasyon Michèle Oriol sou pwoblèm amenajman teritwa an Ayiti 21.10.2024

« Petyonvil pa yon vil kolonyal, se nou ki fè l », se pawòl Michèle Oriol, ansyen sekretè egzekitif CIAT k ap analize sa ki lakòz vil Pòtoprens ak lòt vil nan peyi a nan eta yo ye jodi a. Ann koute sosyològ la nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.

Men kijan lopital LA PAIX rive fonksyone - Dr. Paul Junior Fontilus 20.10.2024

Doktè Paul Junior Fontilus ap esplike kalite difikilte li menm ak tout ekip li rive rankontre nan lopital LA PAIX, men yo rive fonksyone kanmèm. Ann koute doktè Fontilus nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.

Pozisyon Jerry Tardieu sou dènye desizyon politik yo an Ayiti 17.06.2024

«Ayiti se yon peyi ki ajenou, sosyete nou an efondre», daprè Jerry Tardieu, ansyen Depite Petyonvil, k ap analize reyalite politik Ayiti nan moman an. Konsèy prezidansyèl, premye minis, ensekirite, eleksyon... se pami gran pwen k ap abòde nan emisyon Chita Pale sa.

«Ayiti rann yon bagay ki te enposib posib» - Jean Waddimir Gustinvil 17.06.2024

«Ayiti kreye yon mond san esklav, li rann yon bagay ki te enposib posib», daprè pwofesè Jean Waddimir Gustinvil. Nan emisyon Chita Pale sa a, Doktè nan Filozofi a ap analize kòman yon peyi ki fè 1804 rive nan kafou li ye jodi a.

AYITI : «Nou nan prizon», daprè Monique Clesca 08.04.2024

«Nou nan prizon» an Ayiti, daprè ekrivèn Monique Clesca. Antanke manb Biwo suivi Akò Montana, li Chita Pale ak AyiboPost sou reyalite sosyo-politik peyi a.

Jacky Lumarque : tout detay sou enpak kriz peyi a sou Inivèsite Kiskeya 27.02.2024

Jacky Lumarque, rektè Inivèsite Kiskeya, chita pale ak AyiboPost pou bay limyè sou enpak kriz peyi a gen sou inivèsite a, ki pran anpil frap dènye ane sa yo. Koz yo anpil. Li bay anpil detay. An n tande l nan emisyon chita pale espesyal sa a.

La rédaction d’AyiboPost échange avec l’Ambassadeur de l’UE, Stefano Gatto 27.12.2023

L'ambassadeur de l'Union Européenne s'est prononcé sur la question des élections et de la migration en Haïti. Dans ses échanges avec la rédaction d'AyiboPost, il a également abordé la coopération de l'UE avec le gouvernement haïtien ainsi que les violences faites aux femmes.

Ariel Henry, Caricom, Eleksyon...: men detay sou sa k ap pase yo 28.11.2023

Pòt pawòl akò Montana a, Jacques Ted Saint-Dic, devwale pou AyiboPost reyalite k ap pase dèyè rido politik peyi a. Li pwofite pote limyè sou akò Montana a, diskisyon ak Caricom, pozisyon Ariel Henry nan kriz peyi a, dosye eleksyon... Yon Chita Pale espesyal ou dwe gade.

Le combat de "Médecins Sans Frontières" pour sauver des vies en Haïti 18.10.2023

Dans cet épisode de "Chita Pale", AyiboPost a reçu le Dr. Jean-Marc Biquet, chef de mission de MSF Belgique en Haïti, ainsi que le Dr. Néri Georges, médecin urgentiste chez MSF. Ils ont échangé sur la mission de MSF en Haïti, les initiatives de l'organisation dans le pays, et ont abordé la situation d'insécurité qui entrave principalement les activités de l'organisation surto...

Kamoken sou Divalye an 1964 : kiyès yo te ye 22.09.2023

Kamoken se non yo bay yon gwoup moun ki t ap batay kont rejim Divalye a. Sineyas Rachèle Magloire ap eksplike orijin Kamoken yo ak istwa gwoup sa ki te debake nan Sidès peyi a pou tante jete rejim Divalye an 1964. Se malerezman yon istwa anpil ayisyen prèske fin bliye. Nou envite w suiv Chita Pale sa pou dekouvri sa k te pase pandan evenman sa.

Konprann ensekirite alimantè ann Ayiti 13.05.2023

Sa a se twazyèm Chita Pale AyiboPost pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, Agwonòm Harmel Cazeau, ki se kowòdonatè CNSA, ap ede n konprann fenomèn Ensekirite alimantè k ap ravaje jounen jodi a. ► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou pibliye sou tematik sa a.

Dr Edelyn Dorismond : yon koudèy filozofik sou vyolans jeneral ann Ayiti 21.04.2023

Ki wòl lapolis, gang yo ak gouvènman an plas la jwe nan tabli vyolans ann Ayiti ? Doktè nan filozofi, Edelyn Dorismond reponn kesyon sa a, ak anpil lòt nan Chita Pale sa a :

Men kijan pou Ayiti bay tèt li manje ─ Dr. Gaël Pressoir 31.03.2023

Ayiti gen resous ak mwayen pou rezoud pwoblèm manje ak pwodiksyon l ap fè fas jodi a. Gen anpil desizyon ki dwe pran pou sa. Dr. Gaël Pressoir, ki se Dwayen Fakilte agwonomi ak anviwònman nan Inivèsite Kiskeya (UNIQ) ap ede n konprann sa k ap pase.

Prezidan ak minis akò Montana nan Chita Pale 26.02.2022

Ensekirite, salè minimòm, negosyasyon ak Ariel Henry... Steven Benoit ak Fritz Jean ki eli nan kad akò Montana a se envite premye epizòd dezyèm sezon Chita Pale ak AyiboPost

Chita Pale ak Me Samuel Madistin, FJKL 30.04.2021

Chita Pale ak FJKL Michel-Ange Gédéon Referandòm

Poukisa Dave Fils Aimé, ansyen etidyan Harvard, vin travay Matisan ? 26.04.2021

Dave Fils Aimé kite Ayiti a 12 zan ak yon viza touris. Ozetazini, li rive etidye san papye nan Yale ak Harvard, ki se 2 nan pi gwo inivèsite peyi sa a. Jodiya, Fils Aimé tounen Matisan pou l vin ankadre jenn nan katye popilè kote l te leve. Òganizasyon li, Baskètbòl pou ankadre lajenès ki lanse an 2013 gen 120 jenn ladan

Chita pale ak Marie Rosy Kesner Auguste, responsab pwogram RNDDH 15.04.2021

Diskisyon sou dwa moun an Ayiti

Chita pale ak James Beltis, Nou p ap dòmi 11.04.2021

Ki pozisyon Nou P ap Dòmi sou kriz la ? Poukisa yo te deside temwanye sou kriz la nan kongrè ameriken an ? Eske se pou fè divèsyon lapolis te fè operasyon Vilaj de Dye a ? N ap diskite ak aktivis James Beltis

Pawòl nou refize di sou ensekirite an Ayiti avèk sosyològ Roberson Édouard 07.04.2021

N ap envite w tande diskisyon sou fenomèn ensekite a nou fè ak Roberson Edouard ki se yon doktè an Sosyoloji...  Sosyològ la ap eksplike anpil bagay nou refize di sou ensekrite an Ayiti. Dapre li, ensekirite a kòmanse ak gwo potanta nan Leta ki refize soumèt yo a lalwa

Chita pale Sharma Aurélien, direkris egzekitif SOFA 07.04.2021

Anpil òganizasyon feminis ap manifeste samdi 3 avril sa. Poukisa yo chwazi dat sa a? Kijan ensekirite ak kidnapin afekte fanm yo? Solidarite fanm Ayisyen rantre nan yon batay avek Andy Apaid pou yon teren Savann Dyann. Kisa dosye sa ye e nan ki etap li ye ? Jwenn repons ak kesyon sa yo nan Chita pale ak Sharma Aurélien, direkris egzekitif SOFA

Chita pale ak Dr. Réginald Boulos 07.04.2021

Chita pale ak Dr. Réginald Boulos

Ouça o podcast Chita pale ak AyiboPost no Replaio

Rádio e podcasts em um só app - grátis e sem cadastro. Instale hoje e não perca o lançamento

Baixe no Google Play

O Replaio não é o publicador dos podcasts; os nomes dos programas, as capas e o áudio pertencem aos seus autores e são distribuídos por feeds RSS públicos