Tchilaks Podcast

Tchilaks

News FR ↓ 108 episodes

Pa gen sekrè nan fè podcast: 51% pale seryeu 49% pale kleukleu Epi, Tchilaks!

Author

Tchilaks Podcast

Category

News

Podcast website

tchilaks.com

Latest episode

Nov 23, 2025

Where to listen?

Podcasts in the app Replaio Radio Coming soon

Podcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts

Get it on Google Play Install for free Android 5M+ downloads · 4.8 rating iOS soon

Episodes

Fashion (avèk FERINA) 17.03.2024

Epizòd 32 a te chita sou yon tèm ke nou tout familye avèk li ki se: FASHION. Nan epizòd sa, Tchilaks te akeyi Sebastien ki se yon jèn ki pasyone de fashion e ki gen rèv pou li kite anprent li nan sektè sila a. Li pataje depi kilè li atire pa fashion, kisa ki enfliyanse li ak tout projè li genyen ki pase deja ak sila ki gen pou vini yo. Enjoy epizòd la kòm dabitid epi pa bliye tcheke travay Sebasti...

First date (premye randevou) 10.03.2024

Nan fè jouda sou rezo yo semèn sa, Lhee tonbe sou yon ti rechèch ki di anpil gason kap viv nan zòn Boston jije ke depi yo mennen yon Lady soti yo atann yo ke fi a pral oubyen ta dwe kouche avèk yo. Rechèch sa pouse timesye Tchilaks yo gade zafè ki rele “first date “ la nan kilti pa nou an. Pandan yap pale de pwòp eksperyans yo, yap analize atant yon gason genyen lè li mennen yon fi soti pou premye...

Gwòg (avèk LEX) 03.03.2024

Nan kilti nou yo itilize tèm « GWÒG » la nan 2 konotasyon diferan. Youn pou dezinye bwason ki gen gwo to alkòl epi lòt la pou dezinye lè ou bwè twòp. Nan epizòd sa, Johalex, Lhee ak LEX pataje gwòg prefere yo men SITOU pi gwo moman nan lavi yo kote yo te GWÒG. Enjoy epi sonje pou ou TOUJOU bwè GWÒG ou ak moderasyon paske se mèt kò ki veye kò!

T.M.P.F (Tou Manti Pa Fon) 26.02.2024

Epizòd 29 la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou yon sitiyasyon kote yon gason tap bay madanm li yon pil ak yon pakèt manti initil. Sitiyasyon sila a tap fè ravaj sou tiktòk. Li se yon istwa ki enteresan lè nou ap eseye konprann rezon ki te motive misye envante E bay manti sa yo, men tou jan dam lan rakonte istwa a jwe yon gwo wòl nan bote istwa a. Enjoy reyaksyon ak opinyon ti mesye y...

Enpòtans SÈKS nan relasyon (avèk LEX) 18.02.2024

Moun fè sèks pou anpil rezon. Youn nan rezon sa yo e petèt sa ki pi enpòtan an: se LANMOU. An efè, sèks se iltim fason 2 moun konn manifeste lanmou yo men entèpretasyon sèks varye de yon moun a yon lòt. Gen pou de moun li se yon senp zak fizik, genyen ki trouve li trè sakre. Sèl bagay ki evidan se ke pi fò moun dakò ke li bon anpil. Lè nap gade relasyon ant de moun, kijan nou ka mezire enpòtans sè...

Bòlèt (avèk Papi Constant) 11.02.2024

Bolèt gen yon plas enpòtan nan kilti ayisyèn nan. Menm si bolèt la an swa se jis yon jwèt aza; lòt aspè ki antoure li yo, jan ayisyen konprann li a ka ede yon moun dekòtike kilti nou an fen e byen. Nou menm ayisyen nou konekte bolèt ak anpil bagay e pou nou li pa yon senp jwèt aza. Nan epizòd 27 la, nou ap pale de tout bagay ki antoure bolèt la ak yon envite espesyal ki se Papi Constant. Li leve j...

Biznis DIJITAL (avèk Jerry) 04.02.2024

Devlopman entènèt nan dènye ane yo kreye anpil opòtinite ak avantaj pou biznis men anpil aspè rete flou sou transfòmasyon digital yon biznis e kijan pou optimize’l. Nan epizòd 26 la, Jerry Louis-Jeune ki se yon ekspè nan domèn digital la ap ede nou konprann kisa ki vrè definisyon biznis dijital, kisa li mande pou mete youn sou pye e kijan ou ka fèl ede mete biznis la sou chimen siksè. Kesyon sa yo...

Dosye lapolis 28.01.2024

Job lapolis nan tout peyi se proteje ak sèvi, men souvan, rankont avèk lapolis pa konn fini byen. Nan dènye ane sa yo, altèkasyon oubyen fatalite ki konn soti nan rankont avèk lapolis toujou okipe yon plas enpòtan nan nouvèl. Nan epizòd jodia te timesyeu yo pral rakonte tout eksperyans ke yo fè avèk lapolis jiska jounen jodia. Epizòd la ap yon jan spesyal paske se istwa pèsonèl yo kote ke yo te ka...

Fè MIZIK (avèk Guerby) 21.01.2024

« Fè MIZIK » ka ilistre yon moun ki ap tande mizik, yon moun ki ap jwe yon enstriman oubyen ap chante; anpil fwa nou pa mete moun ki ap ekri tèks mizik yo nan lis la. Nan epizòd 24 la, Tchilaks podcast te gen lonè akeyi Guerby ki se yon jèn talan ki, pou kounya, plis fokis sou produi mizik, ekri bèl tèks ak melodi. Li te pase tchilaks avèk ti mesyeu yo epi yo te tou profite debat sou pakou li, eks...

Goudou Goudou 14.01.2024

12 Janvye 2010 - 12 janvye 2024 Sa gentan fè 14 lane depi yon tranblemanntè te fè gwo dega an Ayiti. Jou sa kite yon sikatris lakay chak moun ki te viv katastwòf sa de prè ou de lwen. Nan epizòd jodia ti mesye yo ap fè yon retounen sou jou sa e kijan yo te viv li. Tchilaks ap salye memwa tout sila yo ki ale yo ak kouraj sila yo ki jwenn fòs avanse malgre jan katastwòf sa te afekte yo. 12 Janvye 20...

Rezolisyon pèsonèl 07.01.2024

Nouvèl an se toujou yon chans pou rekòmanse, yon okazyon pou chak moun pou yo remete fokis sou objektif yo genyen pou ane a oubyen pou rès lavi yo. Se sak fè depi premye Janvye rive, anpil rezolisyon toujou pran. Malerezaman statistik yo montre ke anpil nan rezolisyon sa yo pa janm depase mwa Janvye a e ke se sèlman 9% moun ki arive kenbe rezolisyon yo te pran yo pandan tout ane a. Nan epizòd 22 a...

Fèt Nwèl 24.12.2023

Epizòd 21 se jis fason pa TCHILAKS pou swete chak grenn oditè/oditris Johalex yo ak ekoutè/ekoutèz Lhee yo yon JWAYE NOWÈL!

En FRANCAIS 17.12.2023

Epizòd 20 Tchilaks Podcast la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou dezyèm lang ofisyèl pèp nou an ki se lang fransè. Tout plezi epizòd lan chita nan lojik kote ti mesye yo ap debat sijè a AN FRANCAIS malgre yo tou lè 2 gen plis pase 5 lane depi yo pa janm gen menm yon konvèsasyon 5 minit nan lang lan. Antouka, nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la menm jan nou te ENJOY record li pou ou a...

Bay/Pran BILL (avèk Cedrick) 10.12.2023

Nan nenpòt tip relasyon an, amikal oubyen romantik, koze finans se yon sijè delika e ki jwe yon ròl enpòtan. Dinamik relasyon an konn mete youn nan moun yo nan pozisyon pou ede lòt la finansyèman. Nan langaj kreyòl la yo pale de: BAY Bill oswa PRAN Bill!!! Gen moun ki di se pa tout kòb yon moun mande yo ki ka konsidere kòm Bill, gen moun ki wè bagay sa ak yon trè move je e gen lòt menm ki kategori...

LAJ nan RELASYON 03.12.2023

Powèt yo ak romantik yo toujou kleronnen ke lanmou pa konn laj, li pa konn koulè etc… Si nou ka dakò ke kè a chwazi moun li vle nou ka dakò tou ke laj se yon faktè ki enpòtan nan relasyon. Anpil fwa li detèmine dinamik relasyon an. Lè eka a anpil li konn koz anpil stigma paske sosyete a konn wè li ak yon move je. Ki eka ki akseptab? Kijan jijman sosyete a chanje depandaman de sèks moun ki pi gran...

MOMAN 26.11.2023

Nan tan lontan, nan mond matematik la yo te fè referans a tèm «moman» an pou deziye yon inite mezi ki dire 90 segonn. Jodia nan anpil lang, yon moman vle di yon ti tan ki pa trò long, trè souvan mwens ke 5 minit. Nan kreyòl la tou, li vle di sa men lang lan pa tap bèl si mo a pat gen yon lòt siyifikasyon. Wi, moman nan lang kreyòl la, depandaman de jan ou itilizel la ka vle di yon lòt kokennchenn...

TALAN gache (avèk LEX) 19.11.2023

Nan 16èm epizòd la, Lhee ak Johalex te akeyi Lex pou yo te fè yon ti #Tchilaks pandan yap debat sou TALAN GACHE. Se yon sitiyasyon tris ki dekoule de pèsepsyon paran nan sosyete nou an genyen de reyisit; kote yo prefere pa pran chans mize sou talan timoun yo epi vann yo lekòl kòm SÈL mwayen pou fè siksè nan lavi a. Jouk jounen jodia gen adilt ki gen regrè nan kè yo vizavi de talan ke yo te idantif...

FIMEN (avèk PSteph) 12.11.2023

“rale yon nway”, “fon w griye”, “puff puff pass”, etc… sa yo se kèk nan ekspresyon ke moun itilize nan diferan kilti pou yo fè referans ak fimen. Fimen gen plizyè deseni depi li antre nan kilti limanite. Gen achiv ki menm di ke yo te konn vann li kòm yon bagay ki bon pou lasante. Moun fimen pou anpil rezon e jounen jodia, yo gen plizyè opsyon pou rann fimen pi aksesib. Avèk envite yo PSteph, ti me...

RASISM 05.11.2023

Nan 14èm epizòd podcast la, Johalex ak Lhee fè yon ti pale sou rasism. Nan mo pa yo, yo eseye defini tèm nan epi eseye analize orijin ak konsekans konsèp sa ki pa enkoni pou pèsòn tèlman li afekte sosyete mondyal la dirèkteman ou endirèkteman. Yo chak pataje youn ou plizyè eksperyans yo viv ki de lwen ou de prè lye ak rasism, tout sa pandan yo tap tchilaks ansanm. Pa bliye rasism gen gwo konsekans...

GEDE vs HALLOWEEN 29.10.2023

Peryòd sa yo se moman kote an Ayiti yap prepare fèt Gede pandan nan menm tan sa a, moun Etazini ak anpil lòt kote nan mond lan (an Ayiti tou) ap prepare pou selebre sa yo rele “Halloween “. 2 Selebrasyon sa yo se ekspresyon 2 kilti diferan sou kijan yo selebre sila yo ki ale yo (mò yo). Nan epizòd sa Johalex ak Lhee fè yon paralèl byen kout pou gade kisa yo ye? Koman yo fete yo? Kisa yo pote nan 2...

REZO SOSYO 22.10.2023

Rezo sosyo gen kèk ane depi li anvayi mond lan, sa se yon evidans. Itilizasyon chak moun de li ka diferan men li rete pi gwo pwen komen nan lavi nou tout. Rezo sosyo pou sèten moun vin pi adiktif ke yon dwòg, pandan nou pap nye ke pou de lòt moun li tounen yon sous pou fè lajan. Rezo sosyo kraze koup moun menm jan li pèmèt moun fonde fwaye. Nan epizòd 12 la, Johalex ak Lhee dedat sou rezo sosyo sa...

Enpak separasyon PARAN (avèk Doris) 15.10.2023

Gen yon statistik ki fè konnen ke mwatye maryaj fini pa yon divòs oubyen separasyon. Nan divòs oswa separasyon 2 paran pi gwo viktim yo se dèfwa timoun yo sitou lè divos la oubyen separasyon an pa amikal. Li konn kite gwo sikatris ak troma ki konn suiv timoun sa yo jouk nan laj adilt yo. Nan epizòd sa tchilaks chita pale ak Doris ki se twazyèm invite podcast la pou yo debat sou konsekans divòs/sep...

PIBÈTE kay GASON 08.10.2023

Paran toujou pran le swen pou yo diskite de faz pibète avèk pitit fi yo sa ki vrèman diferan de jan menm paran sa yo akonpanye pitit gason yo nan menm peryòd nan lavi yo sa. Anpil tigason retrouve yo nan menm sitiyasyon avèk Johalex ak Lhee, kote se lè yo fin pase stad pibète a yo ap vin konnen kisa pibète ye oubyen yo viv anpil nan karakteristik pibète yo san yo pa konnen ke se faz pibète a yo ap...

DATING aprè DIVÒS (avèk Vitchie) 01.10.2023

Divòs se yon bagay ki ka kite gro tromatism nan lavi yon moun. Li konn koze anpil problèm tankou depresyon. Aprè yon divòs, kijan yon fi dwe abòde relasyon? Kombyen tan li pran pou li santi li ka remete kò ak kè li deyò? Lè fi sa antame yon relasyon kijan divòs ki nan pase li a peze sou nouvo relasyon an? Anpil kesyon ke Johalex ak Lhee pat ka reponn san yo pat jwenn èd dezyèm envite Tchilaks la:...

NYOUD 24.09.2023

Aspè fizik ki gen nan lanmou ak atirans konn pouse de moun ki nan relasyon oubyen ap pale voye foto eksplisit bay lòt, sa yo rele Noud ou Nyoud la ( Nude an anglè). Kisa ki risk ak konsekans nan voye yo? Eske se yon pwoblèm? Kijan ou ka proteje tèt ou? Ou ta renmen konnen? Enben koze mande chèz vin chita nan Tchilaks pou tande plis.

Listen to the Tchilaks podcast in Replaio

Radio and podcasts in one app - free, with no sign-up. Install today and do not miss the launch

Get it on Google Play

Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.