Tchilaks Podcast
Tchilaks
Pa gen sekrè nan fè podcast: 51% pale seryeu 49% pale kleukleu Epi, Tchilaks!
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
Baunuce (avèk Lex) 08.09.2024 1:50:42
Epizòd “ BAUNUCE “ la se yon spesyal dedikas pou tout zanmi podcast la ki kite plis pase 100 kòmantè/feedback pou nou anba epizòd avan yo. Nou pase sou CHAK GRENN nan yo yon fason pou nou redemontre apresyasyon ak gratitid nou anvè zanmi sa yo men tou, a tout oditè/oditris podcast la. ENJOY!
Atis (avèk Lex) 02.09.2024 1:44:36
Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”. Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo. Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. 😂 Nou espere nou enjoy epizòd la epi: PA BLIYE nan je Tchil...
S*xToy (avèk Lex) 25.08.2024 1:53:10
🔞 Nou te mande sijè oze, eben Lex, Johalex ak Thierry fè yon brase lide sou on itilizasyon "sex toy" nan epizòd 54 la. Malgre se on sijè tabou nan sosyete nou an, nou pran libète eksplore tout aspè nan kesyon posede sex toy ak akseswa seksyèl yo. Ki itilite yo, preferans, tip, kalite, gwosè, elatriye. Kisa ki pou nou e selon nou akseptab oubyen depase limit. BTW, atansyon! Toy se toy, ekipman se...
Monsieur JEAN (avèk Pouchon) 18.08.2024 1:49:42
Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti. TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poz...
Dezyèm MITAN 11.08.2024 1:43:04
Epizòd 52 a gen kòm tit "Dezyèm MITAN'' e li baze sou rimè ki fè konprann ke Jennifer Lopez ak Ben Affleck gentan ap divòse aprè ke yo te eseye viv ansanm yon premye fwa yo kite (Premye MITAN) epi yo vin retounen ansanm apre 17 lane. Se yon rimè jouk jounen jodia malgre gen anpil ti siy ki te ka pwouve ke bagay la gate tout bon, men ak tout respè sa mande ti mesye Tchilaks yo te pase sou relasyon...
Mete DESIGNER (avèk Jeffe ak Kiki) 04.08.2024 1:17:02
Epizòd 51 Tchilaks Podcast la te gen El Jeffe ak Kiki ki tap debat sou « Mete Designer ». Pou kèk moun, mete designer se fè djòlè; pou kèk lòt moun, mete designer se envesti nan bon kalite ak dirabilite e wap jwenn lòt moun tou ki ka pran fenomèn sa a nan fason pwòp a yo menm. Enjoy!
Top 3 Fyète/Regrè (Avèk Kiki & Lex) 28.07.2024 1:43:45
Tchilaks Podcast gentan gen 50 epizòd! Se yon fyète pou nou e nan lide pou nou pataje santiman sila a ak fidèl oditè/oditèz nou yo nou anrejistre epizòd la pandan nap pataje top 3 fyète ak regrè nou genyen jiska jodiya. Se yon egzèsis ki trè efikas pou ede yon moun asime erè epi apresye eksplwake li te fè nan pase li. Nou espere wap ENJOY li menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou! #Tchila...
Prezante menaj bay PARAN (vèsyon gason) 21.07.2024 1:30:23
Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye. Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo. Men bagay sa a se pa yon syans...
Pakou atistik (avèk MLF Desgrottes) 14.07.2024 1:33:15
Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia. Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non...
Beau Nusse (avèk LEX) 11.07.2024 1:14:26
Epizòd bonus sa se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke anpil nan nou te kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 47 la. Se fason pa nou pou raplew ke nou TOUJOU li e apresye feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo. Nou RENMEN nou! ♥️
Zanmitay ant FI ak GASON (avèk Nick ak Georgy) 07.07.2024 1:31:32
Nan sosyete pa nou, nou toujou tande moun kap di “tifi ak ti gason se gaz ak alimèt “. Se yon fason pou di ke lè gason ak fi twò pre youn lòt li ka kreye 🔥. Èske sa vle di gason ak fi paka zanmi? Oubyen sa vle di yo pa ka bon zanmi? Nan epizòd 47 la Tchilaks ap debat sijè sa ak 2 gro tonton envite: Nick epi Georgy! Pandan yo itilize pwòp eksperyans pa yo, yo pral bay pwendvi yo sou sijè a. Enjoy
Premye anivèsè TCHILAKS 🎉🎊 01.07.2024 1:52:49
TCHILAKS GEN 1 AN‼️🎉🎊 Epizòd 46 la se sòm tout repons a tout kesyon nou menm nan oditwa a te poze nou! A chak grenn moun ki te voye kesyon: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI! A chak grenn moun ki toujou branche: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI! A chak grenn moun ki pral koute epizòd 46 la: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI! #TchilaksFamily
L'âge du Christ (avèk Jeff, Jefferson ak Lex) 23.06.2024 1:28:41
33 lane se yon laj anpil ayisyen wè ak yon je diferan. Lè yon moun nan kilti nou an pral gen laj sa yo toujou atann yo ke yo pral pase yon ane difisil. Rezon an pran rasin nan kwayans relijyez ke nou genyen. Gen anpil endikasyon ki montre se a laj sa a CHRIST te mouri e li te pase anpil mizè. Nan epizòd 45 lan, ti mesye yo pral diskite de kwayans sa a avèk yon panel ki “BYEN RANPLI”. Se fason sa a...
Bro Code (Prensip blòdeu) 16.06.2024 1:29:07
Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè. Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konne...
DJÒSKÒM (rekòmanse a zero) avèk Lex 09.06.2024 1:52:16
Nan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi. Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè. Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp e...
Relasyon LONG DISTANCE (avèk Kitty) 02.06.2024 1:44:13
ENJOY epizòd 42 a kote ti mesye yo te gen Kitty kòm envite pou debat sou relasyon LONG DISTANCE.
Fèt MANMAN 26.05.2024 1:24:34
Nan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè! 💝
Story Time 12.05.2024 1:29:05
Yo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa. Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo. ENJOY!
Sipèstisyon LAKAY (avèk Lex) 05.05.2024 1:22:09
Anpil fwa nan kilti lakay nou, nou tande moun kap di “Si ou fè oubyen pa fè tèl bagay… tèl bagay ap rivew“ dèfwa yo pa fè ankenn sans e dèfwa yo fè sans men pa gen ankenn jan ou ka eksplikel. Nan epizòd 39 la, timesye yo te avèk Lex pou pataje kèk sipèstisyon ki make lavi yo, sila ke jiskaprezan yo pa konprann yo ak sila yo eseye mete yon eksplikasyon plizoumwen lojik dèyèl. ENJOY epi sonje KILTI...
Fiyansay (Avèk Doris & Rose) 28.04.2024 1:39:01
Epizòd 38 Tchilaks Podcast la ap pale de fiyansay ki se yon etap jounen jodiya ke 2 moun ki renmen dwe pase avan yo ale devan lotèl pou yo di lòt wi pou lavi. Nan tan paran ak granparan nou yo, li te fèt yon lòt jan e menm jodia chak moun pèsevwa konsèp sa avèk opinyon diferan. Mesyedam yo te tou pataje istwa pèsonèl yo e yo te pase yon bon moman. ENJOY!
Reyaksyon sou Ep.33 (avèk Vitchie, Moumoune ak Hellen) 21.04.2024 1:47:36
Pou ou ka byen enjoy epizòd 37 la fòk ou al tande oubyen retande epizòd 33 a paske se sou li 3 FANM ki gen gwo enpak sou lavi respektif ti mesyeu yo ap reyaji AVÈK ti mesyeu yo. Epizòd 33 a se youn nan TOP3 epizòd ki te resevwa plis feedback de zanmi podcast yo kidonk pandan ti mesyeu yo ak medam yo tap #TCHILAKS yo tou pwofite pote repons dirèk bay chak grenn moun ki te pran tan pou kite yon kòma...
RELASYON san FRONTYÈ (avèk Sarah ak Jefferson) 14.04.2024 1:35:48
.
Eklips (avèk LEX) 07.04.2024 1:08:56
Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti. ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye!
AFTER PARTY (avèk Team Trafalgar) 31.03.2024 1:36:37
Aprè yon party, ti mesye yo te chita avèk yon pakèt pakèt envite pou te pale de “AFTER PARTY”. 😜 Pawòl nou pral tande nan epizòd la te melanje e nap tou presize ke yo pa angaje ni podcast la, ni moun ki ladanl yo, TOUT blam nan se sou do ALKÒL!!! 😂 Enjoy!
Red/Green FLAG (avèk Lex & Greg) 24.03.2024 1:24:54
Nou tout diferan sa se yon fè e paske nou diferan, sa fè jan nou renmen diferan, sa fè sa ki atire nou diferan e sa nou pa renmen tou diferan. Menm nan kesyon chwazi patnè nou, nou chak gen preferans pa nou. Chak moun gen yon lis bagay ki ka dekouraje yo lè yo wè yon moun ki a premyè vi, atire yo, se sa yo rele “RED FLAG” yo. Menm jan an tou chak moun gen de bagay lè yo identify yo, li ajoute sou...
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.