Sylvain EXAVIER
Sylvain Exavier
This podcast is named after its host, Sylvain EXAVIER, and it is dedicated to sharing personal thoughts, beliefs, and understanding without claiming absolute truth. The podcast aims to inspire, encourage, and elevate listeners through authentic reflections and perspectives.
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
Konpa Kingdom Audio Review 12.01.2024 56:58
Konpa Kingdom se youn nan pwogram ki te gen plis antisipasyon sou li pou ane 2023 a, Carel te anonse l kòm pi gwo evènman ane a. Eske se sa l te ye? Tande sa m panse de sa nan epizòd saa ke m anrejistre premye janvye nan maten avan te deplase ale pran vòl pou m tounen lakay mwen apre espektak la.
Marcus LOLO 11.11.2022 59:44
Marcus LOLO se yon jenn pyanis ayisyen k ap pèfeksyone talan li nan inivèsite Etazini, pandan l ap etidye l ap pataje konesans li tou ak lòt jenn ki enterese a mizik menm jan ak li. Mwen te kontan echanje ak Marcus
Dènye echanj MikaBen ak Sylvain EXAVIER 11.11.2022 1:12:08
Nan epizòd podkas sa, Mika te pataje konsiderableman anpil bagay avè m sou kòman l te leve, rapò li te devlope ak rès fanmi li, fason li te wè karyè li ak lavi an jeneral. 2 pi gwo mesaj li te genyen lè sa te pou jèn atis ak pou tout moun ki gen yon fòm enfliyans sou kominote a.
Kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo? 23.11.2020 23:11
Tout zèv atistik kreye nan lide pou fè yon efè kèlkonk sou nenpòt moun ki konsome l, men se pa tout moun ki konsyan de sa. Sikològ Osman Jérôme se envite m nan 7e epizòd Lyrikalite -a, ansanm avè l nou tante reponn kesyon sa yo: Eske yon zèv ka enfliyanse yon moun san li pa konsyan de sa? Eske se tout zèv yon moun konsome ki enfliyanse l? Eske l posib pou yon moun limite enfliyan...
Kòman zèv atistik yo enfliyanse konsomatè yo? 15.11.2020 38:07
Kontrèman ak sa anpil moun panse, objektif zèv atistik yo pa redwi a pote plezi sèlman! Nan epizòd Lyrikalite sa-a nou gade kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo. Pou rann egzèsis sa pi otantik posib, nou gen yon echantiyon 4 pwofesyonèl nan lavi sosyal la ki se tou 4 moun ki konsome zèv kreyatè ayisyen ki pataje eksperyans yo ak kèk zèv pou ede nou konprann kijan kreyasy...
"Festival En Lisant" , 5 lane defi ak estrateji! 09.11.2020 29:15
"Festival En Lisant" sou 5e edisyon li ane sa. Ki estrateji "BIT-Haïti" deplwaye pou kenbe "Festival En Lisant" vivan pandan 5 lane ki pase yo? Ki kote yo jwenn mwayen pou finanse pwojè sa-a? Eske Leta sibvasyone aktivite y'ap òganize yo? Ki tèm festival la ane sa-a? Kiyès ki envite donè yo ane a? Sa yo se kèk pami kesyon nou abòde nan podkas la ak direktè atistik festival la, Eliezer Guérismé, ki...
Kisa ki te motive Obed Lamy reyalize dokimantè «A promising voice»? 02.11.2020 41:13
Reyalizatè dokimantè «A promising voice» ki deja jwenn akseptasyon pou l difize plizyè nan festival fim entènasyonal, jounalis Obed Lamy se envite nou nan 4e epizòd LyriKalite a, li pataje anpil enfòmasyon ak nou sou pwosesis reyalizasyon dokimantè a ak anpil lòt obsèvasyon li fè pandan l'ap fè Metriz nan jounalism nan inivèsite nan Fayetteville nan Eta Arkansas. Kisa ki te motive Obed Lamy...
Ki enfliyans sosyete Pawolye yo ap evolye a genyen sou kreyasyon yo? 25.10.2020 26:19
Menm jan ak nenpòt sitwayen òdinè yon pawolye ekspoze a tout enfliyans ki travèse diferan kategori sosyal kote l'ap evolyese-a. Enfliyans sa yo pa san efè sou kreyasyon atistik pawolye a, menm jan zèv li pa kite sosyete ki konsome l la endiferan non plis. Envite nou nan epizòd Lyrikalite sa se enjenyè kiltirèl Djimy Ducasse ki genyen yon fòmasyon nan sosyoloji tou, avèk li nou fè kèk konside...
Ki enpak sikolojik langaj nou ka genyen sou antouraj nou? 19.10.2020 26:56
Envite nou nan epizòd # 2 podkas Lyrikalite a se Doktè Jeff Matterson Cadichon, avèk li nou gade kòman sikològ yo konprann konsèp Langaj, Lang ak pawòl epi fè kèk konsiderasyon sou enpak sikolojik ak sosyal konsèp sa yo genyen sou moun de fason endividyèl ak sou imajinè kolektif la. Mèsi paske w pran koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd sa ak tout moun nan antou...
Konsiderasyon syantifik sou konsèp LANGAJ, LANG ak PAWÒL 11.10.2020 18:30
Pawòl se youn nan fòm langaj moun itilize pou eksprime emosyon yo ak komike antre yo nan yon lang done. Nan premye epizòd podkas sa-a, LyriKalite, n'ap fè kèk konsiderasyon syantifik sou konsèp: LANGAJ, LANG ak PAWÒL. Pou ede m nan demach sa-a, lengwis Kendi Zidor se envite m nan kad premye epizòd LyriKalite a. Mèsi paske w koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd s...
#LyriKalite 03.10.2020 1:04
#LyriKalite se podkas ki dedye a tout pawolye nan sektè kiltirèl ayisyen an. Se yon espas kote mwen Sylvain Exavier ak ekip Lirykalite a pral chita pale ak tout moun ki ekri pawòl pou kreye zèv atistik tankou mizik, pwezi, slam, teyat, fim,liv ak tout lòt fòm atizay ki itilize pawòl. Swiv mwen sou twitè nan @SylexOfficiel pou w konnen kiyès k'ap envite nan chak epizòd k'ap soti.
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.