Stevens Azima

Kreyonomi podcast

Science FR ↓ 12 episodes

Kreyòl nan tout sòs

Author

Stevens Azima

Category

Science

Latest episode

Apr 12, 2025

Where to listen?

Podcasts in the app Replaio Radio Coming soon

Podcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts

Get it on Google Play Install for free Android 5M+ downloads · 4.8 rating iOS soon

Episodes

S03E01-Reyalite kache nan pran lajan kredi (Achiv dLOC) 12.04.2025

Epizòd sa a baze sou yon achiv son ki soti nan Digital Library of the Caribbean (dLOC) . Li rakonte istwa fanm nan Nòdès ann Ayiti ki te resevwa pwomès kredi nan men Aristid nan ane 1995. Men reyalite a te vini ak anpil desepsyon, sitou lè yo t apral dekouvri pil demach ak depans sou kote ki mache ak kredi sa. An reyalite, yo t ap tann yon kredi fasil, yo dekouvri se te yon ponya degize. Nou itili...

S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou 18.05.2021

Vin koute Loly Jacques k ap pale sou dwòg. Enfòmasyon nan bon ti mamit. Loly Jacques gen yon fòmasyon an rapò ak toksikomani epi li gen eksperyans nan akonpaye moun ki gen pwoblèm depandans.

S02E02 - Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2) 15.01.2021

Diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. Nou te rankontre Pwofesè Fleuristin fwa pase sou menm sijè a, kounye a n ap rankontre ak Tamas Jean Pierre, yon sosyològ e militan feminis pou yon ti pale sou egzistans, nannan ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti....

S02E02 - Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1) 08.01.2021

Nan kòmansman epizòd sa nou te jwe mizik "Nèg anwo" Boukan Ginen an. An reyalite, diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. N ap rankontre ak Lionel Fleuristin, yon pwofesè ki gen plis pase 20 an eksperyans konsiltasyon ak rechèch nan ekonomi sosyal ak soli...

S02E01 - Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete 08.12.2020

Nan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwoblèm k ap minen sosyete yo epi li kòmanse imajine s...

S01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè? 08.11.2020

Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik...

S1E05-Pouki todchanj lan fin monte apre sa l tonbe desann? (Pati 2) 18.10.2020

Nan dezyèm pati diskisyon sa nou te gen ak ekonomis Standley Réginald epi Débora Descieux a, nou diskite dirèkteman koz varyasyon todchanj lan alafwa istorikman e aktyèlman. Nan gade konsekans dènye chanjman yo ka genyen tou. Nan fen an, nou fè yon ti louvri kad la sou jan nou ta ka inove finans peyi a atravè yon seri zouti tankou kontra alavans, divèsifikasyon mache ak pwodui finansye yo e menm e...

S1E05-Finans, labank, bidjè, PetroCaribe ak todchanj ann Ayiti (Pati 1) 09.10.2020

Nan premye pati diskisyon sa nou te genyen ak 2 ekonomis envite, Standley Réginald epi Débora Descieux, nou gade ansanm wòl ekonomis yo, kisa finans ye, ki wòl labank e kisa y ap fè ak lajan nou depoze lakay yo a, wòl Bank Santral, nouvo bidjè peyi a, relasyon ki gen ant dèt n ap peye yo ak Akò PetroCaribe nou gagote a. Nan dezyèm pati a, ki ap vin apre, n ap gade espesyalman kisa ki te koz monte...

S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj 08.09.2020

Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a. Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog

S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik 07.08.2020

Yon ti refleksyon sou kòman ekonomi ka itil nou pratikman nan kèk aspè lavi n ap mennen chak jou a. Espesyalman, kòman ekonomi ka ede nou pran bon desizyon?

S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? 09.07.2020

Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Nan epizòd sa, n ap antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo, gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa n ap gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Apre tout sa, n ap pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki pa ko fèt) pou pèmèt dyapora ayisyen an gen plis...

S01E01-Kisa ekonomi ye? 04.06.2020

Ekonomi alafwa atire nou e dekouraje nou. Ki sa ki fè sa? Ki mòd syans sa ye menm? Ki travay ekonomis yo? Ki wòl yo ka jwe nan rezoud pwoblèm Ayiti yo? Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan pòdkas la.  Abone epi pataje ak zanmi w.  Stevens...

Listen to the Kreyonomi podcast podcast in Replaio

Radio and podcasts in one app - free, with no sign-up. Install today and do not miss the launch

Get it on Google Play

Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.