Emmanuelle Georges

Nannan Podcast

Society FR ↓ 73 episoder

Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti. Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many subjects ranging from productivity and creativity to personal care, managing relationships, love, body image, and much more. From friends, family members, to people she's met for the first time, we will hear different viewpoints and personal experiences through these intimate conversations.

Forfatter

Emmanuelle Georges

Kategori

Society

Podkastens nettsted

podcasters.spotify.com

Siste episode

17. jan 2024

Hvor kan du lytte?

Podkaster i appen Replaio Radio Kommer snart

Podkaster kommer snart til appen. Installer nå, og bli den første som ser en helt ny tilnærming til podkaster

Last ned på Google Play Installer gratis Android nesten 10 mill. nedlastinger · 4,8 i vurdering iOS snart

Episoder

Ann manje byen an 2024 17.01.2024

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Kristele Alerte pou yo pale de enpòtans fason nou manje genyen sou sante nou an jeneral. Emmy patatje aanpik sou ralsyon li ak manje. Kristele se yon "Coach sante ak byenèt" , li se yon "nutri-therapeute" tou. Li te pwofite bay anvil konsèy sou kijan nou sipoze aprann timoun nou yo manje tou. Al tande.

Ann fèmen 2023 avèk MAB 18.12.2023

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Marc Alain Boucicault. Pandan echanj sa a, Marc Alain pataje eksperyans pèsonel li , valè l . Yo te abode tou , yon seri faktè sansib nan sa ki gen pou wè ak konfyans nan tèt ou , relasyon ak moun ak jwenn ekilib an travay ak Lavi pèsonèl. Al tande !

Jis fè sa w kapab ! 12.09.2023

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk David Lafond, yon “Personal Trainer “/ “Nutrition Coach “. David pataje anpil konsèy sou koman pou nou entegre aktivite fizik nan Lavi nou menm si nou okipe anpil. Li pale de enpòtans okipe tèt nou. Al tande .

Refijye 30.08.2023

Nan epizòd sa a, Emmy chita pale avèk Myriam Coppry ki se yon “coach” ki travay espesyalman avèk paran imigran. Myriam pote nou a reflechi anpil Epi Li pote konsèy pratik ! Al tande

Refijye 15.08.2023

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Emmanuelle pou you pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Emmanuelle gen yon pitit fi ki mande anpil atansyon poutèt li gen bezwen espesyal.. Jodi a fokis li se pou li kontinye avanse menm si li pa twò konnen kibò la vi a ap mennen l. Konvèsasyon sa a enspiran anpil.. Al tande!   

Refijye 08.08.2023

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Krisna ak Laetitia pou yo pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Yo kite peyi yo pou yo rekòmanse a zero. Tou letwa medam yo gen pitit... bagay yo pa fasil menm. Fòk yo wenn ekilib pou yo okipe tèt you, fanmi yo ak travay. Al tande.

Bòn ane 2023 01.01.2023

Nan epizòd sa Emmy ap swete nou yon bòn ane . Li pwofite de okazyon sa pou li pataje 10 leson Li aprann nan ane ki fenk pase a ke li deside aplike an 2023. Al tande !

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 3 21.06.2022

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon twazyèm epizòd. Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li inisye nan vodou. Pawòl yo anpil. Al tande an atandan pwochen epizòd la !

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 2 20.05.2022

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon dezyèm epizòd. Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Pawòl yo anpil. Al tande an atandan pwochen epizòd la !

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi 22.04.2022

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi . Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Medam yo te gen twòp pawòl pou yon sèl epizòd! Al tande an atandan pwochen epizòd la !

On ti koze sou zafè Feminis 08.03.2022

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Pascale Solage nan kad jounen entènasyonal dwa fanm! Al tande !!!

Selebre Lamou avèk Mann ak Mama 14.02.2022

Nan epizòd sa a , Emmy chita vèk paran l ki marye depi 34 lane ! Yo pataje istwa yo ak eksperyans relasyon yo .Mezanmi moun yo damou toujou wi. Al tande !

Ou konn Carla Beauvais? 24.01.2022

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Carla Beauvais. Carla pataje tout sa ki pilye Lavi Li jodi a. Medam yo pale de cheminman yo nan zafè renmen ak okipe tèt yo, de eksperyans yo kòm manman. Al tande .

Tout sa mwen aprann ane sa a 31.12.2021

Nan epizòd sa Emmy ap pataje kèk leson li aprann pandan ane 2021 a ! Lap profite di nou Mèsi pou fidelite nou Epi li swete nou on bòn ane 2022.

Nannan Christèl sou relasyon l ak kò li 11.10.2021

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Christèle Manigat Landais. Christèle fè vi l ap goumen pou pèdi pwa e rout la pa fasil menm . Li pase anpil Moman difisil poutèt sa .Malgre tou sa, li aprann aksepte kò l pou l pa janm kite sa defini l . Al tande istwa li !

Sante mantal Ou esansyèl... 27.09.2021

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Béatrice D. Turnier. yon psikològ. Béatrice ensiste sou enpòtans ijyèn mantal, li pataje anpil siy ak konpòtman Ou ta sipoze veye lakay Ou pou konnen si w anfòm Ou pa. Medam yo pale tou de jan sitiyasyon n ap viv la afekte nou. Béatrice te profite pale de tout resous ki disponib si jamè on moun ta bezwen on asistans pwofesyonèl nan zafè sante mantal. Al tande !

Nannan tounen ak Regine Théodat! 20.09.2021

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Regine Théodat . Regine pale nou de kiyès li ye , de enpòtans Haiti genyen nan lavi l ,de transfòmasyon li antan ke moun , ke fanm … Al tande !

Apresye kò w ase pou ka pran swen’l 28.06.2021

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Béatrice Celestin pou yo pale sou relasyon spò avèk sante Mantal. Beatrice pataje kijan spò ede l jere depresyon Epi li envite tout moun jwenn on fason pou yo ka enplemante on aktivite fizik nan Lavi yo.

Ou gen on sèl kò; Aksepte fay Li renmen l épi travay avèl ! 10.05.2021

Jodia Emmy chita avèk Caroline Louis . Caroline pataje relasyon entim li te gen pou l devlope avèk kò li . Kò nou gen Fay menm jan ak tout bagay men li mérite Lanmou enkondityonèl! Caroline ap konseye nou sou kòman pou n rive fè sa! Al tande

Santi w byen nan po w se premye pa pou w kapab gen konfyans nan tèt Ou 28.04.2021

Nan Epizòd sa a, Emmy chita avèk Iris Duhamel, yon “coach de Style”. Medam yo pale de enpòtans kwè nan tèt Ou, kwè nan rèv Ou , kwè nan Kisa ou vle akonpli. Iris pataje istwa Lanmou pa l avèk kò li, malgré tout peripesi, gra , mens... Li te toujou santi l byen nan po l. A travè metye li, li swete enspire kliantèl Li . Al tande !

Ann komemore Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn 03.04.2021

Nan Epizòd sa, Emmy chita avèk Pascale Solages. Pascale se yon militan, aktivist nan mouvman feminis an Haiti. Medam yo pataje lide, pasyon yo , tristès yo ak kòlè yo sou zafè diskriminasyon sou fanm. Konvèsayon sa ka louvri je w sou kestyon tankou “Kisa ki feminis “ ? Eske m se on feminis” ?  Al tande !

Mica pa pè anyen! 24.03.2021

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Michaëlle de Verteuil , Mica. Mica gen 84 lane men Mika gen pou travay sou kèk projè toujou , li gen rèv , li pAp kanpe ... Mica pa konn sa ki rele la perèz , li pa renmen tande pale de de kourajman... Depi plis pase 40 an, l ap viv nan komin Abricot kote Li bay edikasyon, fòmasyon profesyonèl, travay, ankourajman ak Lanmou. Si ou te kontan tande Mica e ou ta renmen...

Ann dekouvri Magalie Dresse 15.03.2021

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Magalie Dresse. Magalie se yon kokennchenn antreprenè, yon profesyonèl pasyone men ki reyalize kijan renmen, okipe, ak pran swen tèt li chanje lavi l pou l vin pi epanoui. Medam yo pale tou de enpòtans retire laperèz nan lespri nou pou nou kapab avanse... konvèsayon sa chaje ak  bon bèt, Al tande!

Ann selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm ! 08.03.2021

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Emmanuelle Elie ak Elizabeth Nicoleau. Emmanuelle ak Elizabeth , se de avoka antreprenè , de manman , de fanm vanyan kap evolye nan sosyete a. Medam yo pale de tout kalite discriminasyon fanm sibi nan Lavi chak jou épi yo te pataje kèk lwa nan peyi a kap kraze  fanm e ki ta dwe chanje. Konvèsasyon sa a ap enspire nou poun pa selman panse a dwa fanm nan sans leg...

On pòt fèmen...anpil lòt ap louvri gras a Lanmou pou tèt ou! 28.01.2021

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Vanessa Philogène. Medam yo gen preske menm istwa... se gras a on relasyon ki kraze ,kote yo te santi yo pèdi ki pèmèt yo dekouvri lanmou pou tèt yo avèk pratik self-care ! Sa rive anpil fanm , e si sa wap viv on sitiyasyon difisil apre ou fin kite ak on moun , nou espere w ap enspire. Al tande!

Hør på podkasten Nannan Podcast i Replaio

Radio og podkaster i én app - gratis og uten registrering. Installer i dag, og ikke gå glipp av lanseringen

Last ned på Google Play

Replaio er ikke podkastutgiver; programnavn, omslag og lyd tilhører opphavspersonene og distribueres via offentlige RSS-feeder.