MANTALITID

MANTALITID

Health FR ↓ 151 episodi

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.

Autore

MANTALITID

Categoria

Health

Sito del podcast

podcasters.spotify.com

Ultimo episodio

1 apr 2025

Dove ascoltare?

I podcast nell'app Replaio Radio In arrivo

I podcast stanno per arrivare nell'app. Installala ora e scopri per primo un modo tutto nuovo di vivere i podcast

Scaricala su Google Play Installala gratis Android quasi 10 mln di download · valutazione 4,8 iOS in arrivo

Episodi

« Voye je sou sante mantal ou » - Opak 12.03.2023

Tematik tankou sante mantal te toujou entèrese Opak nan kreyasyon li. « Pran Swen Tèt Ou » se yon egzanp. Sou tit sa, rapè a enspire de eksperyans pèsonèl li pou envite piblik voye je sou sante mantal li. Li te nan MANTALITID pou pale sou enpòtans sante mantal karyè kòm atis.

Enstabilite emosyonèl 05.03.2023

Enstabilite emosyonèl fè referans ak tandans yon moun genyen pou l prezante chanjman enprevizib e rapid nan emosyon, santiman li de tanzantan san rezon valab. Twoub sa souvan akonpanye de kèk sentom ki ka afekte sante mantal konsène a.

Kòman "Franc-maçonnerie" ka ede nan ekilib emosyonèl yon pratikan ? 26.02.2023

Mit ak kliche sou "Franc-maçonnerie" yo anpil. Poutan, pou pratikan yo, òganizasyon sa ede yo vin yon pi bon moun nan lavi yo. Se ka pa egzanp Kenley Talmer k ap pale de eksperyans li nan MANTALITID, kòman "Franc-maçonnerie" patisipe nan byennèt emosyonèl li.

Kòman kwayans yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ? 19.02.2023

Kwayans, lafwa, esperans..., kòman estil de vi yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ? Claudelson Thébeau ki grandi nan legliz ap pale de eksperyans li nan epizòd MANTALITID sa.

Kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ? 12.02.2023

Kwayans, prensip, seremoni [...], malgre kliche ak prejije, kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, manbo Sophia Fécu ap pale de eksperyans li.

Fanmi disfonksyonèl : enpak sikoljik sou lavi timoun yo 05.02.2023

Fanmi an se yon espas fondamantal nan devlopman jeneral timoun yo. Lè kondisyon yo pa reyini, sa riske gen gwo enpak sou byennèt sikoljik yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Jacques Sinsurin pale sou konsekans yon fanmi disfonksyonèl ka genyen sou lavi yon timoun.

Selmy Accilien : « Pou mwen, ekri se yon terapi » 29.01.2023

Talan, motivasyon, enspirasyon, ekri kòm aktivite entèlektyèl patisipe nan byennèt emosyonèl ekriven yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Selmy Accilien ki se otè divès liv ap pale n de eksperyans li ak literati.

Tout sa w dwe konnen sou Dyalòg Sante Mantal 22.01.2023

Dyalòg Sante Mantal se yon pwogram ki vize sansibilize popilasyon an sou enpòtans sante mantal. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ki se inisyatè aktivite sa ap bay plis detay sou pwogram nan.

Literati, kòm faktè byennèt emosyonèl 15.01.2023

Talan, sous enspirasyon, pasyon pou literati, motivasyon elatriye, aktivite ekri kapab yon faktè byennèt emosyonèl pou yon ekriven. Nan epizòd MANTALITID sa, Samuel Taillefer (powèt) ap pale nou de eksperyans li ak literati.

7 move abitid ki se yon danje pou sante mantal ou 25.12.2022

Pou yon sante mantal ekilibre, tout ti detay nan lavi w konte, sitou abitid yo ki souvan tounen yon mòd de vi san ou pa rann nou kont. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pataje ak ou 7 move abitid ki ka yon danje pou sante mantal ou.

MANTALITID : Epizòd 100 (edisyon espesyal) 13.11.2022

Pou santyèm epizòd MANTALITID sa, nou prezante w yon edisyon espesyal ak ekstrè nou chwazi nan yon dizèn epizòd, kote envite yo t ap pale sou divès tematik ki gen rapò ak sikolji, sante mantal elatriye.

« Etidye Sikoloji fè m vin yon pi bon moun » : Steevens Séraphin 23.10.2022

Vokasyon, dezi pèsonèl, enfliyans sosyal, divès faktè kapab detèminan nan chwa karyè pwofesyonèl yon moun. Nan epizòd MANTALITID jodi a, Stevens Séraphin ap pale nou pou kisa l te chwazi etidye Sikoloji, kòman etid sa patisipe nan kalite lavi li.

Ki enpòtans yon bon sante mantal ? 09.10.2022

Demen 10 oktòb la se ap Jounen Mondyal Sante Mantal. Pou okazyon an, nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou enpòtans yon bon sante mantal nan reyalizasyon w kòm moun ak estrateji pou ka gen yon sante mantal ekilibre.

7 gwo mit ak verite ou dwe konnen sou SWISID 25.09.2022

Plis pase 700 mil moun touye tèt yo chak ane (OMS). Gen divès mit ak tabou ki se gwo obstak pou prevansyon kont SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou 7 nan yo epi eksplike w pou kisa yo pa kadre ak reyalite a.

Enfliyans emosyonèl mizik nan lavi moun 18.09.2022

Nan epizod MANTALITID sa, 7 envite pataje ak nou rapò yo ak mizik, eksperyans yo ak yon mizik an patikilye ki make lavi yo nan yon sans ou nan yon lòt.

Enpòtans yon Sikològ nan yon espas travay 05.06.2022

Nan epizòd MANTALITID jodi a, ansanm ak Gusterline Charles (yon espesyalis nan Sikoloji Endistriyèl-òganizasyonèl, n ap pale sou enpòtans yon Sikològ nan yon espas travay, kòman pwofesyonèl sa yo ede nan pwodiktive antrepriz y ap evolye yo.

Èske lajan pa fè bonè vre? 29.05.2022

Nan ki nivo lajan ka itil nan byennèt emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, ak agiman e opinyon diferan, 5 envite pataje ak nou konpreyansyon yo sou sijè sa, ki kreye anpil kontwovèsi nan sosyete a.

Lekti kòman eleman enpòtan nan byennèt ak devlopman pèsonèl moun 15.05.2022

Aprè rankont li ak « Gouverneurs de la rosée », atachman Sam Sarah ak liv pa sispann devlope. Nan epizòd MANTALITID sa, li pale sou eksperyans li ak liv, e sitou kòman liv ede nan byennèt sikoljik li kòm moun.

Kòman pratike mizik patisipe nan devlopman pèsonèl ak byennèt emosyonèl yon atis? 08.05.2022

Nan epizòd MANTALITID sa, Vanessa Jeudi (chantez, militan feminis) se envite nou. Apati eksperyans pèsonèl li, ap pale « Kòman pratike mizik patisipe nan devlopman pèsonèl ak byennèt emosyonèl » li kòm atis.

« Réseaux Génies » : yon aktivite edikatif pou byennèt jèn yo 01.05.2022

 « Réseaux Génies » se yon aktivite edikatif ki ap ankouraje jèn ayisyen ayisyen yo enterese plis ak aktivite entelektyèl. Ki bò pwojè sa soti ? Kòman l ka patisipe nan fòmasyon ak byennèt jèn yo? Monthyna Duperval, youn nan responsab aktivite a, ap bay detay nan epizòd MANTALITID sa.

Èske aparans fizik enpòtan nan lanmou ? 24.04.2022

Pa gen kritè inivèsèl nan tonbe damou. Chak moun gen preferans li. Si aparans fizik la konte pou kèk moun, pou kèk lòt, li pa gen twòp enpòtans. Nan epizòd MANTALITID sa, 7 envite bay avi yo sou kesyon an. E chak moun bay agiman pa yo.

5 etap fondamental pou byen rekonsilye ak tèt ou 10.04.2022

Aprè yon eksperyans dezagreyab, pafwa nou gen tandans dekonekte menm ak pwòp tèt nou. Sa ki nwizib pou byennèt emosyonèl ak devlopman pèsonèl nou. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 etap enpòtan, pou ede w rekonsilye ak tèt ou aprè nenpòt eksperyans lan.

Enfliyans pawòl sou konpòtman ak eta emosyonèl moun 27.03.2022

Pawòl yo gen yon chaj emosyonèl ki kapab gen enpak sou lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, divès envite pale sou enfliyans yon pawòl yon moun te di yo genyen sou konpòtman ak eta emosyonèl yo kòm moun.

7 estrateji efikas, pou lite kont pwokrastinasyon 20.02.2022

Pwokrastinasyon, se abitid yon moun genyen pou l repòte pou demen, aktivite li ta dwe fè jodi a, pandan li konn pito fè yon lòt bagay li twouve ki pi agreyab e mwens egzijan pase sa li ta dwe fè a. Kisa menm ki koz pwokrastinasyon ? Kòman nou ka soti nan pyèj sa ? Repons kesyon sa yo ak lòt ankò, nan nouvo epizòd MANTALITID sa.

Fanm se yon « sèks fèb » : yon diskriminasyon kont emansipasyon medam yo 13.02.2022

« Sèks fèb », se yon ekspresyon yo konn itilize pou pale de fanm, kòm yon moun ki enferyè pa rapò ak gason nan kèk domèn. Konstriksyon sosyal sa souvan tounen yon baryè kont amansipasyon medam yo. Nan epizòd MANTALITID jodi a, Asmylaine Emmanuelle Brice, ki se yon militant dwa fanm, ap pale de reyalite a an Ayiti.

Ascolta il podcast MANTALITID su Replaio

Radio e podcast in un'unica app - gratis e senza registrazione. Installala oggi e non perderti il lancio

Scaricala su Google Play

Replaio non è un editore di podcast; i nomi dei programmi, le copertine e l'audio appartengono ai rispettivi autori e vengono distribuiti tramite feed RSS pubblici