MANTALITID
MANTALITID
MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Autore
MANTALITID
Categoria
Sito del podcast
Ultimo episodio
1 apr 2025
Dove ascoltare?
I podcast nell'app Replaio Radio In arrivoI podcast stanno per arrivare nell'app. Installala ora e scopri per primo un modo tutto nuovo di vivere i podcast
Episodi
10 fraz « negatif » ou pa dwe janm di yon timoun 01.04.2025 15:45
Nan edikasyon n ap bay timoun yo, san nou pa rann nou kont, nou konn itilize kèk ekspresyon ki ka afekte estim yo gen pou tèt yo ak pèsonalite yo. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn egzanp 10 fraz negatif ou pa dwe janm di yon timoun. Epi pou kisa.
7 gwo MIT sou sikoloji ak sante mantal ou pa dwe kwè 30.03.2025 12:52
Sikoloji ak sante mantal genyen anpil mit ki antoure yo. Move pèsepsyon sa yo souvan konstitye obstak pou anpil moun, lè pou yo chèche sipò sikolojik yo nesesite nan vi yo. Nan epizòd MANTALITID, nou prezante w 7 nan mit sa yo, ki pa kadre ak reyalite a.
Twoub Pèsonalite Nasisik 30.03.2025 14:15
Twoub pèsonalite nasisik karakterize pa yon obsesyon eksesif, yon moun devlope pou tèt li, kote li vle se li ki se sant atansyon tout bagay, sa ki riske afekte relasyon li ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kritè dyagnostik twoub pèsonalite nasissik ak kòman ou ka viv ak yon moun nasissik.
Seksyalizasyon bonè kay timoun, se yon gwo danje 30.03.2025 15:27
Seksyalizasyon avan lè kay timoun, fè referans ak seksyalizasyon tout fòm ekspresyon ak kòd vestimantè yo itilize sou timoun yo, ki pa kadre ak laj, epi kapasite sikolojik yo. Sa ki mete an danje, devlopman pèsonèl ak emosyonèl timoun yo, pandan y ap grandi.
7 atitid sikolojik, pou yon pi bon ane 2022 30.03.2025 12:39
Nan kòmansman nouvo ane yo, gen moun ki souvan pran divès rezolisyon nan lavi yo. Men, pou yon rezon ou yon lòt, objektif yo konn pa reyalize. Nan epizò Mantalitid sa, nou pataje ak ou 7 atitid entelijan ou ta dwe adopte, pou yon pi bon ane 2022.
5 sijè fondamantal 2 moun ki renmen dwe abòde 30.03.2025 12:45
Nan yon relasyon santimantal, kote enkonpatibilte karaktè ak lòt diferans ant 2 moun yo konn souvan kreye gwo konfli, kominikasyon se yon kle enpòtan. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn 5 sijè fondamantal ou dwe pale ak patnè w la, pou yon pi bon epanouyisman relasyon an.
Fè lapè ak pase w 30.03.2025 13:31
Sou yon fòm ou yon lòt, pase ou gen pou akonpanye ou pou tout res vi w. Souvni yo, bon tankou move, menm jan ak eksperyans yo, fè pati trajektwa lavi w. Men, si ou rete esklav pase ou, nou riske pèdi tout bèl opòtinite lavi te ka ofri ou.
Èske l nesesè pou PADONE ? 30.03.2025 13:41
PADONE pa toujou yon egzèsis fasil, sitou lè nou nouri rankin ak dezi vanjans pou yon moun ki te koze nou yon tò. Men, kiltive padon enpòtan pou sante mantal ou e li ka ede ou geri sikatris emosyonèl sa k pase a. Se de sa nou abòde nan epizòd MANTALITID jodi a.
Kiltive rezilyans pou ranfòse sante mantal ou 30.03.2025 16:55
Rezilyans fè referans ak yon ansanm konpòtman, panse ak aksyon ou kapab aprann epi devlope pandan w ap viv, ki ba ou abilite pou fè fas ak moman difisil yo. Men, rezilyans ale pi lwen pase yon senp kesyon adaptasyon. Li ka yon faktè enpòtan nan byennèt emosyonèl ou.
Konpasyon pou pwòp tèt ou, yon alye pou beynnèt ou 23.03.2025 16:12
Konpasyon pou pwòp tèt ou, se yon fòm entelijans emosyonèl ki pèmèt ou rive trete tèt ou ak menm lanmou, pasyans ak respè menm jan ou t ap fè l pou yon pwòch ou ki nan yon moman difisil, olye pou jije epi kondane tèt ou, pafwa ak rigè ki pa nesesè.
Enpak emosyonèl vin papa genyen nan lavi mesye yo 02.03.2025 1:02:27
Vin papa, sitou pou premye fwa, se yon avanti emosyonèl enteresan, men ki konn vini ak ensètitid tou. Sitou lè kondisyon yo pa reyini. Soti nan gwosès manman an, pase nan nesans timoun nan, rive nan lè l ap grandi, wòl papa a konn gen gwo enpak sou lavi sikolojik mesye yo. Nan epizòd MANTALITID sa, 4 envite ap pale de eskperyans pèsonèl yo.
5 prensip fondamantal Sikoloji Pozitif pou viv pi byen 23.02.2025 18:45
Sikoloji Pozitif se yon branch nan sikoloji ki konsantre l sou tout aspè favorab ki ka amelyore eksperyans n ap fè kòm moun. Kontrèman ak divès lòt branch nan sikoloji, ki plia chita sou trete twoub mantal ak patoloji yo, demach sikoloji pozitif la se ankouraje tout sa ki ka kontribye nan fè nou menmmen yon vi ki pi sinifikatif.
Sante mantal : yon aspè enpòtan nan pèfòmans yon atlèt 16.02.2025 29:32
Sante mantal se yon eleman esansyèl nan byennèt jeneral nenpòt moun nan. Nan ka patikilye yon atlèt ki souvan ap fè fas ak divès egzijans disiplin espòtif yo mande, yon bon preparasyon mantal endispansab nan pèfòmans atlèt yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ap bay plis detay sou sa.
DEPRESYON (tantativ swisid) : eksperyans Max Junior Raymond 25.08.2024 32:17
Ant laj 14 ak 16 ane, Max Junior Raymond ki t ap fè fas ak DEPRESYON fè 2 tantativ pou mete fen ak lavi l. Nan epizòd MANTALITID sa, nou eseye gade ki sa ki te sous detrès emosyonèl sa, kòman eksperyans sa make lavi li elatriye.
Prevansyon SWISID kay jèn yo 07.04.2024 18:33
Daprè OMS, anviwon 800 mil moun touye tèt yo chak ane. Aprè aksidan machin, SWISID see dezyèm koz lanmò nan mitan jèn ki soti nan laj soti 15 pou rive 29 lane. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kòman ou ka ede nan prevansyon kont SWISID ki se yon pwoblematik sante piblik, sitou nan mitan adolesan yo.
Enpak chatiman kòporèl sou devlopman sikolojik timoun yo 31.03.2024 21:20
Daprè estatistik OMS soti an 2021, anviwon 60% timoun ki gen laj ant dezan ak katòzan, sibi regilyèman chatiman kòporèl ; yon metòd edikatif ki ka gen gwo enpak sou devloman sikosyol timoun yo pandan y ap grandi e menm lè yo vin granmoun.
Twoub Pèsonalite Paranoya 18.02.2024 14:32
Twoub Pèsonalite Paranoya karakterize pa yon mefyans eksesif, kote yon moun toujou ap nouri lide lòt moun (etranje tankou moun ki nan antouraj li) ap pèsekite l, rayi l, twonpe l, eksplwate l, monte konplo kont li elatriye, san li pa gen prèv pou sa. Sa ka trennen soufrans lakay epi epi deranje rapò l ak lòt moun.
Rezon sikoljik pou pa espere anyen de lòt moun 04.02.2024 14:06
Relasyon nou ak lòt moun enpòtan pou asire sekirite afektif ak emosyonèl nou. Li enpòtan lè n gen yon moun nou ka konte sou sipò li lè sa nesesè. Men, lè atant ak ekspektativ yo twò wo, desepsyon ak fristrasyon an pa lwen. E sa pa p ede ni nan byennèt emosyonèl ou, ni nan rapò w ak lòt moun.
Benefis sikoterapi pou sante mantal 21.01.2024 20:35
Eta depresif, anksyete, estrès kwonik, twoma, sousi tout kalte [...], divès koz ka mennen yon moun fè sikoterapi, yon fòm tretman yo itilize nan domèn sante mantal, non sèlman pou ede yon moun ak yon pwoblèm imedya, men tou jwenn kapasite pou pi byen fè fas ak sityasyon yo.
Kòman pou pi byen bati ESTABILITE emosyonèl ou ? 14.01.2024 17:45
Estabilite emosyonèl fè referans ak kapasite yon moun genyen pou jere ansanm emosyon li yo de fason pozitif. Sa ki pèmèt li kapab kenbe yon atitid ekilibre nan sityasyon ki ka parèt difisil yo epi adapte l ak nouvo chanjman.
Rezime ane 2023 24.12.2023 17:31
Dènye epizòd MANTALITID pou ane a se yon edisyon espesyal. Nan epizòd sa, nou prezante yon ekstrè sou entèvansyon divès envite te fè nan podkas la, sou tematik ki gen rapò ak sante mantal, byennèt emosyonèl moun de fason jeneral.
Doulè emosyonèl 17.12.2023 16:42
Doulè emosyonèl se yon sikatris sichik ki ka trennen gwo soufrans sikoljik nan lavi yon moun. Lè li dire, konsekans yo kapab pwovoke chanjman negatif nan prèske tout aspè lavi moun sa, sitou sou byennèt mantal li.
Benefis jwèt yo nan devlopman sikoljik yon timoun 03.12.2023 18:39
Anplis aspè divètisman an, jwèt yo ede timoun yo byen devlope divès abilite (kognitif, fizik, entelektyèl, emosyonèl, sosyal) yo genyen. Jwèt yo ki gen divès karakteristik ak diferan fòm, reprezante yon pilye nan devlopman sikoljik timoun yo.
LASYANS : 7 abitid ki rann moun « heureux » 26.11.2023 17:08
Pa gen pratik ak resèt inivèsèl pou tout moun viv « heureux ». Viv nan « bonheur » kapab depann de chak moun. Sepandan, daprè rezilta divès etid syantifik, gen kèk abitid ki kapab ede nan rann yon moun « heureux ».
Chomaj : yon gwo ènmi pou sante mantal 19.11.2023 16:01
Lè yon moun ap travay, mete sou aspè ekonomik la, sa pote yon sansasyon byennèt ak estabilite (emosyonèl, familyal, sosyal). Donk, chomaj kapab deklannche yon seri sentom sikoljik nan vi moun nan, ki ka afekte nivo sante mantal li.
Podcast simili
Replaio non è un editore di podcast; i nomi dei programmi, le copertine e l'audio appartengono ai rispettivi autori e vengono distribuiti tramite feed RSS pubblici