JGB
Tech Talk
Tech Talk se yon show/live/podcast kote plizyè jèn Ayisyen reyini pou pale de teknoloji, pataje eksperyans yo ak pwojè ki baze sou teknoloji. Espwa yo se enspire lòt jèn pou foure kò yo nan teknoloji, itilize teknoloji pou chanje lavi yo.
Où écouter ?
Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponibleLes podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts
Épisodes
Tech Talk S01E09: Open Mic #projectstargate #deepseek #ai #techtalk 30.01.2025 1:31:04
Nan 9èm epizòd Tech Talk, panelis JGB, Amédée ak Dort Jonathan pale de entèlijans atifisyèl, espesyalman: Project Stargate OpenAI ChatGPT DeepSeek Nouvo pwojè ekip la ki pral itilize entèlijans atifisyèl pou ajoute kèk opsyon avanse
Tech Talk S01E08: Open Mic #techtalk 23.01.2025 52:02
Nan 8èm epizòd Tech Talk, panelis JGB ak Amédée chita sou kèk sijè varye tankou: Kòman Amédée kreye Tchekem, yon magazen anliy, sa yo rele e-commerce tou, ki vann diferan pwodui sou teritwa Ayisyen an Teknoloji ki dèyè magazen sa a epi kòman li konpare ak Shopify Kòman TikTok retabli sou teritwa etazini jis 24 èdtan aprè banisman li Pil konpetisyon TikTok genyen konye a tankou Likee, Clapper ak lò...
Tech Talk S01E07: Open Mic #techtalk 15.01.2025 1:09:06
Nan 7yèm epizòd Tech Talk, panelis JGB, Amédée avèk Mr. Spider chita sou kèk sijè varye tankou: Posibilite si TikTok ta bani 19 Janvye Rednote kote anpil moun Tiktok kòmanse anvayi l Bon ak move Itilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal yo tankou TikTok Kòman Amédée ap itilize Starlink depi dènye 3 epizòd TechTalk epi li pa di nou anyen 😀 Mizajou sou sit TechTalk la epi yon pwojè diksyonè kreyòl ekip l...
S01E06: Open Mic #techtalk 26.12.2024 1:08:22
https://youtu.be/VQ0jG6YJYI4 Nan 6zyèm epizòd Tech Talk nou chita avèk plizyè nan panelis nou yo pou diskite sou kèk sijè varye epi plan nou pou ane 2025 la.
S01E05: PGecom avèk Esterling Accime 19.12.2024 2:28:12
Nan 5èm epizòd Tech Talk nou chita avèk Esterling Accime, kreyatè PGecom, pou ba nou detay sou platfòm nan. Nou touche pwen/kesyon sa yo: - Kisa PGecom ye? - Kisa ki motive w kreye PGecom? - Ki avantaj PGecom bay parapò ak menm lòt kalite sèvis ki disponib an n Ayiti? - Ki valè difikilte ou te jwenn nan kreye PGecom? - Ki kontak pou w genyen pou entegre MonCash nan platfòm ou? Paske li sanble d...
Tech Talk Ep 04: Social Media Management avèk Arserno Aurélus 12.12.2024 2:05:17
YouTube => https://youtu.be/oYIA6OaAelE Nan epizòd sa a nou chita avèk Arseno Aurélus, yon ekspè nan zafè Social Media/Medya Sosyal/Rezo Sosyal pou touche pwen sa yo: - Kisa social media/medya sosyal ye? - Kisa social media management/jesyon medya sosyal ye? - Kijan Yon moun kapab fòme tèt li nan metye a? - Kibò l ap jwenn fòmasyon? - Konbyen kòb yon moun ki ap travay nan domèn medya sosyal yo...
Tech Talk Ep 03: Kat Kredi avèk Eustache Luckens Yadley 04.12.2024 2:42:02
Nan epizòd sa a nou touche pwen sa yo: • Kisa kat kredi ye e konbyen tip kat kredi ki genyen • Diferan fòm kat kredi: Kat fizik ak kat vityèl • Eksperyans nou ak kat vityèl la • Avantaj ak dezavantaj kat vityèl parapò ak kat fizik epi preferans nou • Ki kote epi kòman nou ka jwenn yon kat kredi nan peyi a • Ki kote epi kòman nou ka jwenn yon kat kredi sou entènèt la • Eksperyans nou a...
Tech Talk Ep 02: Starlink avèk Jacob St-Jean 28.11.2024 2:03:55
Tech Talk Ep 02: Starlink avèk Jacob St-Jean https://youtu.be/rcxNLew8uck Nan epizòd sa a nou: • Fè yon rale sou entènèt Ayiti avan nou pale de Starlink • Kisa Starlink ye • Ki eksperyans nou ak Starlink • Kòman Jacob entwodui ak Starlink e kòman li ap itilize li • Kòman Jacob fè monte yon biznis ak Starlink e kòman sa ye • Èske Jacob rekòmande Starlink parapò ak lòt sèvis entènè...
Tech Talk Ep 01: Entwo 21.11.2024 2:04:06
Nan epizòd sa a nou pale de: • Kòman nou te kòmanse • Kòman teknoloji evolye an n Ayiti • Kòman li afekte lavi nou epi kòman nou ap itilize li nan moman an Panèl la te gen Jean Gerard Bousiquot (JGB), Alectine Schleidens (Mr Spider), Jean Bernard Boursiquot, Ricardy Domond ak Amédée Erns Baptiste.
Podcasts similaires
Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics