MANTALITID
MANTALITID
MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Auteur
MANTALITID
Catégorie
Site du podcast
Dernier épisode
1 avr. 2025
Où écouter ?
Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponibleLes podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts
Épisodes
Pèfeksyonis, yon pyèj pou sante mantal 16.08.2020 14:08
Pèfesyonis fè referans ak yon ansanm estanda pèsonèl ki vrèman elve, yon moun fikse tèt li. Estanda sa yo fè moun nan kwè li dwe atenn pèfeksyon nan tout sa l ap fè. Sa ki ka gen konsekans sou byennèt fizik ak emosyonèl li.
Depresyon lè yon fanm ansent 09.08.2020 14:59
Depresyon perinatal, se yon ansanm twoub sikolojik ki afekte « humeur » fi a pandan l nan yon peryòd gwosès, sa ki kapab mete li nan yon eta depresif. Twoub sa yo kapab vini sou dives fòm epi yo kapab gen gwo enpak sou lavi manman ak pitit la.
Kriz emosyonèl 02.08.2020 10:07
Yon kriz emosyonèl, se yon eta ajitasyon ak twoub ki afebli enèji ak kapasite nou nan moman nap afwonte yon sityasyon difisil oswa yon pwoblèm. Donk, inadaptasyon sa vin kreye yon dezòd sikolojik ki ka trennen gwo soufrans emosyonèl si ou pa byen jere li.
Men kòman pou byen fè edikasyon seksyèl timoun yo 19.07.2020 18:32
Edikasyon seksyèl se yon ansanm aktivite aprantisaj sou seksyalite ak devlopman moun. Fòmasyon sa chita sou tout aspè (biyolojik, sikolojik ak sosyokiltirèl) ki anglobe seksyalite kay moun. Men, malerezman, nan kèk fanmi, se yon sijè ki tabou.
Pa konfonn depandans emosyonèl ak lanmou 12.07.2020 19:25
Egzistans lanmou ak afeksyon nan relasyon 2 moun ki renmen, se youn nan pi bèl melanj santiman, emosyon ak pasyon ki te ka egziste. Men, lè youn nan moun yo tonbe nan yon depandans emosyonèl, kote tout byennèt li depann de patnè li a, genyen yon dezikilib sikolojik ki dwe korije an ijans.
7 fason pou jwenn motivasyon nan tout sa wap fè 05.07.2020 12:49
Motivasyon se tout rezon ki pwovoke nou a poze yon aksyon. Se yon konpozant sikolojik, ki gide epi detèmine kondwit nou a yon objektif byen espesyal. Men pafwa, nou konn pèdi motivasyon nan kèk sa nap fè. Sa ki konn vin rann nou manke pwodiktif nan vi nou.
« Solitude » : yon opòtinite pou grandi 28.06.2020 15:50
Nan imajinasyon kolektif la, yo souvan konsidere « solitude » sou yon ang sèlman negatif. Sepandan, lè distans ak moun sa byen pratike, li gen gwo benefis sou devlopman emosyonèl ak espirityèl nou kòm moun.
10 kòmandman sante mantal ou dwe konnen 21.06.2020 14:17
Sante mantal se yon eta ekilib emosyonèl, mantal ak fason nou konpòte nou, ki pèmèt nou devlope tout potansyèl nou kòm moun. Men se pa tout moun ki rive jwi nivo byennèt sa. Alò men 10 fason ou ka rive fè sa.
Enpak viv nan peyi etranje ka genyen sou sante mantal imigran yo 14.06.2020 27:11
Viv nan peyi etranje, lwen fanmi ak zanmi w, sikolojikman, se pa yon avanti ki toujou fasil, menm si li souvan ofri anpil opòtinite nou pap jwenn nan peyi nou. Alò, esansyèl pou imigran an se chèche yon ekilib, pou rive adapte li epi entegre li nan nouvo peyi li ale a.
Kòman pou afwonte lanmò yon moun ou renmen 07.06.2020 22:11
Pèdi yon moun nou renmen, se youn nan pi gwo defi emosyonèl nou ka rankontre nan vi nou. Bliye moun sa se yon bagay enposib. Men si nou aprann konnen kòman pou nou fè dèy la, nou ka rive soulaje soufrans lan, pandan n ap kontinye vi nou san moun ki mouri a.
10 estrateji enpòtan pou aprann renmen tèt ou 31.05.2020 13:54
Pafwa, aprè yon evènman, yon move eksperyans, oswa fas ak yon moman difisil, vi a kapab dezanime nou, fè nou menm pèdi lanmou pou tèt nou. Men, si nou konsyan de sityasyon an, nou ka rebondi pandan n ap aprann renmen tèt nou.
Men kòman ou ka kontwole panse negatif yo 24.05.2020 29:46
Panse negatif se yon ansanm pèsepsyon ak konpreyansyon nou genyen sou pwòp tèt nou oswa de mond lan ki pa souvan kadre ak sa reyalite a. Ide irasyonèl sa yo kapab afekte tout aspè nan vi nou, soti nan byennèt nou pou rive nan rapò nou devlope ak lòt moun.
Aparèy teknolojik yo kapab yon danje nan devlopman timoun yo 17.05.2020 13:05
Aparèy teknolojik yo (televizyon, tablèt, telefòn entelijan) kapab itil nan amelyore rannman kek aktivite timoun yo. Men, konsa tou yo kapab tounen yon gwo danje nan devlopman mantal ak sosyal yo tou, sitou lè itilizasyon an pa byen fèt.
Vyolans seksyèl : yon krim nou dwe konbat 10.05.2020 15:41
Vyolans seksyèl, se tout kontak ak tantativ rapò seksyèl ki fèt sou yon moun san konsantman li. Vyolans sa ka pran divès fòm tankou asèlman, presyon sikolojik, fòs fizik, penatrasyon fòse elatriye. Se yon krim ki gen gwo enpak nan lavi viktim yo. Kèk nan yo konn menm rive touye tèt yo aprè.
Èske masisi ak madivin se yon maladi ? 03.05.2020 11:07
Seksyalite kay moun se tout kondisyon anatomik, fizyoloji, sikolojik, sosyolojik, kiltirèl ki karakterize nou epi defini idantite nou kòm moun. Men, nou tout pa gen menm oryantasyon seksyèl. Alò, èske 2 moun menm sèks ki gen rapò seksyèl se yon twoub mantal oswa yon pwoblèm emosyonèl ?
Pa gen sistèm edikatif san Sikològ 26.04.2020 13:33
Sikoloji Edikatif, se yon branch nan sikoloji, ki gen pou misyon etidye kòman transmisyon ansèyman ak aprantisaj yo ap fèt nan lekòl yo. Objektif li se analize epi konprann pwosesis aprantisaj la, answit devlope strateji ki pèmèt elèv ak etidyan yo aprann pi byen epi bay pi bon rezilta.
Kilè yon moun antisosyal ? 19.04.2020 12:56
Twoub Pesonalite Antisosyal karakterize pa yon tandans jeneral, kote yon moun montre li endiferan vizavi nòm sosyal yo epi manifeste mepri ak ensansibilite pou emosyon ak dwa lòt moun.
15 konsèy enpòtan pou ka viv pi byen 12.04.2020 14:19
Byen viv, viv byen, pa depann sèlman de nivo sosyal ak ekonomik yon moun. Selon objektif ak aspirasyon yo, chak moun mennen vi yo yon jan. Men, an jeneral, tout moun ta swete gen yon vi ki fè li plezi. Men pou sa, gen kèk prensip pou aplike.
Pou kisa li enpòtan pou gen OBJEKTIF nan vi ou 05.04.2020 13:45
Pou kèk moun, fikse yon objektif epi reyalize l se yon bagay natirèl. Pou anpil lòt, sa mande yon gwo efò. Dayè, gen moun ki pa janm gen objektif nan vi yo. Ki enpòtans objektif yo nan devlopman pèsonel nou kòm moun ? Se sijè setyèm epizòd Mentalitude la.
Coronavirus : kòman pou nou pwoteje sante mantal nou 22.03.2020 21:05
Sou yon fòm ou yon lòt, moun renmen santi li an sekirite. E yon fwa sekirite sa menase, li ka kreye dezòd emosyonèl lakay nou tankou strè, ansyete elatriye. Ebyen jounen jodi a, youn nan bagay ki mete anpil nan nou sou yon gwo panik emosyonèl la se pwopagason nouvo Coronavirus la ki rele Covid-19 ki pa sispann enfekte epi touye moun preske nan tout mond lan.
10 prensip enpòtan pou ka gen yon pi bon vi seksyèl 15.03.2020 19:30
Seksyalite kay moun fè referans ak dimansyon fondamantal nou kòm moun. Se tout sa ki defini nou, ki reprezante idantite nou. Rapò seksyèl yo gen anpil benefis pou sante fizik ak sante mantal nou. Men, malerezman, pou yon rezon ou yon lòt, se pa tout moun ki jwi de sa.
Kòman rezo sosyal yo ka afekte sante mantal nou 08.03.2020 18:21
Rezo sosyal yo ofri anpil avantaj ki fasilite aktivite nou. Men, tankou nenpòt lòt envansyon, yon move itilizasyon rezo sosyal yo ka genyen gwo konsekans nan vi nou, sou sante mantal nou, sitou lè nou tonbe nan adiksyon.
Sispann tann APWOBASYON lòt moun 01.03.2020 18:54
Nesesite apwobasyon, se yon tandans ki fè anpil moun toujou ap chèche akseptasyon lòt moun pou yo santi yo byen sikolojikman oubyen pou pran nenpòt desizyon nan vi yo. Men san rann kont, ABITID sa vin konvèti a yon adiksyon, ki vin rann yo depann de lòt moun.
Pouvwa ABITID yo genyen nan vi nou 23.02.2020 13:25
San nou pa rann nou kont, abitid yo enstale yo nan vi nou. Jou aprè jou, nan tout sa nap fè oubyen òganize, nou souvan repete amenm panse ak aksyon nou yo. Ki sa yon abitid ye ? Kòman li fonksyone ? Kòman nou kapab modifye li ? Repons ak tout kesyon sa yo nan dezyèm epizòd Mentalitude la.
Tout sa ou dwe konnen sou Depresyon 16.02.2020 46:32
Depresyon se yon twoub mantal, kote moun moun ki afekte a prezante yon "tristesse profonde" et pèdi tout enterè ak plezi pou tout aktivite. Twoub emosyonel sa etann li sou yon tan remakab. Depresyon pwodwi yon efè nefas non selman nan vi moun ki Deprime, men tou sou antouraj li, travay li elatriye.
Podcasts similaires
Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics