MANTALITID
MANTALITID
MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Auteur
MANTALITID
Catégorie
Site du podcast
Dernier épisode
1 avr. 2025
Où écouter ?
Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponibleLes podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts
Épisodes
Aprann bay tèt ou priyorite 25.04.2021 11:53
Pou divès rezon, anpil nan nou konn souvan gen tandans bliye tèt yo, neglije nesesite yo, pou reponn ak bezwen lòt moun. Solidarite ak jenewozite, se kèk kalite fondamantal pou amonize rapò nou ak lòt moun. Men, sa dwe pratike nan yon ekilib ki pap detwi byennèt pa nou.
Enpak sikolojik règ ka genyen nan lavi yon fanm 18.04.2021 31:59
Jiskaprezan, règ medam yo rete yon sijè tabou. Anpil moun, gason sitou konn banalize l. Nan nouvo epizòd Mentalitude sa, ak doktè Kerry Norbrun nou gade sa règ la ye menm, epi wè ki enpak sikolojik li ka gen nan lavi fanm yo. Answit, 4 fi pale de eksperyans yo ak règ yo.
Men kòman ou ka devlope entelijans emosyonèl ou 11.04.2021 21:49
Entelijans emosyonèl se yon ansanm abilite natirèl nou genyen, ki ka pèmèt nou rive gen kontwol sou santiman ak emosyon nou yo, nan lide pou favorize non sèlman yon pi bon devlopman pèsonèl nou, men tou favorize bon jan rapò sosyal nou ak lòt moun.
7 gwo benefis meditasyon genyen pou byennèt nou 28.03.2021 18:40
Meditasyon fè referans ak yon ansanm egzèsis mantal ak refleksyon yon moun mete l nan pozisyon pou li fè sou yon bagay an patikiliye. Se yon aktivite ki gen yon aspè espirityèl, kote finalite a se rive modifye emosyon pratikan an nan yon sans pozitif, pou favorize byennèt li.
7 teknik pou ede w jere estrès 21.03.2021 12:41
Sou yon fòm ou yon lòt, aktivite n ap antreprann yo, sityasyon n ap fè fas nan vi a konn rann nou estrese. Si estrès la parèt inevitab, men genyen fason nou ka fè fas ak li.
7 move abitid ki ka ogmante estrès nou 28.02.2021 10:59
Konpòtman ak atitid nou se pami faktè ki ka deklannche estrès lakay nou. Anpil fwa, fas ak sityasyon yo, reyaksyon nou yo konn detèminan nan nivo estrès ki ka afekte nou. Se pou sa gen kèk move abitid nou dwe elimine.
Tout sa ou dwe konnen sou estrès 21.02.2021 18:53
Estrès se yon reyaksyon natirèl kò nou genyen fas ak yon menas oswa yon danje. Se yon eksperyans emosyonèl ki trennen ak li yon chanjman rapid fizyosikolojik nan konpòtman nou. Lè estrès la pèsiste li ka gen gwo konsekans sou sante nou an jeneral.
Pou yon pi bon entegrasyon nan peyi etranje 14.02.2021 18:19
Sikolojikman, viv nan peyi etranje pa toujou yon avanti ki fasil, menm si l ka ofri anpil opòtinite. Men, si n rive adapte n, se kapab yon bèl eksperyans. Gusterline Charles, yon espesyalis nan sikoloji endistriyèl òganizasyonèl ap eksplike n kòman n ka fè sa.
Relasyon toksik 31.01.2021 20:01
Lè 2 moun ki renmen chwazi viv ansanm nan lanmou ak konpreyansyon sa mande, se yon bèl senbyoz. Men, konsa tou, anpil fwa relasyon koup yo konn tounen yon lyezon konplike. Ki sa ki koz sa? Ki karakteristik yon relasyon toksik? Kòman nou ka sòti nan yon relasyon ki pap mache?
Ti koze ak yon moun andikape 25.01.2021 20:29
Anpil moun nan sosyete a konn aji ak prejije epi diskriminasyon kont lòt moun ki gen yon andikap fizik oswa mantal. Sa ki konn afekte lavi moun ki andikape a. Nan epizòd Mentalitude sa, Mildred Latortue ki fèt ak yon andikap fizik ap pale nou de eksperyans li.
Aprann viv nan lajwa 17.01.2021 13:07
A yon moman ou yon lòt, nou konn fè fas ak kèk sityasyon ki vini ak fristrasyon, desepsyon ak tristès, sa ki kapab afekte byennèt nou. Men, ak entelijans, nou ka aprann kiltive lajwa ak kè kontan lakay nou. W ap jwenn 8 sekrè nan epizòd Mentalitude sa.
Gratitid, yon bon alye pou sante mantal 10.01.2021 14:08
Gratitid se yon eta despri, yon santiman rekonesans anvè yon moun ki fè byen ak nou, ki ensite nou fè yon jès an retou. Kidonk, se yon repons emosyonèl a yon bagay nou resevwa. Men, ki enpòtans li genyen sou sante mantal ak sante fizik nou? Repons la nan epizòd Mentalitude sa.
Enèji pozitif pou 2021 27.12.2020 22:15
Ane 2020 an se te yon ane difisil nan tout sans. Ki leson ou aprann de li ? Ak ki santiman ak enèji w ap antre nan 2021 an ? Epizòd Mentalitude sa ap ede ou nan elabore yon plan estratejik, nan lide pou byen antre nan nouvo ane a.
Aba vyolans sou timoun 20.12.2020 27:56
Vyolans enfantil, se yon pwoblèm mondyal ki genyen gwo konsekans non sèlman sikolojik ak sanitè sou ti moun ki viktim nan, men tou repèkisyon yo afekte sosyete a an jeneral. Paske yon timoun ki viktim de nenpòt tip de vyolans nan anfans li, genyen risk pou devlopman pèsonèl li ak diyite l afekte kòm moun.
Atachman emosyonèl, atansyon danje 13.12.2020 22:06
Atachman emosyonèl se yon lyen afektif ki egziste ant 2 moun, kote gen yon tandans pou moun sa yo toujou gen yon kontak pèmanan, sitou yon prezans fizik. Lyen afektif sa souvan entans, dirab epi li jwenn sans li nan reyaksyon resipwòk ki devlope ant 2 moun yo. Objektif yon relasyon sa konsa, se chèche yon pwoteksyon, yon sekirite, sitou nan moman difikilte yo.
Enfliyans rezo sosyal yo sou konpòtman nou 22.11.2020 39:12
Nan yon fòm ou yon lòt, itilizasyon rezo sosyal yo pote anpil chanjman nan fason nou viv. Èske yon moun ka gen yon konpòtman sou rezo sosyal yo epi li gen yon lòt konpòtman nan lavi reyèl li ? Kòman konsomasyon n ap fè sou rezo sosyal yo ka modifye konpòtman nou ? Pou kisa tout mou ap chèche bay yon bèl aparans sou rezo sosyal yo ?
7 etap pou ogmante konfyans nan tèt ou 08.11.2020 10:55
Genyen konfyans nan tèt nou, se yon eleman endispansab nan devlopman pèsonel. Men, pou yon rezon ou yon lòt, nou konn rive nan yon moman nan vi a, nou pèdi konfyans nan tèt nou. Sa ki konn pwovokove yon parilizi sikolojik, ki anpenche nou avanse. Men 7 fason nou ka jere sa.
Evite pran nan manipilasyon 01.11.2020 13:30
Nan rapò sosyal nou ak lòt moun, tankou fanmi, zanmi, kòlèg travay, konn gen yon moun ki toujou vle pwofite de nou, pran kèk avantaj sou nou. Gen moun ki espesyalize yo menm nan sa. Pwofi y ap chèche tire a kapab vini sou divès fòm. Men, si ou vle, ou ka evite tonbe nan pyèj sa.
Santiman kilpabilite 25.10.2020 14:00
Rekonèt erè ou, se youn nan pi bon fason pou grandi kòm moun. Kindonk, santiman kilpabite itil nan ede nou devlope pi bon rapò sosyal ak lòt moun. Men konsa tou, li ka tounen yon pwazon pou byennèt nou, sitou lè li dire twòp.
Ou ka transfòme lavi w 18.10.2020 18:15
Ou konn rive nan yon enpas nan lavi w, ou pa wè kijan pou avanse, akoz yon sityasyon difisil. Poutan, altènativ pou rebondi a la, men nou souvan pa konn kòman. Nan epizòd Mentalitude sa, an plis eksperyans envite a, nou pataje ak ou, yon plan estratejik pou ede w transfòme lavi w nan nenpòt sikonstans lan.
Aprann di NON 11.10.2020 22:21
Rann sèvis, bay kado, reponn ak envitasyon, se yon seri aksyon ki amonize relasyon nou ak lòt moun. Men, sa dwe fèt nan yon ekilib ki pap deranje byennèt pèsonèl pa nou.
Fè obstak yo tounen opòtinite 04.10.2020 26:13
Nan chak obstak, gen omwen yon opòtinite. Sa depann kòman ou abòde pwoblèm nan. Nan epizòd Mentalitude sa, Fedner Pierre, Nelson Deshommes, Sylvain Exavier ak Sondy Pierre pataje ak nou eksperyans yo, kòman yo te rive transfòme yon pwoblèm an opòtinite.
Maladi damou 20.09.2020 11:50
Maladi damou, se yon eksperyans santimantal ak emosyonèl, ki tradwi yon eta sikolojik yon moun ki santi yon veritab obsesyon pou yon lòt moun li renmen. Men, santiman yo pa toujou resipwòk, sa ki konn koze gwo soufrans kay moun ki tonbe damou an.
10 bon rezon pou ta konsilte yon sikològ 30.08.2020 26:04
Al wè sikològ, pa nan abitid anpil moun. Poutan, sikològ yo la pou ede n afwonte kriz emosyonèl ki ka afekte byennèt nou. Nan epizòd Mentalitude sa, Carel Pedre, Christine, John ak Senghor eksplike rezon ki te fè yo al wè yon sikològ epi kòman eksperyans lan te ye.
Enpòtans sante mantal nan devlopman pèsonel 23.08.2020 10:42
Chak moun k ap viv, ta swete atenn yon nivo satisfaksyon pesonel nan vi yo. Men, akonplisman sa ap difisil san yon bon sante mantal, ki se yon konpleman endispansab pou nou rive devlope kapasite nou kòm moun.
Podcasts similaires
Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics