Wakenson Plaisimond
Ann Koze
Ann koze se yon podkas ak jèn pou jèn, Ann koze se podkas lajenes la. pou rezon sa map envitew Vin tande Bon ak bèl sijè enteresan kap fomew , kap enfomew, kap fè kew kontan. Ann koze se yon podkas kap soti chak semèn ak yon sijè diferan nan lide pou mete moso lajwa nan kèw, pou kontribiye nan bonè w. Byen vini e mèsi pou sipòw. Ann koze prezante pa Wakenson Plaisimond. Wadoo12p
Auteur
Wakenson Plaisimond
Catégorie
Site du podcast
Dernier épisode
16 mai 2026
Où écouter ?
Les podcasts dans l'appli Replaio Radio Bientôt disponibleLes podcasts arrivent très bientôt dans l'appli. Installe-la dès maintenant et découvre en avant-première une toute nouvelle façon de vivre les podcasts
Épisodes
#63 Girl code. Fanm paka zanmi fanm? 16.05.2026 1:25:56
Nan nouvo epizòd Ann Koze sa a, nou resevwa SJ ak Lady Cays pou yon gwo dyalòg san filtè sou Girl Code — règ, prensip, ak solidarite ki egziste ant fanm yo. Men yon gwo kesyon ki toujou ap poze: Eske fanm se vrèman enmi fanm? Nou pale sou: Girl Code ak valè li Jalouzi ak rivalite ant fi Ex zanmi, sekrè, respè ak trayizon Sitiyasyon reyèl anpil fanm deja viv Yon epizòd ouvè, onèt, ak anpil opinyon...
#62 Eske yon fanm ka avòte san konsantman mari l? 30.03.2026 1:31:17
Nan epizòd sa a, ki soti dirèkteman nan youn nan live ki te pi cho yo, nou louvri yon gwo deba san filtè sou avòtman. Èske yon fanm ka fè avòtman san li pa di patnè li? Èske fè pitit dwe planifye… e avòtman tou? Oswa èske se senpleman: kò mwen, chwa mwen? Nou antre tou nan kesyon responsablite gason an. Si yon fanm pran desizyon pou li fè avòtman oswa kenbe gwosès la san li pa mete gason an okoura...
#61 Podcast live. ayisyen pa vle abite kot ayisyen altranje. 27.03.2026 59:05
Nan epizòd sa a nan Ann Koze, nou pran yon sijè ki cho anpil 🔥 : Poukisa gen kèk ayisyen ki pa vle abite kot ayisyen aletranje oswa menm pa vle idantifye yo kòm Ayisyen ? Soti nan yon live kote plizyè moun te bay opinyon yo, nou rasanble diferan pwen de vi sou kestyon an : 🎓 Edikasyon : èske fason nou leve ak aprann enfliyanse jan nou wè tèt nou ? 🤝 Solidarite : èske vrèman “Ayisyen pa ede Ayis...
#60 Lanmou pa egziste. 23.03.2026 36:07
Èske lanmou pa egziste vre… oswa se yon ilizyon nou kreye pou nou pa santi nou pou kont nou? Nan epizòd sa a nan Ann Koze, nou pran yon mesaj ki di lanmou pa egziste, epi nou fouye pi fon pou konprann: Poukisa gen moun ki pèdi lafwa nan lanmou apre yon relasyon? Èske se lanmou ki pa egziste… oswa fason nou ap viv li ki pa bon? Èske relasyon jodi a vin tounen yon echanj enterè? Nou pale sou: 💔 Ble...
#59 Podcast live. Eske w ap kite madanm ou oubyen mari w paske l gen movèz alèn? 17.03.2026 3:34:59
Nan yon nouvo edisyon Ann Koze Podcast Live sou TikTok, nou mete limyè sou yon sijè delika men trè enpòtan nan relasyon : 👉 Si patnè ou gen move alèn, kijan ou ka pale avè l pou jwenn yon solisyon san ou pa blese santiman li ? Plizyè entèvenan pran lapawòl pou bay opinyon yo, pataje eksperyans pèsonèl yo ak konsèy sou fason pou kominike ak respè, sansiblite ak lanmou. Nou pale sou konfyans nan re...
#58 Podcast live pati 3. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan? 13.03.2026 2:23:00
Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a : 👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ? Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la. Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabi...
#58 Podcast live pati 2. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan? 13.03.2026 1:07:38
Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a : 👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ? Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la. Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabi...
#58 Podcast live pati 1. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan? 13.03.2026 1:07:38
Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a : 👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ? Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la. Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabi...
#57 Gratitude / Yon bèl Thank you. 23.12.2025 15:03
Nan epizòd espesyal sa a, Ann Koze pran yon moman pou di mèsi. Mèsi pou fanmi an, zanmi yo, kolaboratè yo, sponsò yo, epi tout moun ki te soutni podcast la pandan ane 2025. Epizòd sa a se pa yon deba, se yon jès rekonesans. Li se tou yon envitasyon pou chak moun pran desizyon pou remèsye moun ki te fè yon bagay pou yo, kit se yon ti jès, kit se yon gwo sipò, menm lè se te yon sèvis peye. Paske rem...
#56 Tout moun sou rezo sosyo se bon moun? 08.12.2025 10:20
Nan epizòd sa a, n ap antre pwofondman nan fason moun prezante tèt yo sou rezo sosyo. Paske jodi a, sou ekran an, tout moun sanble janti, sensè, e prèske pafè. Men èske se verite a? Nou pral pale de mask moun mete, estrateji kèk moun itilize pou touche konfyans ou, ak danje ki genyen lè w fye aparans san w pa konnen moun nan an reyèl. Epizòd sa a ap ede w dekode konpòtman sou rezo yo, pwoteje tèt...
#55 Valè w depase aparans fizik ou. 29.11.2025 10:21
Nan epizòd sa a, nou pale ak tout moun ki tj sibi bullying poutèt fizik yo . Sosyete a renmen fè moun kwè bote se sèl bagay ki bay valè , men se yon manti k ap kraze rèv, kè, ak konfyans anpil moun. Jodi a, Ann Koze vini ak yon mesaj klè: Ou bèl. Ou espesyal. Ou kapab. Valè w depase figi w, kò w, gwosè w, ak tout sa je moun konn jije. Bullying ka fè bri, men li pa ka efase limyè ki anndan w. Episo...
#54 Gen 3 moun ki pi enpòtan pase w. 19.11.2025 6:30
Nan epizòd sa a, nou pale sou yon verite anpil moun bliye:pa gen pèsonn ki pi enpòtan pase w.pa gen pèsonn ki pi plis pase w. Sosyete a fè w kwè moun ki gen lajan, pouvwa oswa popilarite gen plis valè pase w…Manti sa yo rive kraze konfyans ou, fè w doute de tèt ou, pran fòs ou pou swiv rèv ou. Jodi a, mwen la pou raple w:Ou entelijan. Ou kapab. Ou se reyisit la menm.kwe nan tet ou. Lè ou imajine f...
#53 Ki zanmi ou dwe valorize? 05.11.2025 18:03
Nan yon mond kote anpil moun ap chèche atansyon, validasyon, ak zanmi pou fè bèl foto sou rezo sosyal… vrè zanmi yo vin ra. Epizòd sa a se yon rapèl pou nou rekonèt epi apresye moun ki reyèlman vle wè nou grandi. Nou pale sou kalite zanmi ki mache ak ou nan moman difisil, ki korije ou ak lanmou, ki selebre siksè ou san jalouzi, epi ki mete non ou lè gen opòtinite. Zanmi ki pouse ou pou vin pi bon...
#52 Nomalize moun ou renmen an pa oblije renmen w. 14.10.2025 6:10
Nan epizòd sa a, nou ap pale de yon bagay anpil moun pa vle tande: rejè lanmou. Wi, lè yon moun ou vle, pa vle ou. Lè ou bay kè w, men ou jwenn yon “mwen pa santi menm bagay la.”Anpil moun vin pran sa kòm yon ofans, yo vin fè lènmi ak moun ki te jis onèt. Men èske se sa ki nesesè?🎧 Ann Koze sou sijè a san rans, san ego, san rayi. Ann aprann ansanm pou aksepte “non an” avèk diyite, san pèdi lanmou...
#51 Aplike metòd miwa a. 10.10.2025 8:36
Nan epizòd sa a, nou pale sou yon tèm ki senp men ki gen anpil sans: Metòd miwa a. Se yon fason pou w aprann bay moun menm enèji yo ba ou. Si yo pa swete w bon fèt, pa fache — jis pa fòse bagay yo. Si yo pa montre enterè, pa kontinye pouse. Lavi vin pi lejè lè ou sispann bay plis pase sa w resevwa. Nan epizòd sa a, n ap reflechi sou balans, lanmou pwòp tèt, ak fason pou w pwoteje lapè ou. Tande ji...
#50 Si telefòn ou ak 3% chaj, eske w t ap prete yon lot moun chajè w la? 07.10.2025 12:55
Nan epizòd sa a, nou poze yon kesyon senp men pwofon: 🔋 “Ou ta p prete chajè w si telefòn ou gen sèlman 3% chaj” Kesyon sa a se yon metafò sou lavi a. Anpil fwa, nou toujou bay lòt moun lanmou, tan, ak enèji nou, men nou souvan bliye tet nou. Men lè nou bouke, lè batri nou dechaje eske nou sonje pran swen tet nou. 🎙️ Nan epizòd sa a, nou pale sou: ✨ Enpòtans pran swen tèt ou ✨ Diferans ant lanm...
#49 Ou pa mawozo vre 09.03.2025 1:36
Ou pa mawozo vre. Jodi a, anpil moun panse si w chwazi renmen yon sèl moun, si w fidèl, si w pa kouri dèyè chak fanm ki pase devan w, ou se yon mawozo. Men kite m di w yon bagay: sa pa fè w mawozo sa fè w yon moun ki gen prensip! 💯🔥 Si w dako ak sa, kòmante anba: "M pa mawozo, mwen eksklizif!" 👇🏾 #Mpamawozo #Mweneksplizif #LanmmouReyèl #Fidèlite #Eksklizivite #Respè #ValèTètOu #PaKit...
#48 Avantaj mete limit 07.03.2025 1:36
Avantaj mete limit. Tout moun ki mal alèz ak limit ou yo se paske yo te abitye depase yo. Mete limit pa vle di w egoyis, ni li pa vle di w difisil… li vle di w renmen tèt ou ase pou pwoteje tèt ou. ✨🔥 #LimitPaPwoblèm #AmouPwòp #PwotejeTètOu #FèRespèkteW #MeteLimit #KonprannValèW #RelasyonSante #KonvèsasyonReyèl #Haiti #Motivasyon #haitianpodcast #podcast #Podkas #Wadoo12p #Wadooshoot #WakensonPl...
#47 Mwen fyè de ou 04.03.2025 1:58
Ou te pase nan moman difisil san pèsonn pa remake sa, men ou kenbe fèm, ou avanse, epi ou reyalize anpil bagay. Mwen fyè de ou, fyè pou tout sa ou akonpli, pou tout sa ou reyalize. Pa janm sispann kwè nan tèt ou, kontinye klere! #MwenFyèDeOu #Siksè #Motivasyon #KwèNanTètOu #PaJanmAbandone #LesonLavi #KontinyeKlere #FòsAkDetèminasyon Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wak...
#46 Kominikasyon se kle tout relasyon 15.02.2025 1:55
🗣Kominikasyon se kle Tout Relasyon 🗣 Kominike ka sove yon relasyon, li ka evite move konprann. Li ka geri. Twòp fwa nou chwazi silans olye nou eksprime sa nou santi… men silans pa toujou pwoteje, pafwa li detwi. Pa rete ak dout. Pa kite laperèz fè w pèdi sa ki enpòtan. Pale. #Pale #Kominikasyon #LapèLespri #KèPoze #FèYonKoze #SanBaboukèt #Relasyon #PawòlGenPwa #AnnKoze Support this podcast: https:...
# 45 Nomalize moun ou renmen an pa oblije ave w 13.02.2025 1:58
💓Li pa oblije ave w.💓 Gen moun ou ta renmen nan lavi w, men sa pa vle di lioblije renmen w tou. Se pa paske yon moun pa wè yon avni avè w ki fè w pa ase bon, ni ase valab. Ou merite yon moun ki chwazi w san ezitasyon, san w pa bezwen chanje pou l renmen w. Aprann aksepte, aprann kite ale, epi sonje ou merite yon pi bon. #RenmenTètOu #LanmouPwòp #OuMeritePiBon #FèChwaPouOu #SelfLove #Ayiti #KèPoz...
#44 Aprann di w pa merite sa. 11.02.2025 1:34
🤩Aprann di w pa merite sa. 🤩 Lavi a twò kout pou w aksepte move tretman, neglijans, oswa mank de respè. Si yon bagay pa fè w byen, ou gen dwa ale! Chwazi tèt ou se pa egoyis, se lanmou pwòp. Ou vo plis pase sa yo panse a. #LanmouPwòp #SelfLove #RespekteTetOu #MoveTretmanPaPouMwen #MwenVoPlis #Motivasyon #PaPeJanmAle #Ayiti #HaitianInfluencer #HaitianContent #AprannAle #KonprannValew #Konfyanste...
#43 Ou nan chimen gerizon an 08.02.2025 1:59
💛Ou nan chimen gerizon an.💛 Gen moman nou santi n ap avanse, men nou pa fin sèten si n rive geri. Men gen kèk siy ki montre w sou bon chemen an! Si ou rekonèt ou nan youn ladan yo, sonje: w ap fè pwogrè! Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo...
#42 Gen bèl jou k ap vini. 05.02.2025 1:50
❤GEN BÈ L JOU K AP VINI.❤ Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo kote yo merite. Kenbe fèm, gen bèl jou k ap vini. #Lavi #KenbeFèm #Espwa #Refleksyon #Motivasyon #BonKè #Fòs #TiPaTiPaNapRive #BèlJouYoVini #fòs #limyè Support this podcast: https:...
#41 Pa ret atache ak sa k ap fe w mal 03.02.2025 1:27
🖤 PA RETE KOLE AK SA K FÈ W MAL 🖤 Gen moun nou kenbe, relasyon nou pa vle lage, sitiyasyon nou tolere… jis paske yo fè nou souri de tan zan tan. Men, èske sa vo lapèn? Èske yon souri ka konpanse tout soufrans, tout dout, tout lanmou ki pa ase yo? Nan videyo sa, n ap pale sou lanmou ki fè mal, sou jan nou konn konfonn ti moso kè kontan ak vrè bonè. Ou merite plis pase ti gout afeksyon ki pa konti...
Podcasts similaires
Replaio n'est pas éditeur de podcasts ; les noms des émissions, les visuels et l'audio appartiennent à leurs auteurs et sont diffusés via des flux RSS publics