Storly Michel
Teyoloji E Sosyete
Yon espas ekspoze, kòmantè e eprantisaj ki ba w bon jan enfòmasyon e touche plizyè sijè sosyal k ap fè aktyalite nan moman an.
Besuch unbedingt die Website des Podcasts und unterstütze die Macher: teyolojisosyete.podbean.com
Autor
Storly Michel
Kategorie
Podcast-Website
Neueste Folge
22. Apr 2025
Wo hören?
Podcasts in der App Replaio Radio Bald verfügbarPodcasts kommen bald in die App. Installiere sie jetzt und erlebe als Erster einen ganz neuen Blick auf Podcasts
Folgen
Viza Biden Ak Anrejistreman Imigran 22.04.2025 29:50
Me Frandley Denis Julien ap reponn kesyon ki genyen sou viza Biden ak Anrejistreman imigran nan mikwo past Storly Michel sou ond Radyo Tele 4VEH.
4VEH 75th Brooklyn April 2025 15.04.2025 29:50
Past Joseph Victor, nan 1ère Église Baptiste Haïtienne de Canarsie, Brooklyn, NY ap pale sou plan Bondye nan etablisman legliz l ap dirije a, sou eksperyans li ak 4VEH e ap envite w nan gwo sèvis adorasyon k ap fèt nan Brooklyn pou Selebre 75 rekòt kafe Radyo Tele 4VEH.
4VEH: Viza Biden, avril 2025 08.04.2025 29:50
Past Storly Michel ap resevwa Me Nunotte Zama, yon avoka nan imigrasyon, k ap pale sou sitiyasyon moun viza Biden yo Ozetazini an avril 2025.
4VEH: 25 Ans Radio Sentinelle 02.04.2025 29:50
Past Storly Michel nan Teyoloji & Sosyete sou Radyo Tele 4VEH ap resevwa Me Osner Févry k ap pale sou 25e Anivèsè Radyo Sentinelle, yon radyo ki konsakre pou sèvi legliz e pwopaje bon nouvèl levanjil Jezikri a. Wout la pa fasil men Bondye fidèl e l toujou akonpanye pitit li yo. Pa rate okazyon koute e pataje bèl entèvyou sa a.
Gala Apresiyasyon Me Leroy Jean François 23.09.2024 29:50
Past Storly Michek ak 4VEH resevwa Me Leroy e Dr Junias sou gala apresiyasyon asosiyasyon ansyen elèv CPN ap òganize samdi 28 septanm 2024 pou onore plis pas 70 zan sèvis Me Leroy nan domèn edikasyon nan vil Okap. Branche 4VEH Site Web: 4veh.org Facebook : https://www.facebook.com/radiotele4veh Youtube: https://www.youtube.com/@4VEH Twitter : https://twitter.com/Radio4VEH?s=09 Instagram: https:...
Konsè 74e 4VEH, Orlando: Maudza Josué 20.05.2024 29:50
Entèvyou ak atis Maudza Josué sou gwo konsè ki va fèt nan legliz FHABCO nan vil Orlando nan okazyon 74e Anivèsè Radyo Tele 4VEH, samdi 25 me 2024 a 7:00 PM. Nan lis atis ak gwoup k ap pèfòme yo nou jwenn: Junior Chaha, Daniella Lindor, Dr. Ketia Cherenfant, Darlyne Fromosa, Maudza Josué, Emmanuel Garilus, Vilnive Nelson, Michelle Angrand, Gérard Pierre Rénélus ak Groupe Omega.
Concert 74e 4VEH, Orlando: Groupe Omega 13.05.2024 29:48
Entèvyou ak Larieux Resignac basis gwoup Omega sou gwo konsè ki va fèt nan legliz FHABCO nan vil Orlando nan okazyon 74e Anivèsè Radyo Tele 4VEH, samdi 25 me 2024 a 7:00 PM. Nan lis atis ak gwoup k ap pèfòme yo nou jwenn: Junior Chaha, Daniella Lindor, Dr. Ketia Cherenfant, Darlyne Fromosa, Maudza Josué, Emmanuel Garilus, Vilnive Nelson, Michelle Angrand, Gérard Pierre Rénélus ak Groupe Omega.
Konferans 13 Fevriye 2024 06.02.2024 29:53
Past Storly Michel ap resevwa Bishop Joanem Floréal (Past Fanfan) ap bay enfòmasyon sou yon gwo konferans deba k ap fèt Versaille nan vil Okap madi 13 fevriye 2024 8:00 AM ak konferansye: Ekonomis Etzer Emile, Agwonòm Edson Lubin, Jij Frito Aristile sou sijè "L’engagement du Chrétien dans le développement de son pays."
Kalandriye Aktivite Okap - 200e Batis An Ayiti #4-4 12.12.2023 29:50
Sa se 4e e dènye pwogram n ap fè nan seri 4 pwogram nou genyen avèk Dr. Joseph Voltaire, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantnè fwa Batis la an Ayiti. Nou te pale sou orijin Legliz Batis an jeneral, reyalite relijyon krisyanis la nan peryòd kolonyal la, e 1e batèm ki te fèt sou tout lil Ayiti a. Jodia n ap pote kèk presizyon e prezante kalandriye aktivite ki genyen nan dènye semen selebr...
1e Batèm Pa Imèsyon - 200e Batis An Ayiti #3-4 10.12.2023 29:50
Nou rive nan 3e epizòd seri 4 pwogram n ap fè ak Dr. Voltaire Joseph, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantnè fwa Batis la an Ayiti. N ap pale jodia sou premye fwa te gen batèm pa imèsyon sou tout lil Ayiti a an desanm 1823 nan vil Okap ak plizyè lòt fè istorik.
Krisyanis Nan Koloni a, 200e Batis An Ayiti #2-4 09.12.2023 29:50
2e nan 4 pwogram n ap fè ak Dr. Voltaire Joseph, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantenè fwa Batis la an Ayiti baze sou reyalite relijyon Krisyanis la nan peryòd kolonyal la nan Sendomeng. Kòman nou ka konprann yon entèpretasyon ki te soutni lesklavaj ? Eske entèpretasyon sa a te baze sou Labib ? N ap trete kesyon sa yo ak anpil lòt nan pwogram jodia.
Orijin Legliz Batis - 200e Batis An Ayiti 07.12.2023 29:50
Sa se premye nan yon seri 4 pwogram nou reyalize avèk Dr. Joseph Voltaire, pastè Premye Legliz Batis nan Okap sou Selebrasyon 200 zan Batis an Ayiti. N ap pale fwa sa sou orijin fwa Batis la, yon aspè ki antre nan istwa legliz la.
Siksè AI ak ChatGPT 07.12.2023 29:50
Pou nou pi byen Konprann siksè AI ak ChatGPT genyen nan jou nou yo, enfòmatisyen Gerry Michel ap fè dezyèm pwogram nan seri n ap prezante sou Entelijans Atifisyèl, yon sijè aktyalite ki afèkte anpil paramèt nan lavi nou.
Entwodiksyon AI ou Entelijans Atifisyèl 06.12.2023 29:50
Enfòmatisyen Gerry Michel ap esplike nan yon fasyon trè senp kisa ki AI (Artificial Inteligence ou Entelijans Atifisyèl). Se yon konsèp trè aktyèl ki mande pou nou prete anpil atansyon sou li. Se premye nan yon seri de pwogram trè enstriktif ke w pa dwe rate.
Kòman Konbat Lide Sisid, Molène Papin 06.09.2023 29:50
Radio Tele 4VEH resevwa madam Molène Papin, konseye familyal, k ap pale sou sisid ki se lè yon moun chwazi touye tèt li. Sa se 2e nan 2 pwogram kote n ap pale sou siy ki manifeste lè yon moun a risk ak fason nou ka konbat lide Sisid.
Definisyon Sisid, Molène Papin 29.08.2023 29:50
Radio Tele 4VEH resevwa madam Molène Papin, konseye familyal, k ap pale sou sisid ki se lè yon moun chwazi touye tèt li. Sa se 1e nan 2 pwogram kote n ap pale sou definisyon sisid la, koz li ak fason nou ka idanfifye l.
Retrèt Dr. Nolly Jules 09.08.2023 29:50
Medsen, mayèstwo, pastè, karateka, ekriven e prezantatè, Dr. Arnold Jules di Dr. Nolly te pase anpil tan nan ministè Koral e lòt aktivite nan vil Okap sitou nan 1e Legliz Batis la. Pliyzè ansyen manm koral li yo ap ògainze yon sèvis remèsiman pou Bondye ak retrèt ofisyèl li samdi 19 dawout 2023, 6 :00 PM nan legliz Jerusalem Community Church nan Miramar, FL. Past. Storly Michel ap resevwa òganizat...
Omaj 4VEH Pou Emma Achile 4of4 09.08.2023 29:50
Katriyèm nan yon seri 4 pwogram pou Onore memwa sr Emma Achile pi gran non nan istwa mizik Evanjelik Ayisyen an. Past Storly pataje entèvyou li te gen ak Sr Emma e resevwa envite tankou past Frantz Philippe, Past Samuel Laborde, Maestro Pierre Aristile, Ing Louis Destiné, Mrs Valleene Hayes, Mr Wily Joseph e Jean Claude Occident Jean.
Omaj 4VEH Pou Emma Achile 3of4 29.07.2023 29:50
Twazyèm nan yon seri 4 pwogram pou Onore memwa sr Emma Achile pi gran non nan istwa mizik Evanjelik Ayisyen an. Past Storly pataje entèvyou li te gen ak Sr Emma e resevwa envite tankou past Frantz Philippe, Past Samuel Laborde, Maestro Pierre Aristile, Ing Louis Destiné, Mrs Valleene Hayes, Mr Wily Joseph e Jean Claude Occident Jean.
Omaj 4VEH Pou Emma Achile 2of4 29.07.2023 29:50
Dezyèm nan yon seri 4 pwogram pou Onore memwa sr Emma Achile pi gran non nan istwa mizik Evanjelik Ayisyen an. Past Storly pataje entèvyou li te gen ak Sr Emma e resevwa envite tankou past Frantz Philippe, Past Samuel Laborde, Maestro Pierre Aristile, Ing Louis Destiné, Mrs Valleene Hayes, Mr Wily Joseph e Jean Claude Occident Jean.
Omaj 4VEH Pou Emma Achile 1of4 25.07.2023 29:50
Premye nan yon seri 4 pwogram pou Onore memwa sr Emma Achile pi gran non nan istwa mizik Evanjelik Ayisyen an. Past Storly pataje entèvyou li te gen ak Sr Emma e resevwa envite tankou past Frantz Philippe, Past Samuel Laborde, Maestro Pierre Aristile, Ing Louis Destiné, Mrs Valleene Hayes, Mr Wily Joseph e Jean Claude Occident Jean.
Pwomosyon Teyoloji E Sosyete 22.07.2023 0:41
Mwen menm se pastè Storly Michel k ap envite w rejwenn nou nan « Teyoloji e Sosyete » yon espas ekspoze, kòmantè e eprantisaj ki ba w bon jan enfòmasyon e touche plizyè sijè sosyal k ap fè aktyalite nan moman an.
Ähnliche Podcasts
Replaio ist kein Herausgeber von Podcasts; die Namen der Sendungen, Cover und Audioinhalte gehören ihren Autoren und werden über öffentliche RSS-Feeds verbreitet