Emmanuelle Georges
Nannan Podcast
Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti. Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many subjects ranging from productivity and creativity to personal care, managing relationships, love, body image, and much more. From friends, family members, to people she's met for the first time, we will hear different viewpoints and personal experiences through these intimate conversations.
Autor
Emmanuelle Georges
Categorie
Site-ul podcastului
Cel mai nou episod
17 ian. 2024
Unde asculți?
Podcasturi în aplicație Replaio Radio În curândPodcasturile ajung în curând în aplicație. Instaleaz-o acum și fii primul care descoperă o abordare complet nouă a podcasturilor
Episoade
Let's talk about SEX again! 06.02.2019 47:34
Nan epizod sa Emmy chita avèk Gaelle Jouissance pou yo pale de seks, men nan kontèks maryaj presizeman. Yo pataje experyans pa yo nan challenge ki genyen lè pou jere travay, routin lavi a, timoun ak entimite pou genyen ak mariw. Gaelle se yon fanm ki pa pè pale bagay yo jan yo ye a; kifè donk anpil fanm ap retrouve yo nan konvesasyon sa!
Fè Lavi w Konfyans 01.02.2019 49:26
Nan epizod sa Emmy chita avèk Garihanna Jean- Louis . Yo pale de sak te dirije’l nan karyè "humoriste"... yo pale de pasyon, de lanmou ak apresyasyon ou dwe bay tèt ou, de difikilte lavi en jeneral, mè yo pa janm sispann di “Mèsi lavi”. Konvesayon sa enspire nou eksprime plis gratitid ak rekonesans.
Bòn ane 2019 14.01.2019 47:24
Nan epizod sa Emmy chita avèk Bibi pou yo pale de predispozityon yo pou ane 2019! Yo te profite fe yon ti refleksyon sou ane ki fèk pase a tou pou envite tout oditè yo sonje ke on nouvèl ane vini ak chanjman men ak tranzityon tou!
Mwen pa vinn omoseksyèl... Mwen Fèt Omoseksyèl 05.12.2018 53:15
Nan epizod sa Emmy chita avèk zanmi’l Valery Vilain pou yo pale de Li, de lavi li en tan que omoseksyel. Yo te pwofite pou invite tout moun pratike anpati ak tolerans. Valery ensiste sou enpotans supò ak lanmou paran genyen pou wè avek epanouwisman timoun !
Bat pou endependan nan tout sans 28.11.2018 59:03
Nan Epizod sa, Emmy chita avec sikològ Beatrice Turnier Dalencourt! Bea pataje anpil nan nanan’l avek nou , yo pale de sikoloji, men yo te pran San yo pou yo diskite sou zafè endependans! Medam yo se de medam ki pasyone anpil! Apresye ti konvesayon sa!
Kiyes ki Yael? 20.11.2018 45:12
Nan epizod sa Emmy chita pale avèk Yael Talleyrand ki se yon atis kap evolye an Ayiti. Yo pale de anfans li , de plas “art” gen nan lavi l... yo te tou pwofite diskite yon ensidan ase enpotan ki te rive ak Ticket Magazine! Al tande pou ka dekouvri Yael!
Enpòtans konnen tèt ou 13.11.2018 51:25
Nan epizod sa Emmy chita avec Nathalie Marc- Charles Arias. Ki se yon “career coach “ ki ap evolye en haiti. Yo pale de travay li, de bezwen coaching antrepriz yo , ak enpotans konnen tèt ou genyen pou konnen ki karyè kap pi bon ou . Li présente “Birkman method” la , ki se yon tès pèsonalite ke Emmy te pran épi yo profite pataje ti experyans sa !
Si’w pa wont fè’l, Mwen paka wont di’l 07.11.2018 42:17
Nan epizod sa Emmy chita avèk zanmi’l, Raphaelle pou yo pale de abi seksyel. Yo pataje eksperyans yo pou yo pote limye sou fleo sa a nan sosyete nou a.
Pitit mwen gen anemi falsifòm 30.10.2018 34:59
Nan epizod sa , Emmy chita avèk Sandy pou yo pale de anemi falsifòm, yon maladi premye pitit sandy ap viv avè’l depi’l piti. Sandy pataje esperyans li, rezilyans Li , kouraj Li pou lòt manman k’ap viv menm sitiyasyon an oswa youn ki samble’l pa dekouraje.
Mari'm nan kay, Patnè biznis mwen nan travay 24.10.2018 45:52
Nan Epizod sa Emmy chita pale avek Daphnee Bourgoin (tisaksuk) avek Angie Menuau Joseph. Medam sa yo se 2 antreprenè , 2 kokennchenn fanm ki ap jere pwòp biznis pa yo avèk mari yo. Yo pataje defi ak avantaj ki genyen nan sa epi yo te tou pwofite bay konsey sou maryaj an jeneral !
An n dekouvri Matti Domingue 17.10.2018 44:57
Nan epizod sa Emmy chita pale avek Matti Domingue. Matti se yon Makeup Artist - direktris Zoule Makeup avèk Zoule Talent Agency. Soti nan metye’l , pase nan koman li jere biznis Li ,rive nan zafè élevé pitit Li poukòl , konvesasyon entim sa ka enspirew rive jwenn balans nan lavi paw sanw pa sakrifie ankenn aspè ladann.
Aprann fè chwa pa w 09.10.2018 52:51
Nan epizod sa Emmy chita pale avek Tim-Valda pou yo pale de zafè maryaj nan sosyete ayisyèn nan, de impòtans Li genyen ak jijman moun pote lè yon fanm deside pa marye. Yo pale tou de mank enkadreman legal pou moun ki fè chwa viv ansanm ak kontwi yon vi San yo pa Marye.
Dreams do come true! 03.10.2018 37:58
Nan epizod Nannan sa Emmy chita pale avek Hugline Jerome ki se Fondatris ak direktris Dream Promo. Yo pale de lavil avek tout obstak Li te dwe travèse pou’l rive kote Li ye jodia yon radin pou li ankouraje tout moun pou yo pa janm suspann kwe nan rèv yo ak travay pou rèv yo tounen realite.
Mèsi! 14.09.2018 23:06
Nan epizod Nannan sa Emmy remèsye tout oditè ak tout invite ki te aksepte chita avèl pou yo te pataje Nannan yo. Li pwofite fe on ti rapèl sou tou le nèf epizod yo épi Li pataje leson Li aprann de konvesasyon sa yo.
Let's talk about Sex 22.08.2018 41:19
Emmy chita avèk Marina pou yo pale de relasyon seksyèl . Yo pataje experyans yo te genyen avek paran yo nan zafè edikasyon sou fè bagay ; yon fason pou yo ankouraje nouvel jenerasyon kominike ak timoun yo sou zafè sila.
Ti pale ak sèm 15.08.2018 46:10
Nan epizod Nannan sa, Emmy chita pale avèk Estelle. Yo pale de enpòtans renmen avèk kwè nan tèt ou, épi pa kite la perèz anpechew rive kote ou vle ale a. Yo fè on ti pale sou chwa Estelle fè al viv a letranje ak relasyon anpil jèn genyen avèk peyi yo, Haiti.
Makeda ouvè tèt li ba nou 01.08.2018 56:55
Nan epizod Nannan sa , Emmy chita avek atis, dansez, pwofesè yoga Makeda ki pataje kwayans li avè nou. Makeda se yon fanm ki kanpe djanm dèyè konvisyon li. Konvesasyon sa envite nou konprann ke tout moun pa menm ki donk fok nou aksepte diferans youn lot.
Esans Nannan Podcast 24.07.2018 16:24
Nan epizod Nannan sa , Emmy pataje on pati nan istwa pal, yon fason pou oditè yo dekouvri kiyes li ye . Li pwofite pou li eksplike kisa ki te pouse’l fè podcast la.
Aprann viv selon verite pa'w ak Bibinetakole 17.07.2018 56:59
Nan epizod Nannan sa , Emmy chita pale avek Fabiola Coupet, “ Bibi”. Yon Konvesasyon prensipalman sou satisfaktyon ou jwenn lè ou deside viv lavi'w dapre règ paw. Yo te profite pale de emisyon radyo “ Bibi Netalkole”.
Aprann konnen tèt ou ak pasyon'w ak Linda Isabelle Francois 04.07.2018 48:12
Nan Epizod Nannan sa, Emmy chita Pale avec dansè pwofesyonèl Linda Isabelle Francois . Li pale de pasyon li pou danse ak jan li enpòtan pou konnen avec metrize pasyon’w genyen nan lavi an jeneral.
Selibatè an Ayiti, epi? 29.06.2018 49:17
Nan epizod Nannan sa Emmy chita pale avek Fabiola , Sahita ak Monique pou yo pale de ekperyans yo antan ke fanm selibatè. Nan sosyete nou an kote Maryaj konsidere tankou yon estati enpòtan. Yo pale de kalite moun yo rankontre ak kisa yap chèche nan yon konpanyon.
Yon Ti Koze ak Gessica Geneus 20.06.2018 57:16
Nan 2e epizod Nannan, Emmy chita pale avek ekriven, reyalizatris, aktris Gessica Geneus. Gessica pale de pakou li ak tout sa li regle pandan dènye ane ki sot pase yo. Yo diskite de liv “Yon ti koze ak sèm” avek de muzik Li “ Nan ou” ki te enspire anpil jèn fanm sou poze kesyon sou kiyes yo ye , kiyes yo vle ye? Yo pale de kisa lavi a reprezante ak kijan li empotan pou viv avek konsyans.
Ki relasyon ou gen ak kò'w? 13.06.2018 57:25
Nan premye epizod Nannan Emmy Chita pale avèk Nathaelle, Sahita ak Kawala sou relasyon yo genyen avek kò yo. Nan yon sosyete kote gen yon presyon sou Kijan pou ye, li difisil pou fanm santi yo byen nan po yo. Pandan konvèsasyon sa a, medam yo manyen sijè sa ,yon fason pou enspire tout fanm pou yo renmen ak apresye kò yo.
Podcasturi asemănătoare
Replaio nu este editorul podcasturilor; numele emisiunilor, coperțile și materialul audio aparțin autorilor lor și sunt distribuite prin fluxuri RSS publice