Edikasyon Se Richès

EDIKASYON SE RICHÈS

Edikasyon se Richès se yon podcast sou edikasyon, finans pèsonèl, ekonomi, antreprenarya, teknoloji, ak devlopman sosyete. Chak epizòd pote analiz, entèvyou, ak leson pratik pou ede w reflechi, pran bon desizyon, epi grandi. Edikasyon se Richès is an educational podcast focused on financial literacy, entrepreneurship, economy, technology, and personal growth. Through analysis and interviews, we turn knowledge into action and progress.

Vizitează neapărat site-ul podcastului și susține-i creatorul: edikasyonseriches.com

Autor

Edikasyon Se Richès

Categorie

Business

Site-ul podcastului

edikasyonseriches.com

Cel mai nou episod

2 aug. 2026

Unde asculți?

Podcasturi în aplicație Replaio Radio În curând

Podcasturile ajung în curând în aplicație. Instaleaz-o acum și fii primul care descoperă o abordare complet nouă a podcasturilor

Descarcă din Google Play Instalează gratuit Android 10 mil.+ descărcări · nota 4,7+ iOS în curând

Episoade

"Vwa Ayisyen nan Eleksyon Etazini 2024: Angajman ak Enpak" 03.11.2024

Nan epizòd sa a nan *EDIKASYON SE RICHÈS*, nou pote yon konvèsasyon angaje sou "Vwa Ayisyen nan Eleksyon Etazini 2024: Angajman ak Enpak" ansanm ak envite espesyal nou, *Marie Sonia Saint Rose Bienvil, MPH*. Marie Sonia se yon pwofesyonèl devwe nan domèn sante piblik ak devlopman kominotè ki gen anpil eksperyans nan ede kominote Ayisyen an konprann enpòtans angajman sivik ak politik nan Etazini. N...

"Inove sektè Agrikilti atravè Teknoloji: Soti nan Idantite Dijital rive nan Enklizyon Finansye." 27.10.2024

Nan epizòd sa a nan *Edikasyon Se Richès*, nou gen plèzi akeyi yon envite ekstraòdinè: Genevieve Leveille, yon antreprenè inovatè ak lidè mondyal. Li se fondatè ak CEO AgriLedger, e li se youn nan **Top 100 BAME nan Teknoloji** UK selon Financial Times an 2019, epi li te FDM Everywoman Finalist an 2020. Jodi a, n ap diskite kijan li ap mennen chanjman nan sektè agrikilti a atravè teknoloji, soti n...

Ki wòl Kominikasyon ka jwe nan devlopman peyi Ayiti? 20.10.2024

Nan epizòd sa a nan "EDIKASYON SE RICHÈS", avèk profesè Pierre Negaud DUPERNOR, ki ap fè yon doktora nan zafè kominikasyon ansanm ak yon nouvo lisans nan sikoloji; nou explore wòl esansyèl kominikasyon nan devlopman peyi Ayiti. Nou diskite kijan medya, relasyon piblik, ak estrateji kominikasyon ka ede ranfòse enfrastrikti sosyal, ekonomik, ak politik nan peyi a. Men sitou wòl esansyèl li nan fòme...

Dr Maritza Medgine Pierre: PAKOU YON FANM DEVWE. 13.10.2024

Nan epizòd sa a nan *Edikasyon se Richès*, nou gen onè a prezante Dr Maritza Medgine Pierre Dietrich, yon pwofesyonèl ayisyen ki pote yon vizyon mondyal, eksperyans solid, ak yon angajman san parèy pou devlopman sosyal ak rezilyans. Kòm yon lidè ak yon defansè entans pou sante mantal fanm ak gason, Dr Dietrich pral pataje avè nou eksperyans li nan jere kriz konplèks, kondwi chanjman òganizasyonèl,...

"Lavi nan plant yo: William Cinea ak Revolisyon Botanik nan Okay, AYITI" 06.10.2024

Nan epizòd sa a nan "Edikasyon se Richès," nou gen onè resevwa William Cinea, yon botanist ayisyen ekstraòdinè, ki se inisyatè premye jaden botanik nan vil Okay, Ayiti. William Cinea pataje avèk nou vwayaj li nan mond botanik la, enpòtans pwoteksyon ak konsèvasyon anviwònman an, ak kijan pwojè jaden botanik la ap kontribye nan devlopman ekolojik ak ekonomik Ayiti. Epizòd sa a enfòmatif ak enspire...

JESYON FINANS PÈSONÈL AK PLANIFIKASYON RETRÈT 01.10.2024

EPIZÒD 4 AVÈK KARYNE SYLVESTRE-POMPILUS, ESPESYALIS ENTÈNASYONAL NAN FINANS AK PLANIFIKASYON RETRÈT. "Nou travay di pou nou bati yon lavni ki estab pou nou ak fanmi nou. Se poutèt sa, li esansyèl pou nou planifye finans pèsonèl nou ak retrèt nou depi byen bonè. Pa kite tan ap pase san yon estrateji solid, paske envesti nan lavni se pa sèlman yon kesyon de lajan, men tou yon kesyon de sekirite, lap...

EPIZOD 3 KONKLIZYON 22.09.2024

Komantè 2 animatè yo sou nesesite pou jèn Ayisyen tout kote kontinye fòme tèt yo gras ak èd teknoloji ki a la pòte yo. Jan fraz la di a, "Chans se lè yon òpòtinite vini epi li jwenn ou pare." Epi tou nou te wè enpòtans pou devlope Lidèchip eklere nan tout domèn ke wap evolye.

"Maryaj Lidèchip ak teknoloji; enpak sou sèvis piblik." 22.09.2024

ENTÈVYOU AVÈK YON SPESYALIS ENTÈNASYONAL NAN JESYON PWOJÈ, LIDÈCHIP, KONSILTAN POU SEKTÈ PRIVE AK PIBLIK, KONFERANSYE, EKRIVEN. WOODELINE GEDEON PMP PMI I CSM Nou envite achte e li liv ke Mme Woodline Gedeon ekri. https://a.co/d/5TyYpnt Liv sa se: Liv “gid pou siksè migran” se yon resous esansyèl ki fèt pou ede moun ki fèk rive nan yon nouvo peyi. Liv sa a adrese defi yo rankontre lè yo eseye adap...

TI KOZE SOU ASIRANS DE VI / CONVERSATION ABOUT LIFE INSURANCE 15.09.2024

Guest Junon Fertil - Insurance Broker, RVP at PFS Investments Inc In this episode, we had a conversation about life insurance: - Briefly explain what life insurance is and its importance in financial planning. - Emphasize how it offers financial protection to loved ones in case of the policyholder's death. **Key Discussion Points:** 1. **Types of Life Insurance:** - **Term Life Insurance:** Covera...

EPIZÒD I ENTRO - EDIKASYON SE RICHÈS 13.09.2024

ENTRODIKSYON PREMYE EPIZÒD EMISYON "EDIKASYON SE RICHÈS" KOTE ANIMATÈ TAP FÈ YON TI RALE SOU ENPÒTANS EDIKASYON AK DISIPLIN NAN LAVI TOUT MOUN E TOUT SOSYETE.

EPIZÒD I KLOTI - EDIKASYON SE RICHÈS 13.09.2024

DENYE PATI NAN PREMYE EPIZÒD EMISYON "EDIKASYON SE RICHÈS" KI SE YON PWODUI MEDIA9 HAITI - ‪@Media9Haiti‬ . KOMANTÈ ANIMATÈ YO.

"Defi ak pèspektiv pou metye jounalis la an Ayiti." 13.09.2024

ENTÈVYOU AVÈK JACQUES DESROSIERS - NAN KAD PREMYE SOTI EMISYON "EDIKASYON SE RICHÈS", NOU TE FÈ YON TI BAT BOUCH AVÈK JACQUES DESROSIERS KI SE SEKRETÈ JENERAL ASOSYASYON JOUNALIS AYISYEN (AJH). NAN TI PALE SA NOU DISKITE SITIYASYON AKTYÈL METYE JOUNALIS LA AK MOUN KAP PRATIKEL AN AYITI. NOU TE PALE TOU DE NOUVO TEKNOLOJI YO NAN METYE A, AK PÈSPEKTIV POU AVNI SELON LI MENM.

Ascultă podcastul EDIKASYON SE RICHÈS în Replaio

Radio și podcasturi într-o singură aplicație - gratuit și fără înregistrare. Instaleaz-o azi și nu rata lansarea

Descarcă din Google Play

Replaio nu este editorul podcasturilor; numele emisiunilor, coperțile și materialul audio aparțin autorilor lor și sunt distribuite prin fluxuri RSS publice