Gaetan Casseus
Maketing Medya Sosyal
Itilize medya sosyal yo pou w grandi biznis ou ak enfliyans ou. Gaetan Casseus, sètifye nan Marketing Medya Sosyal, chak semèn ap pataje estrateji solid e fè entèvyou ak ekspè, kreyatè kontni ki jwenn rezilta sou rezo sosyal yo pou ede w atenn objektif ou yo. Si w son antreprenè, kreyatè kontni Podkas sa se pou ou. Powered by My Streetlabs
Não deixe de visitar o site do podcast e apoiar quem o produz: podcasters.spotify.com
Autor
Gaetan Casseus
Categoria
Site do podcast
Último episódio
13 de jan de 2024
Onde ouvir?
Podcasts no app Replaio Radio Em breveOs podcasts estão chegando ao app. Instale agora e seja o primeiro a descobrir um jeito totalmente novo de curtir podcasts
Episódios
Sezon 2 - Trailer 18.03.2021 0:44
Sezon 2.
Koman w kreye bèl Dizay Pou Rezo Sosyal Yo | Marc Ralph Louis 26.12.2020 20:57
Si w ta renmen kreye bèl dizay pou rezo sosyal, epizod sa ap ede w. Nan epizod, mwen gen avè m Marc Ralph Louis ki se youn nan pi bon Graphic Designer mwen konnen, k ap pataje konsèy k ap ede w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo. Nou touche pwen tankou : Eske w ka itilize Canva si w pa yon Pro pou w kreye bèl dizay si w konn Photoshop ak Adobe Illustrator Prensib baz pou w kreye bèl dizay Pi bon t...
Koman w Soti de 0 a 8,000 Abone sou Instagram, Istwa @lucasmotiv | Lucas Berton Bruny 15.12.2020 24:55
Lucas Berton Bruny, Graphic Designer ap pataje istwa l e koman li soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram. Nou touche pwen tankou : Pwosesis pou w soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram 3 pi gwo leson Lucas aprann nan pakou li sou Instagram ak @lucasmotiv Estrateji ki pi efektif pou ede w grandi sou Instagram ak anpil lot anko...........................
Konstwi Yon Odyans Solid e Jwenn Nouvo Kliyan Sou Rezo Sosyal Yo | Pierre Stanley Baptiste 08.12.2020 21:17
Avan yon moun ka achte nan men w, li dwe konnen w e fè w konfyans. Si moun yo pa konnen w, yo pa p ka achte nan men w. Konekte avèk odyans sible a, enpòtan pou tout biznis ki vle grandi e ogmante lavant yo. Nan epizod jodia, Pierre Stanley Baptiste, espesyalis nan kreyasyon Mak Ki konstwi odyans solid sou platfòm rezo sosyal yo, ap pataje konsèy pratik sou kòman pou w konstwi yon Odyans Solid e Jw...
7 Zouti Gratis Pou w Kreye Kontni Enteresan Pou Rezo Sosyal Yo 24.11.2020 14:21
Si w pa kreye kontni sou entènèt la, ou preske pa egziste. Nan epizod jodia, m ap pataje avè nou 7 zouti gratis K ap ede n kreye kontni enteresan pou rezo sosyal yo.
4 Wòl Rezo Sosyal Yo Jwe Nan Yon Plan Maketin Dijital | Entèvyou ak Kims Beljean 16.10.2020 27:07
Espesyalis nan Maketin Dijital, Kims Beljean, nan epizod sa ap ede w konprann kisa maketin dijital ye, enpòtans li pou biznis jounen jodia e wòl rezo sosyal yo jwe nan plan maketin dijital.
De 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou | Istwa Brendan Kane 09.10.2020 44:10
Si w ta renmen konnen koman pou w genyen 1 Milyon Followers sou Rezo Sosyal yo, Epizod sa se pou ou. Mwen ansanm ak Etzer-Louis Charles fè revi Liv " One Million Followers " ke Brendan Kane ekri. Nou pale sou koman Brendan Kane soti de 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou, e nou Dekòtike sistèm ak estrateji li itilize pou fè sa, ak koman ou ka itilize sistèm sa pou grandi paj Rezo Sosyal ou yo.
Atenn Objektif Maketin Ou Yo Gras Ak Sa 02.10.2020 5:10
Nouvo epizod sa ap ede w konprann enpotans Rezo Sosyal yo pou ede w reyisi estrateji maketin ou pra l itilize pou biznis ou an. Epizod sa se yon ti pati nan entèvyou emisyon APRANN, de @makeyourmove509, kote mwen te envite pou m pale sou Maketin Rezo Sosyal. Si w ta renmen tande tout konvèsasyon mwen te genyen ak Kims Beljean an, branche emisyon APRANN, li disponib sou tout platfom podcast y...
Koman w Sòti de 0 a 10,000 Abone Sou Facebook | Entèvyou ak Seevlay Bazard 25.09.2020 25:56
Nan epizòd sa, Seevlay Bazard ap pataje eksperyans li, koman pwosesis la te ye pou li pou l sòti de 0 a 10,000 abone sou paj Facebook li. Nou pale sou : - Twa pi gwo leson li aprann ki ede l grandi paj li - koman li te al viral, li gen piblikasyon ki atenn 500,000 moun - Opòtinite sa pèmèt li jwenn nan karyè l Ak anpil lòt ankò.......
Maketin Facebook 2020 18.09.2020 20:13
Taktik ou dwe konnen pou w devlope yon bon estrateji maketin pou Facebook.
Kreye Yon Paj Facebook Pou Biznis ou K ap atire Kliyan 04.09.2020 20:52
Kreye yon paj Facebook biznis se yon bagay ki senp e fasil ke majorite moun ka fe, men byen optimize yon paj Facebook le w ap kreye l pou atire nouvo kliyan, se pa tout moun ki konnen sa. Nan epizod jodia, nou pale sou koman pou w kreye e optimize paj Facebook biznis ou.
5 Fason Rezo Sosyal yo ap Ede w Grandi Biznis Ou 07.08.2020 15:24
Plis ou klè sou fason Rezo Sosyal yo ap ede w grandi biznis ou, plis w ap pi efektif lè w ap fè maketin rezo sosyal pou biznis ou.
Podcasts parecidos
O Replaio não é o publicador dos podcasts; os nomes dos programas, as capas e o áudio pertencem aos seus autores e são distribuídos por feeds RSS públicos