Stephanopoulos Jean
The man - The journey
Sharing the best lessons that my guest learned from the experience in their past, and how they still use them in their present life.
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
7 bagay ki pa gen pri! 16.05.2025 9:32
Lajan nan lavi nou tout, san li ou pa gen anpil gwo plan ou ka mete an aksyon. Ou bezwenl nan tout sa wap regle, sinon ou pap ka viv nan sosyete sa nou ye a, epi ou riske pase pou yon moun ki pa kanpe sou anyen. Malgre plas li genyen nan mitan tout monte desann lavi nou, gen eleman endispansab ki pa gen pri e ke lajan paka garantiw de yo. Mwen pral baw 7 ke lajan paka achte.
Eksperyans lari an plen leson. 10.05.2025 8:47
OU paka vle pouw chita lakay toutan epiw vle soti al konn sa ki gen nan lari a. Gen kote pouw ale, al kwaze nouvo moun, pa kenbe lespriw mare. Ou gen pouw tonbe kote diferan, sa ap mande kew devni on moun nouvo.
Pi bon jOU yo devanw! 07.05.2025 9:03
Kontinye tante chans ou, gen jou ki vo pouw kontinye pouse pi devan. Pa neglije detay ki pote tout diferans yo, gade sou bon kote yo. Siw an sante, sa gentan on gwo kado, siw gen chans ede yon moun souri, pa ezite menm yon segond. Pa ret toufe ak vye panse kap nwi lespriw. Menm si gen gwo van, gwo lapli, lap fini yon jou, paske soufrans pa poun toutan.
Lavi se yon gwo "SCAM" 06.05.2025 9:07
Si tout sa nou vle yo, nou ta jwenn yo jan nou vlel lan lavi an tap vin manke sans. Gen anpil sipriz, pafwa noun konn estime ke nou pa gen chans si nou paka reyalize sa nou vle an. Ou ka regle tout kozew byen , ou respekte tout prensip, men anyen pa garanti vre. Ou vin ap eseye epresyone moun nan antouraj, dekouvri ki fason ou ka bn sou yo, san ou pa konn si tout dekorasyon vi ap ofri ap toujou ka...
Lanmou paran yo ka chanje vi nou. 05.05.2025 36:07
Paran Ayisyen bay lanmou nan fason nou pa rann nou kont, pafwa yon senp aksyon konn pote anpil enpak nan lavi timoun yo. Men mank afeksyon konn kreye yon gwo vid nan nanm nou, sa ki konn nou ap chache konble vid sa pandan tout vi nou. Paran Ayisyen pa dwe neglije jan lanmou yo bay timoun ap defini ki granmoun ya devni.
OU vo plis, OU merite plis. 03.05.2025 10:40
Ou dwe konsantre sou vin pi bon moun ou te ka ye a. Aprann atire tout sa ou vle nan vi sa. OU dwe envesti tanw nan grandi mantalman , mete aksan sou tout gwo wout ou vize e konprann kijan ou ka posede tout sa ou vle.
Pito OU rekomanse olye OU abandone. 02.05.2025 8:34
Yon fwa ou konn defo ou yo, ou ka jwenn mwayen pouw venk yo e pote chanjman pouw kontinye avanse. Reseye, aprann de sa ki te rive deja, men pa abandone.
Demen pa garanti. 01.05.2025 9:19
Demen pa garanti, jodi an se tout sa ou genyen pouw reyalize sa ou vle an. Aji nan fason ou kapab, mete tout pwa ou nan balans lan, pa aji a mwatye. Anpil aksyon ka pase devan zye ou, men fokis sou sa kapab metew nan pozisyon pouw grandi pi vit. Rete otantik, pwofite de tout sa jodi a gen pou li ofriw.
Pa ret sOUfri an silans. 30.04.2025 8:49
Moman kraze silans gen anpil pwa nan balans lavi nou. Se souvan nan pale nou vin konprann ke jan de moun nou ye pi byen. Wap pataje eksperyans ou te viv, moman sa yo vin moutrew nan pwen ou grandi. Wap toujou anvi amelyore pi plis depiw pataje ak moun nan antouraj ou.
Tout separasyon gen yon leson. 28.04.2025 9:09
Chak etap lavi gen yon leson, ou dwe ka aprann de yo pouw ka vin yon pi bon moun. Epi wap ka pi byen prepare pou viv yon nivo ki pi avanse. Siw paka gade sou bon kote nan vi an pouw grandi, ou pap ka jwi de tout kapasite ou genyen yo. Gen anpil pouvwa ki kache anndanw, ou pa janm itilize yo akoz ou toujou vle pase pou viktim.
Sa moun di pa defini reyalitew. 26.04.2025 8:46
Pa gen okenn fason pou sa moun di afektew siw pa chwazi akseptel. Ou lib pou kite pansew anbeli laviw, pran yon nouvo direksyon nan fason ou panse, gade sou tout bon kalite ou genyen, tout sa ki ka edew ale pi lwen. Ou dwe defini ki bote ou genyen epi itilize li chak jou pouw briye.
Aksyon vo plis ke mo. 25.04.2025 8:28
Pale met la pap ka baw rezilta ou bezwen a. Menm si ou pa santiw gen motivasyon se pouw aji chak jou pouw reyalize tout sa ou di vle yo.
OU ka leve defi an. 24.04.2025 9:22
Nap toujou jwenn gwo defi sou chimen nou, e se la pral gen yon desizyon pouw pran. kisa wap deside? Abandone oubyen kontinye?
Viv avan OU mOUri. 23.04.2025 8:52
Chak jou ki pase wap vanse pi plis nan direksyon final laviw, se pouw toujou sonje ke tout detay gen kontribisyon pa yo nan kalite vi wap mennen. Rete nan menm chema yo, pa eseye ki nouvo pap itil ou anyen, pwofite chak okazyon ou jwenn pouw ka grandi pi plis e aprann de tout sa ou jweenn sou wout. Viv san ou pede ezite pouw pran desizyon ki chanje laviw pou toutan.
Zanmitay 22.04.2025 8:37
Nou chak gen moun ki antre nan vi nou ke nou vin konsidere tankou zanmi, e sa ka dire anpil tan, ede nou anpil eksperyans. Nou pral aprann ansanm ki pi gwo enpak yon zanmi ka pote nan vi nou, e konprann kisa yon bon zanmi ye.
Depiw pa eseye OU pap Konn Sa OU vo. 21.04.2025 22:00
Koumanse pa toujou fasil, pafwa ou konn gen anpil dout ki anpechew abouti a rezilta ou espere. Ou konn gade sou tout difikilte ou ka rankontre, epi sa vin baw dekourajman, men si ou te konnen wap reyisi ou patap ezite. Se konsa pouw toujou lansew nan wout ou vle pran, pa gen okenn fason pouw pa jwenn rezilta ou vle siw kontinye eseye e aprann de tout fo pa ki te konn ap deranjew. Kontinye travay e...
The key is never lost. 10.04.2025 8:01
It has never happened to lose an important piece? For example, a key. And you are giving yourself problems for it, you spend the day tidying up your entire bedroom, turning your house upside down, and starting to lose patience, you can even get angry think that should not have happened. Then you can have a bad day, because you think about the only problem you want to solve and nothing else, it can...
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.