Fabrice Mésidor, Ricardo Molière

Memo Pòdkas

Arts HT ↓ 84 episodes

Memo Pòdkas jwenn enterè l nan analize tout tip tèks. Prezantatè yo ap gen pou touche aspè literal ak literè tèks yo. Ansanm nou pral dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Nou envite w konekte ak nou pou n ka fè ti koze. Rasanble! Nou pote ti memo a pou ou.

Be sure to visit the podcast's website and support the creator: sites.libsyn.com

Author

Fabrice Mésidor, Ricardo Molière

Category

Arts

Podcast website

sites.libsyn.com

Latest episode

Nov 7, 2026

Where to listen?

Podcasts in the app Replaio Radio Coming soon

Podcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts

Get it on Google Play Install for free Android almost 10M downloads · 4.7+ rating iOS soon

Episodes

Epizòd 34 - Fragments d'Haiti et autres poemes - Sarita Cynthia Pierre 31.05.2025

Pou klotire mwa me a, ann al dekouvri Sarita Cynthia Pierre, yon fanm, kap pale de yon gwo fanm, Ayiti, manman nou tout. Nan epizòd 34 la, Ricardo ak Fabrice chita pou dekòtike yon ekstrè nan tèks gwo powetès sa.  Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts epi nap konprann pouki Sarita ap pale de " Terre de feu, de larmes et de courage". Tcheke epizòd avan yo si w potk...

Epizòd 33 - Yon ti pale ak Rose Carlie Mars: FlexiMomPreneur 24.05.2025

Koulè feminen pou mwa Me a ap kontinye. Nan kontèks sa, pou epizòd 33, Fabrice ak Ricardo te fon chita pale ak Rose Carlie Mars, yon entreprenè, yon manman ... Li t ap rakonte nou eksperyans li kòm entreprenè e kijan li balanse lekòl, fanmi, lwazi ak biznis li. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak...

Epizòd 32 - L'odeur de ma terre (de mon drapeau) - Emeline Michel 17.05.2025

Emeline Michel, nan chante "L'odeur de ma terre" la te di : "On a un drapeau, nou koke l byen wo" Nan epizòd 32 sila, Mé ak Mo te pase a travè on ekstrè tèks sa e te tou pwofite fè on ti klen dèy a drapo ayisyen an n ap selebre nan dat 18 me a. Ant analliz literè ak emosyon kolektif n ap onore tout sa drapo nou reprezante. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tc...

Epizòd 31 - Bòn fèt manman 10.05.2025

Nan Amerik di Nò, peyi tankou Etazini ak Kanada selebre manman yo dezyèm dimanch nan mwa me a. Fabrice ak Ricardo dedye epizòd 31 an ak tout MeMordus manman ak manman MeMordus yo. Nou pwofite pou pale de kijan kèk otè pa bò lakay pale de manman. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi o...

Epizòd 30 - Chèf Patoutou 03.05.2025

  Lè ekriti kontre ak kuizin, kreyativite pran gou ak koulè. Nan epizòd 30 la, Fabrice ak Ricardo te gen chans akeyi chèf Patricia Joint. Li ki t ap rakonte nou kijan l fè vin chèf, sa ki make l depi lè nan domèn sa men tou li te profite fè rapwochman ant kèk eleman esansyèl pou byen ekri on tèks ak kèk eleman enpòtan pou byen prepare on pla. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube a...

Epizòd 29 - Jwi la vi w paske Jodi pa Demen 26.04.2025

Fabrice ak Ricardo pa nan koulè mouchwa menm si yo pran ekstrè  2 tè ks Barikad Crew ak Rockfam Lame-a pou yo analize. Nan epizòd 29 lan, nap konpare 2 klasik sa yo "Jwi la vi w" ak "Jodi a pa demen". Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 28 - Ban m verite vs Istwa kache 19.04.2025

Nan epizòd 28 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè  2 tè ks ki pale de verite pou analize. Yon kote nou gen "Ban m verite" (yon tè ks de yon chante entèprete pa Kadilak e Misty Jean) epi yon lòt bò nou gen "Istwa kache" (tèks de yon bèl chante de ansyen gwoup Toxic). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tè ks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou...

Epizòd 27 - Vagabon for Life oubyen Vagabon Chanje 12.04.2025

Nan epizòd 27 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tè ks ki pale de vagabon pou analize. Yon kote nou gen yon "vagabon for life" (tè ks ki sou albòm Viktwa ke Kreyol la lage an 2007) epi yon lot bò nou gen "yon vagabon chanje" (Baky sou albòm Chante ap rete chante). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tè ks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou...

Epizòd 26 - Boutèy Anlè (Klib Mapou) 05.04.2025

Pou dekri e denonse reyalite peyi a Klib nan tèks "Boutèy anlè" konpare machann tafya ak politisyen. Se yon ekstrè nan mizik sa ki sou albòm "Mes tourments" Klib ekri, Fabrice ak Ricardo ap prezante nou e analize nan epizòd 26 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 25 - Medsin, Bodybuilding, Ekriti (Patrice Jean) 29.03.2025

Patrice Jean se envite nan epizòd 25 Memo Pòdkas la. Yon medsen de pwofesyon, yon bòdibildè de wo nivo, yon ekriven pasyone; avèk li Fabrice ak Ricardo te fè on bèl ti kozri.  Al tande epizòd sila pou dekouvri poukisa se medsin li te chwazi, kijan l te komanse nan koze bat fè e sitou pou kiyès li pran plezi ekri. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 24 - Le Spiralisme 22.03.2025

"Le Spiralisme": yon mouvman literè ki te kreye nan lane 1960 yo. Frankétienne se youn nan moun ki te kreye l'. Kisa mouvman sa ye? Nan ki objektif yo te kreye? ki karakteristik li? Fabrice ak Ricardo t ap tante reponn kesyon sa yo nan epizòd 24 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.  

Epizòd 23 - Sikatris (Baky) 15.03.2025

Gon kou w pran ki kite sikatris sou po w. Men gen kou, se nan kè w li kite on mak. Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè nan mizik "Sikatris" ke Baky ekri pou analize sak fè atis la trete evenman ki rive l nan maryaj li de sikatris. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 22 - La Forge 08.03.2025

Gen chanjman pou w opere nan lavi w an tan ke moun, se nan on fòj pou w pase pou w sibi tout etap transfòmasyon yo. Nan epizòd 22 a, nou te analize kèk bèl metafò vizyèl nou idantifye nan fim ki rele "La forge" la  Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 21 - Nou pa moun ankò 01.03.2025

Konbyen san k pou koule, konbyen rèl pou n rele pou nou ka retounen moun. Lakay pa bon ditou, nou pa moun ankò. Nan epizòd 21 an, nou te degaje sa k sou kè nou pa rapò a sitiyasyon difisil frè n ak sè n ap viv aktyèlman an Ayiti. Nou te apiye sou yon ti ekstrè tèks gwoup Kai ki rele "Nou pa moun ankò" Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Epizòd 20 - Valè w (Klass) 22.02.2025

De kisa valè w depann? Ès ke w se moun w ap tann pou vin met valè sou w? Epizòd 20 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè tèks gwoup Klass ki rele "Valè w" Tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.  

Epizòd 19 - L'âme des noms (Georges Sylvain) 15.02.2025

Kijan w rele? Sa son kesyon ke nou toujou ap reponn pou pèmèt moun idantifye nou. Kisa non sa ou bay la vle di? Kisa li di sou pèsonalite ou? Pou epizòd 19 MeMo Podkas, Fabrice ak Ricardo tap reflechi sou kesyon sa yo a travè yon ekstrè powèm "L'âme des noms" ke Georges Sylvain ekri. Yo pote on bèl Memo-rab pou nou tou nan fen epizòd la. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.

Epizòd 18 - Ak anpil men, nan pwen chay ki lou...alewè pou kalalou ta glise. 08.02.2025

Ak yon pwovèb ou ka fè pase anpil mesaj, ou ka bay mizangad, ou ka ankouraje pwechen w tou. Pwovèb ayisyen fasil pou di men yo pa toujou fasil pou konprann. Nan Memo Pòdkas, nou te kontan fè ti pale de pwovòb lakay e menm reflechi sou 2 ladan yo. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.

Epizòd 17 - Makè...! Mete yon envite pou MeMo (Amos François) 01.02.2025

Jan MeMo te anonse l deja, memopodkas ap resevwa envite nan kèk epizòd. Pou premye envite yo, Fabrice ak Ricardo te resevwa Amos Francois nan memopodkas. Nan epizòd 17 la, nou pral fè konesans ak travay Amos e kijan li itilize pasyon l pou figi estil. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.    

Epizòd 16 - "Les femmes savantes" (Molière) 25.01.2025

Eske w sonje ti fraz laten sa: Castigat ridendo mores? Si w sonje l wap sonje Molière tou, gwo ekriven teyat nan literati fransèz. Pou epizòd 16 la, Ricardo ak Fabrice pran on ekstrè nan youn nan gwo zèv Molière yo ki rele "Les femmes savantes". Ann fè on kout pye nan disetyèm syèk e reviv tèks sa pandan nap dekouvri kisa ki aplikab ladann l toujou jounen jodi a. Al tande epizòd sila pou dekouvri...

Epizòd 15 - "Konseye" (Wendyyy) 18.01.2025

Es ke w toujou bezwen mande konsèy? Es ke w pa ka pwòp konseye tèt ou? Epizòd 15 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè de tèks Wendyyy ki rele "konseye" Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas

Epizòd 14 - "Le lièvre et la tortue" 11.01.2025

"Rien ne sert de courir, il faut partir à point." Yon sitasyon ki travèse le tan ke n jwenn nan yon Fab Jean de la Fontaine ekri ki rele "Le lièvre te la tortue". Sa te fè sijè epizòd 14 la kot Fabrice ak Ricardo te plonje nan inivè 2 bèt sa yo pou dekòtike sitasyon sila. Avek kèk egzanp pratik, Mé ak Mo te montre kijan li enpòtan pou chèche fè ekilib ant vitès, pasyans ak pèseverans san w pa obli...

Epizòd 13 - Bilan 28.12.2024

3 mwa aprè lansman Memo Pòdkas, Fabrice ak Ricardo te deside fè on ti bilan a travè epizòd 13 la. Yon bilan, pou yo gade kote yo ye, kijan yap vanse, si rezilta yo alinye ak objektif ki te fikse yo? Te gen oditris ak oditè ki te patisipe nan epizòd sila pou bay opinyon sou kijan yo wè pòdkas la jounen jodi a e fè kèk pwopozisyon sou kijan nou ka amelyore. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis tou...

Epizòd 12 - "Nou bouke tann!!!" ... "Jwaye Nwèl kan menm" 21.12.2024

  Epizòd 12 la se te okazyon pou Mé ak Mo te echanje ve ak swè ak oditè yo nan epòk fèt Nwèl la. Msye yo fè yon ti mansyon patikilye pou oditè ki an Ayiti yo. Yo itilize 2 ansyen tèks konkou chante Nwèl ki te fèt nan lane 1999 (Nou bouke tann) ak 2000 (Jwaye Nwèl kanmèm), Max Aubin ak Stanley George te respektivman chante, pou yo byen dekri kontèks fèt fen ane yo aktyèlman la an Ayiti.  Al tande e...

Epizòd 11 - "Machann sab" D-fi Powèt Revòlte 14.12.2024

On machann sab se yon figi imajinè oubyen senbolik nou konn jwenn nan kont timoun. Se yon pèsonaj ki fè timoun dòmi, li vide on sab majik sou je timoun yo. D-fi ke yo konnen kounya sou non Dèf Fondamantal, son rapè ki wè tèt li tankou on machann sab a travè mizik li. Nan epizòd 11, Fabrice ak Ricardo analize yon ekstrè tèks "Machann sab" atis sila ekri. Yo tap fè nou dekouvri paralèl ki fèt ant 2...

Epizòd 10 - "Ensasyabilite" P.I.C. 07.12.2024

Kilè on moun ensasyab? Nan epizòd 10, Fabrice ak Ricardo ap fè nou dekouvri jan atis P.I.C. trete kesyon ensasyabilite a. Ak anpil swen, msye yo dekòtike yon ti segman nan tèks chante ki rele "Ensasyabilite".  Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas

Listen to the Memo Pòdkas podcast in Replaio

Radio and podcasts in one app - free, with no sign-up. Install today and do not miss the launch

Get it on Google Play

Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.