MANTALITID
MANTALITID
MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
Abi seksyèl sou ti gason : konvèsasyon ak yon viktim 06.02.2022 37:21
Abi seskyèl sou timoun, se tout konpòtman, atitid, enteraksyon yon moun genyen ak yon timoun, nan entansyon pou jwenn yon benefis seksyèl, oubyen itilize timoun nan seksyelman pou jwenn yon satisfaksyon. Max te gen 9 lane, lè yon responsab lekòl kote l te ye te abize li seksyèlman. Li rakonte kòman sa te pase, e kòman sa make lavi li.
Abi emosyonèl ka gen konsekans grav nan lavi moun 30.01.2022 22:54
Abi emosyonèl, se tout konpòtman sistematik, yon moun genyen anvè yon lòt moun, ki riske pwovoke domaj sikolojik, ak dezekilib emosyonèl sou moun ki afekte a. Kòman ou ka idantifye abi emosyonèl ? Kòman ou ka fè fas ak li ? Repons kesyon sa yo ak lòt ankò, nan nouvo epizòd MANTALID sa.
Mentalitude : Rezime ane 2021 an 26.12.2021 20:26
Pandan ane 2021 an, ansanm ak envite n yo, nou te gen okazyon prezante yon karantèn epizòd Mentalitude sou tematik sikolojik, sante mantal ak devlopman pèsonèl moun. Jodi a, nan dènye sòti pòdkas la pou ane a, nou prezante w yon rezime sou kèk sijè n te wè.
Pou konprann pi byen, lavi (emosyonèl) yon travayè seksyèl an Ayiti 12.12.2021 31:42
Mari gen 50 lane. Li fè plis pase 10 lane ap fè travayè seksyèl (pwostitisyon). Jodi a li fè pati yon òganizasyon ki ap travay ak jèn fi ki nan domèn sa. Nan epizòd Mantalitude sa, li pa pale de eksperyans li, sitou aspè emosyonèl travay sa, ki gen anpil diskriminasyon ladan l.
Enpòtans MOTIVASYON nan lavi yon moun 05.12.2021 24:10
MOTIVASYON se yon konpozant sikolojik, ki gide e detèmine kondwit nou a yon objektif. Men, nou konn pèdi motivasyon nan prèske tout sa n ap fè. Nan epizòd Mantalitude sa, ak Jodelyn Georges ki gen yon paj sou motivasyon, n ap gade enpòtans motivasyon genyen nan akonplisman pèsonèl yon moun.
S.O.S pou Pwoteksyon Dwa Timoun yo an Ayiti 28.11.2021 35:46
Devlopman sikososyal ak rannman akademik timoun yo difisil nan yon sosyete kote dwa yo pa respekte. Kisa Pwoteksyon Dwa Timoun yo ye? Kòman sa ye an Ayiti? Kisa ki dwe fèt pou sa amelyore ? Repons tout kesyon sa yo ak anpil lòt ankò nan epizòd Mentalitude sa.
Kòman DJ Kemissa wè tèt li nan chobiz ayisyen ? 21.11.2021 15:36
Kémissa Trécile (DJ Kemissa) se yon jiris. Li chwazi fè DJ tou dabò pa pasyon pou mizik. Malgre obstak li rankontre kòm fi nan domèn nan, li deside fè yon diferans. Nan epizòd Mentalitude sa, li pale de eksperyans li, motivasyon l ak kòman aktivite sa kontribye nan moun li ye a.
Alfred : « Jodi a m se yon Enjenyè, men pou m te peye etid la, m te konn fè taksi moto » 14.11.2021 19:06
Mentalitude ap kontinye jodi a ak yon lòt epizòd sou motivasyon ak devlopman pèsonèl moun. Envite nou se Alfred Chéridor, yon Enjenyè sivil ayisyen. Pou l te peye etid la nan yon inivèsite prive Sendomeng, li te fè anpil sakrifis tankou vann krèm glase nan bourèt, fè taksi moto elatriye. Jodi a l ap ofri konpetans li sou mache dominiken an.
Miracson Saint-val : « Fè teyat reponn ak yon bezwen fondamantal pou m egziste kòm moun » 07.11.2021 28:49
Nan epizòd Mentalitude jodi a, Miracson Saint-val ki se Aktè, Metè an sèn ap rakonte rezon ki fè li chwazi fè teyat malgre lòt etid li fè, kòman pratike teyat kòm travay atistik patisipe nan devlopman pèsonèl ak emosyonèl li kòm moun, malgre kondisyon travay yo pa toujou fasil.
Pou kisa ou pa dwe pè rekòmanse ? 31.10.2021 16:39
Yon relasyon santimal ki mal fini, yon biznis ki kraze, yon echèk akademik [...], rekòmanse pa toujou fasil. Sitou lè batri emosyonèl ou dechaje. Men, rekòmanse apre yon eksperyans ki mal pasebkapab youn nan pi bon desizyon ou pran nan vi ou. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn 5 estrateji k ap ede rekòmanse aprè nenpòt move eksperyans ou ta fè a.
Skason Baptiste : « Depi gen prekarite kote w ap viv la, pa p ka gen trankilite nan lespri w » 24.10.2021 32:37
Pou anpil moun, egzistans yo gen sans nan aktivite y ap mennen chak jou. Pafwa, finalite aktivite sa yo se pou byennèt kolektivite a. Nan epizòd Mentalitude sa, Skason Baptiste ap pale de sa k motive l antreprann kèk aktivite, epi tou pale de vi l, ki ka enspire lòt moun.
Konvèsasyon ak yon polisye ayisyen 10.10.2021 15:19
Menm jan ak tout rès manm nan popilasyon an, fenomèn ensekirite a fè anpil viktim tou nan kan la polis la, ki pa toujou kapab reponn reyèlman ak responsabilite l. Nan epizòd Mentalitude sa, yon ajan UDMO ap pataje ak nou lekti l sou sityasyon an epi ak ki presyon sikolojik li souvan fè fas nan kad travay li.
Konvèsasyon ak yon masisi ayisyen 03.10.2021 35:19
Gino se yon masisi ayisyen ki gen 45 lane. Li etidye kominikasyon sosyal nan FASCH. Menm jan ak anpil lòt omoseksyèl an Ayiti, asime oryantasyon seksyèl li trennen anpil konsekans tankou diskriminasyon ak lòt sousi emosyonèl. Kilè l dekouvri li gen atirans pou gason ? Kòman antouraj li te konprann sa ? Kòman li viv ak tout blokaj sosyal yo ? Li te reponn tout kesyon sa yo ak anpil lòt ankò nan epi...
Obed Lamy, yon jounalis ak pasyon 26.09.2021 24:57
Apre eksperyans li nan divès medya an Ayiti, Obed Lamy sot fè yon metriz nan jounalis nan peyi Etazini. Pou kounya li ap fè yon karyè nan domèn dokimantè. Kote pasyon pou jounalis sa soti? Kòman l rive entegre l nan sosyete ameriken an ? Obed se envite nou nan epizòd Mentalitude sa, kote li ap pale de pakou li, ki ka sèvi w kòm enspirasyon.
Pakou Michael Étienne kòm etidyan epi doktè ayisyen nan Sendomeng 19.09.2021 24:49
Etidye nan yon peyi ak yon lang etranje souvan mande anpil sakrifis, sitou nan ka yon Ayisyen Sendomeng ki dwe fè fas ak kèk diskriminasyon. Kòman doktè Michael Étienne te rive jere difikilte sa yo ? Pou kisa l chwazi mete yon klinik Sendomeng ? Tande eksperyans Michael la, li ka enspire w.
Reparasyon sikolojik pou kè ki brize nan lanmou 05.09.2021 15:53
Sendwom kè brize nan lanmou se yon ansanm eta ak pwosesis sikolojik yon moun travèse pou eksprime desepsyon ak fristrasyon li aprè yon relasyon santimal ki kraze. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn estrateji pou sòti nan soufrans emosyonèl sa, ki konn gen gwo enpak sou lavi moun ki afekte a.
7 erè grav ki kraze anpil relasyon santimantal 29.08.2021 15:41
Malgre prèv lanmou ki konn egziste ant patnè yo, viv relasyon a 2 pa toujou yon eksperyans fasil. Si ka toujou gen diskisyon ak enkonpreyansyon nan koup la, men gen kèk erè grav ki konn presipite kraze relasyon an. Nan epizòd Mentalitude sa, nou mansyone 7 nan yo epi di w kisa pou fè pou evite erè sa yo.
5 atitid sikolojik enpòtan fas ak dezas natirèl 15.08.2021 19:00
Dezas natirèl yo fè pati pwoblèm sante piblik ki afekte sante sikolojik nou. Yo konn kite sekèl emosyonèl ki make nou pou tout lavi. Nan epizòd Mentalitude sa, nou ba ou 5 atitid enpòtan sikolojik ki ka ede w jere sante mantal ou nan moman katastwòf natirèl, tankou yon tranblemantè.
Konplèks enferyorite 08.08.2021 19:20
Konplèks enferyorite se yon santiman ensifizans ak ensekirite, ki vini apati yon defisyans fizik oswa sikolojik ki kapab reyèl oswa imajinè nan tèt yon moun. Sa ki fè moun nan santi l mwens pa rapò ak yon lòt moun. Men gen fason ou ka konbat pèsepsyon irasyonèl sa.
Prevansyon kont depresyon 01.08.2021 16:30
Kontrèman ak sa anpil moun panse, depresyon pa fè diskriminasyon. Tout moun, nan yon moman nan vi yo, pou yon rezon ka tonbe nan depresyon. Si ou pa ka gen kontwòl faktè jenetik ak biyolojik ki ka kondwi a depresyon, men estil vi w ap mennen an ka ede w redwi faktè risk pou ta tonbe nan depresyon.
Prevansyon kont swisid 18.07.2021 18:50
Swisid se youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik mond lan ap konfwonte. Chak ane, plizyè milye moun met fen ak lavi yo akoz yon sityasyon difisil yo paka sipòte. Men, menm jan ak tout lòt pwoblèm sante piblik, gen mwayen nou ka ede nan prevansyon kont swisid.
5 fason pou jere emosyon « negatif » yo 11.07.2021 18:16
Emosyon yo se yon ansanm repons fizyolojik, sikolojik ak fizik nou genyen fas ak yon demann oswa yon evènman ki souvan vini sanzatann. Si objektif yo se pèmèt nou adapte nou ak yon sityasyon, men anpil fwa nou konn pa ka jere yo, sitou lè yo dezagreyab. Ebyen, men kòman ou ka rive fè sa.
Istwa Osman ki fè 5 operasyon pou menm pwoblèm nan 27.06.2021 18:35
Eksperyans yo fèt pou pataje. Sitou lè yo ka itil lòt moun. Se pou rezon sa, nan nouvo epizòd Mentalitude la, mwen pataje ak nou yon chapit entim nan lavi m, ki ka san dout itil anpil kèk nan nou.
7 tip de moun ou ta dwe evite | Epizòd 53 20.06.2021 14:52
Rapò sosyal ak lyen afektif nou devlope ak lòt moun enpòtan anpil nan devlopman ak emansipasyon nou kòm moun. Sepandan, anpil fwa relasyon sa yo konn tounen yon obstak pou lavi pèsonèl ak byennèt emosyonèl nou. Se pou sa, li toujou enpòtan pou n chwazi kiyès n ap frekante.
Enpòtans lekti sou sante mantal moun | Epizòd 51 06.06.2021 35:05
Lekti se yon ekselan egzèsis serebral ki anrichi vi nou prèske nan tout domèn. Fòmasyon, enfòmasyon, aprantisaj, divètisman [...], menm si tout moun pa li pou menm rezon an, men abitid fè lekti gen anpil byenfè sou sante mantal moun ki pratike l yo.
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.