MANTALITID
MANTALITID
MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
Ki enpòtans REZILYANS nan sante mantal? 12.11.2023 17:20
Rezilyans fè referans ak pwosesis epi rezilta pou yon moun rive adapte l ak siksè fas ak eksperyans difisil epi defi lavi a, espesyalman gras ak fleksibilite mantal, emosyonèl ak konpòtman li afiche nan advèsite yo. Men, ki enpòtans li nan sante mantal yon moun?
7 kesyon fondamantal sou SWISID 17.09.2023 18:18
Mwa septanm se mwa prevansyon kont SWISID. Pou prevansyon sa rive reyèlman efektif, gen enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn repons a 7 kesyon san dout ou konn poze tèt ou sou SWISID.
10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèl 03.09.2023 17:06
Oryantasyon seksyèl se yon atraksyon emosyonèl, ewotik, seksyèl oswa afektif yon moun genyen pou yon lòt moun ki dire a travè tan an. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pote repons ak 10 kesyon esansyèl ki ka ede w konprann pi byen oryantasyon seksyèl moun.
Kòman ou ka modifye ABITID negatif yo ? 27.08.2023 13:19
Si abitid pozitif yo kapab rann ou pi pwodiktif oubyen amelyore kalite lavi w, ebyen sa ki negatif yo kapab yon antrav pou byennèt ak devlopman pèsonèl ou. Donk, li enpòtan pou elimine yo.
Ijyèn mantal 20.08.2023 12:59
Ijyèn mantal fè referans ak yon ansam aktivite ak abitid ki pèmèt ou pwoteje panse ou, jere pi byen emosyon w yo, genyen yon konpòtman pozitif ak konstritif fas defi lavi a [...], sa ki ap amelyore kalite lavi pèsonèl ou ak rapò w ap devlope ak lòt moun.
Ki imaj ou gen de tèt ou ? 13.08.2023 15:49
Imaj yon moun gen de tèt li se yon reprezantasyon mantal sou kòman moun nan wè tèt li reyèlman. Imaj sa konstwi apati de eksperyans pèsonèl moun nan, sa lòt moun panse de li tou. Li se yon faktè enpòtan nan devlopman pèsonèl moun nan.
Fè sante mantal ou yon priyorite 06.08.2023 15:51
Yon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite . Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou.
Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH 30.07.2023 15:00
Malgre anpil efò ki fèt, VIH/SIDA toujou rete youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik nan mond lan. Estrès, anksyete, diskriminasyon, estigmatizasyon [...], viv ak VIH kapab yon eksperyans sikoljik konplèks, ki afekte sante mantal moun ki konsène a.
« Homesickness » : sante mantal, nan ka moun k ap viv nan peyi etranje 16.07.2023 19:08
Kite fanmi ak zanmi, tout sa w te gentan konstwi dèyè, pou al kontinye osnon refè vi w nan yon peyi etranje, souvan egzije yon depans enèji emosyonèl konsiderab. Sa ki konn afekte sante mantal anpil moun nan pwosesis adaptasyon ak entegrasyon yo.
Sante mantal, nan ka moun ki paka fè pitit (enfètilite) 09.07.2023 19:56
Enfètilite se yon eksperyans emosyonèlman epwizan, ki ka pwovoke tristès, fristrasyon, strès, anksyete, mete sou estigmatizasyon ki lye ak sijè a. Sa ki riske gen gwo enpak sou sante mantal moun oubyen koup ki konsène a.
Adiksyon a pònografi : yon danje pou sante mantal ou 02.07.2023 13:25
Konsomasyon eksesif kontni pònografik ka gen gwo konsekans sikoljik sou lavi moun ki adikte yo ; konsekans non sèlman sou sèvo moun yo, sou vizyon defòme yo ka vin genyen sou rapò seksyèl yo, men sou byennèt yo de fason jeneral.
10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman 25.06.2023 15:50
Woutin yo, tout sa w ap fè chak jou yo, fason w panse, reyaksyon w fas ak defi lavi a [...], gen gwo enfliyans sou byennèt ou, kalite lavi w ak ak sa w ta swete reyalize. Se sa ki fè li enpòtan pou w kiltive ABITID ki ka chanje lavi w nan fason pozitif.
Kilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ? 24.06.2023 13:31
Emosyon yo endispansab nan ekilib ak devlopman nou kòm moun. Men, si yo pa byen jere, yo riske gen gwo enpak negatif sou kalite lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa ou dwe konnen sou analfabetis emosyonèl e kòman pou fè edikasyon emosyonèl tèt ou.
Self-love 18.06.2023 16:17
Self-love pa yon demach egoyis, ni nasisik. Self-love, lanmou pou tèt ou, se yon pwofon eta apresyasyon pèsonèl, ki tradwi pa yon seri aksyon k ap debouche sou byennèt ou, epanouyisman sikolojik ou ak espirtyèl ou kòm moun.
Non, SWISID pa yon lachte 11.06.2023 19:36
Daprè OMS, chak ane, anviwon 700 mil moun swiside tèt yo nan mond lan. Ka swisid yo souvan rive nan moman kote moun nan ap fè fas ak yon kriz, ki depase kapasite l pou l afwonte li. Donk ki pa gen anyen pou wè ak lachte.
Twoub Seksyèl 04.06.2023 21:52
Twoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo.
Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY 28.05.2023 19:32
Dèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan peryòd dèy.
Konpasyon pou tèt ou, se yon kle pou sante mantal ou 21.05.2023 15:53
Kiltive konpasyon pou tèt ou, se konpòte w anvè tèt ou ak menm lanmou, menm anpati ou t ap rekonfòte yon moun ou renmen ki nan yon moman difisil, aprè yon eksperyans dezagreyab.
Mwens PLENYEN, plis GRATITID 14.05.2023 15:11
Gen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN.
Dismòfofobi (obsesyon kòporèl) 30.04.2023 16:47
Dismòfofobi karakterize pa yon obsesyon ak panse eksesif yon moun pa sispann nouri sou yon defo souvan imajinè li konstate nan aparans fizik li. Pèsepsyon irasyonèl sa fè moun nan gen yon imaj negatif de tèt li. Sa ki ka mete l nan yon soufrans emosyonèl epi afekte byennèt li.
Li enpòtan pou pran yon POZ 23.04.2023 19:52
Responsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak tèt ou e kòman ou ka rive fè sa.
Twoub Anksyete 16.04.2023 12:50
Si anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo.
Kriz Karantèn 02.04.2023 15:41
« Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan.
Enpòtans NITRISYON nan sante mantal 26.03.2023 14:56
Manje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou.
Somatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik) 19.03.2023 14:09
Eksperyans doulè emosyonèl yon moun te fè nan lavi l, ka anjandre maladi fizik ki reyèl. Fenomèn sa rele SOMATIZASYON. Se de sa nou pale jodi a nan nouvo epizòd MANTALITID la.
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.