Chokarella Podcast Network
Carel in the Morning Podcast
Welcome to 'Carel in The Morning: The Podcast,' where you can catch all of the engaging and informative interviews from Chokarella's morning drive show. In each episode, host Carel sits down with a variety of guests, from musicians and actors to business owners and public figures. With his warm and friendly personality, Carel brings out the best in his guests and leaves you feeling inspired and informed.
Author
Chokarella Podcast Network
Category
Podcast website
Latest episode
May 26, 2026
Where to listen?
Podcasts in the app Replaio Radio Coming soonPodcasts are coming to the app soon. Install now and be the first to see a whole new take on podcasts
Episodes
Alexandre Ade, Project Manager Haitian Compas Festival la, ap bat tout detay sou 27yèm edisyon an 22.04.2025 49:53
Nan entèvyou sa a, Alexandre Ade mete limyè sou 27yèm edisyon Haitian Compas Festival la. Li rakonte eksperyans li depi li te kòmanse kòm volontè, rive jodi a kòm Project Manager prensipal. Li dekri tout sa ki ap vini pou edisyon ane sa a: lineup atis yo, plan sekirite, inovasyon nan planifikasyon, ak objektif pou mete nouvo jenerasyon an devan. Yon ti rale anndan tout sa k ap fèt pou bay piblik l...
Gandhi "LeMetronome" prezante 3 nouvo liv sou Pwezi, Byen-èt ak Espitrityalite 21.04.2025 1:25:16
Nan entèvyou sa a nan Carel in the Morning, Gandhi “LeMetronome” prezante 3 liv li pral sòti ki baze sou eksperyans pèsonèl li. Li rakonte istwa dèyè Je pleure avec plaisir, yon liv pwezi ki pale sou emosyon, lanmou ak fragilite. Li pale de dezyèm liv la sou byen-èt natirèl, sante ak medsin fèy. Twazyèm liv la fouye pi fon sou espirityalite, koneksyon ak lanati, ak leson lavi ki soti nan tradisyon...
Paul Beaubrun: Mizik ak J. Perry pou July 7, Albòm ak Dadi, Festival Jazz Montréal ak plis ankò 18.04.2025 48:03
Paul Beaubrun pataje tout sa li ap prepare pou ane 2025. Li pale de mizik li fè ak J. Perry pou fim July 7, ki ap sòti 16 me nan tout sinema Ozetazini. Li revele yon nouvo kolaborasyon ak tonton li Dadi Beaubrun, yon pwojè ki melanje son rasin ak yon nouvo vizyon modèn. Paul ap monte sou sèn Festival de Jazz de Montréal epi li ap mete deyò nouvo mizik ki montre evolisyon li kòm atis.
Claude Mancuso: Istwa premye fim kreyòl ayisyen, Languichatte ak dokimantè “Haiti Proud” 15.04.2025 1:06:24
Nan entèvyou sa a, Carel Pedre resevwa Claude Mancuso, yon pyonye ki make istwa sinema ak televizyon an Ayiti. Li rakonte kijan li te kreye “Ala Mizè pou Rodrigue”, premye fim kreyòl ayisyen ki te chanje tout apwòch sinema lokal la, eksperyans li ak Rodrigue Millien, Languichatte, Boukman Eksperyans, ak lòt atis ki make tan lontan. Li pataje tou vizyon li pou dokimantè “Haiti Proud”, yon fim ki vi...
Ama Makeda ap prezante Abey Wayal – yon gam pwodwi pou sante ki fèt ak myèl ak plant medisinal 14.04.2025 1:09:38
Nan epizòd sa a, Ama Makeda ap prezante Abey Wayal, yon seri pwodui natirèl ki fèt ak myèl ak plant medsin pou ede nou viv pi byen. Li pale sou kijan li konbine konesans li kòm apikultris, alchimis, ak fanm ki pratike medsin holistik pou kreye pwodwi sa yo ki soutni sante fanm ak gason. Li pataje vizyon li sou manje konsyan, wòl myèl nan tretman natirèl, ak jan remèd lakay kapab pi efikas pase med...
Angie Bell: Yon Fanm Okap K ap Travay pou Pwomosyon Kilti ak Edikasyon 11.04.2025 1:01:15
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, mwen chita pale ak Angie Bell, yon fanm ekstraòdinè ki kite tout bagay pou l retounen viv Okap epi mete tout enèji li pou ede chanje Ayiti. Angie se yon otè, yon antreprenè, yon aktivis, yon fanm k ap travay nan kilti ak edikasyon. Li se fondatè òganizasyon Poubel Ayiti, li ap dirije yon lekòl fanmi li te mete sou pye depi 36 ane, epi li lanse yon inivèsit...
Riva Précil ap prezante Enkantasyon | Yon Vwayaj Espirityèl & Mizikal 09.04.2025 1:11:51
Carel Pedre resevwa Riva Précil pou yon bèl konvèsasyon sou nouvo album li Enkantasyon, ki soti 28 mas 2025. Nan entèvyou sa a, Riva louvri sou mizik li, sou vodou kòm fòm espirityalite, sou enèji fanm ak sou jan li itilize libète kreyatif li pou bati yon kominote ki konekte ak rasin li kòm Ayisyèn. Li pale sou eksperyans li pandan kreyasyon album lan, entansyon li mete dèyè chak mizik, chwa koulè...
Bayyinah Bello ap pale de komemorasyon 75 ANE KONGRÈ FANM YO AN AYITI 08.04.2025 48:11
Nan epizòd espesyal sa a, Carel Pedre resevwa istorisyèn Bayyinah Bello pou yon gwo chita pale sou 75yèm anivèsè Kongrè Fanm yo an Ayiti. Evènman sa a ap fèt soti 10 pou rive 12 avril 2025 sou Campus Henry Christophe nan Limonad. Se yon okazyon pou n sonje batay fanm yo, reflechi sou sa yo reyalize, epi mete aksan sou sa ki rete pou fè. Nan videyo sa a, yo pale sou istwa ki efase, memwa kolektif n...
Olwith Lindor: Sèl Ayisyen ki nan Disney On Ice ! 07.04.2025 43:39
Tande istwa ekstraòdinè Olwith Lindor, yon jèn gason ki fèt, grandi ann Ayiti, e ki vin tounen sèl patinè ayisyen ki fè pati Disney On Ice. Nan entèvyou sa a, li rakonte kijan li kite Ayiti pou li ale Brésil, kijan li fè fas ak tout difikilte yo, kijan li jwenn pasyon li nan patinaj sou glas, epi jan li rive fè pati youn nan pi gwo spektak mond lan. Olwith pataje tou pi gwo rèv li: tounen Ayiti ak...
Ti Klod (Claude Porsenna) pale de karyè li soti nan 5-Lan, X-Tassy, Kaï rive sou Reyinyon Carimi 04.04.2025 1:21:36
Nan entèvyou espesyal sa a, Ti Klod rakonte tout wout li nan mizik: kòman li te kòmanse ak 5-Lan, eksperyans li ak X-Tassy, wòl li nan Kaï ansanm ak Richard Cavé, epi kòman li vin travay nan Reyinyon Carimi.
Kareen Ulysse kite tout bagay pou al jere yon lopital nan Cité Soleil 03.04.2025 49:19
Gheriane “Kareen” Ulysse se yon fanm ekstraòdinè ki te kite lavi konfòtab li Ozetazini pou l tounen Cité Soleil, Ayiti, epi kontinye travay papa li te kòmanse: Centre Hospitalier de Fontaine. Nan entèvyou sa a ki plen emosyon, Kareen rakonte sakrifis li fè kòm manman, pitit fi, ak lidè. Li pataje jan li jere lopital la, jan li jwen finansman, epi jan li kontinye batay chak jou pou amelyore lasante...
Francis Mercier : Yon DJ Ayisyen ki ap briye sou sèn entènasyonal la 02.04.2025 1:19:37
Nan entèvyou eksklizif sa a, Francis Mercier rakonte karyè li soti Boudon, Ayiti rive sou pi gwo sèn mondyal yo. Li pataje jan li kenbe rasin li pandan li mete mizik ayisyèn sou beat elektwonik. Li pale de kolaborasyon li ak atis entènasyonal yo, eksperyans li nan festival atravè lemond, defi li ap fè fas, epi vizyon li pou lavni.
Marc Alain Boucicault sou paternite, BANJ 4.0, ak reyalite viv lwen Ayiti 01.04.2025 1:31:09
Nan konvèsasyon sa a nan Carel in the Morning, Marc Alain Boucicault louvri kè li sou eksperyans li kòm papa, kòm lidè, epi kòm sitwayen ayisyen k’ap viv deyò peyi a. Li rakonte kijan li te kite Ayiti pou al etidye, jan li jere lavi fanmi li pandan li tap travay nan MIT e dirije BANJ.
Lindsay François (The Children’s Trust) ap prezante konkou " Young Talent Big Dreams" 27.03.2025 24:48
Nan entèvyou sa a, Lindsay François, Media Manager nan Children’s Trust, ap prezante pwojè espesyal “Young Talent Big Dreams”. Li eksplike kijan inisyativ sa ede timoun ak jèn Ayisyen nan Sid Florid, ki gen laj 8 rive 18 lane, devlope talan yo nan mizik, dans, pwezi ak lòt domèn atistik. Lindsay pataje objektif prensipal Children’s Trust genyen pou sipòte kominote Miami Dade nan defi yo rankontre,...
Endometriyoz: Ruth Lainé rakonte batay li ak doulè ki pa nòmal 26.03.2025 1:09:09
Pou mwa mas, nou mete limyè sou endometrioz, yon maladi ki afekte anpil fanm men ki souvan neglije. Nan epizòd sa a, Ruth Lainé, yon jèn fanm ayisyèn k ap viv Ozetazini, pataje istwa pèsonèl li ak tout batay li ap mennen chak jou ak maladi sa a. Li pale sou doulè li te konn sibi pandan règ li, difikilte pou jwenn yon dyagnostik, operasyon li te oblije fè, ak jan sa afekte lavi li kòm fanm, kòm pwo...
Good Tang lanse pwojè solo li apre Enposib e pale de pakou li nan mizik 21.03.2025 1:00:53
Nan entèvyou sa a Good Tang ouvè kè li pou pale sou pakou li nan mizik. Li rakonte kòman li te kòmanse kòm yon jèn ki soti nan yon fanmi mizisyen, eksperyans li ak gwoup X-Tassy ak Enposib, epi kijan li pran desizyon lanse premye pwojè solo pa li. Good Tang mete aksan sou vizyon li kòm atis, jan li viv mizik chak jou, e sa ki enspire li pou kreye mizik ki soti sou premye albòm li "Ma Muse&quo...
Carimi, Kaï ak HMI: Yon konvèsasyon san filtè ak Fito Hyacinthe 20.03.2025 46:55
Fito Hyacinthe, manadjè gwoup Kaï ak Carimi, pataje eksperyans li nan endistri mizik la ak kòman li te fè pou li mennen gwoup sa yo nan siksè. Nan entèvyou sa a, nou aprann sou pran risk, enpòtans ekip ak kolaborasyon, defi ak opòtinite pou mizik ayisyen nan yon mond ki toujou ap chanje, ak leson li aprann pandan li t ap travay ak pi gwo gwoup mizik Ayiti yo.
Poukisa Asirans Enpòtan? Ruthie (Dam Asirans la) ap bay tout detay! 18.03.2025 1:02:19
🔥 Nan epizòd sa a sou Carel in the Morning, Ruthie, yo rele “Dam Asirans la”, ban nou tout detay sou enpòtans asirans vi ak asirans sante, espesyalman pou kominote Ayisyèn lan. 🔥Li pataje eksperyans pèsonèl li, li esplike poukisa edikasyon finansyè enpòtan, epi li revele erè anpil Ayisyen fè ki mete yo an danje finansyèman. 💡SA WAP APRANN:✅ Poukisa asirans esansyèl pou tout moun?✅ Ki jan pou...
Manuel Mathieu: Soti nan Atizay rive nan Pafen - Yon Revolisyon Kreyatif 13.03.2025 1:03:02
Manuel Mathieu, yon atis abstrè ayisyen-kanadyen, ap mennen atizay li nan yon nouvo direksyon. Apre li fin make non li nan mond penti ak eskilti, li deside antre nan "parfumerie", kote li kreye yon mak ki charye eritaj ak kilti Ayiti. Nan entèvyou sa a, li rakonte istwa li, eksperyans li nan mize entènasyonal, epi ki jan vétiver ayisyen vin youn nan eleman prensipal pafen li yo. Li pataj...
Joann Milord ap pale sou plan estratejik ki pral bay Little Haiti plis opòtinite ak devlopman 13.03.2025 22:54
Nou pale ak Joann Milord, Prezidan & CEO @LittleHaitiTrust, sou plan estratejik ki vize devlopman ekonomik, lojman abòdab, pwoteksyon kilti ak touris, epi sipò pou ti biznis yo. Plan sa a ap ede Little Haiti grandi epi vin pi atiran pou moun ki vle envesti ak devlope kominote a. Little Haiti Trust ap travay pou mete resous yo disponib pou kominote a epi ouvri pòt pou plis opòtinite. Genyen fin...
Naomy Grand’Pierre: Soti nan Jeux Olympiques rive nan atizay, maketing, ak kreyasyon vizyèl 12.03.2025 53:25
Naomy Grand’Pierre, premye fi ki reprezante Ayiti nan Jeux Olympiques nan natasyon, pataje vwayaj inik li soti nan mond espò pou rive nan sinema ak direksyon atistik. 🏊♀️🎬 Avèk menm disiplin li te itilize pou reyalize rèv Olenpik li, jodi a li ap travay pou mete Ayiti sou map mondyal la atravè atizay, maketing, ak kreyasyon vizyèl. Li pale sou defi atlèt ayisyen yo, pwojè li pou Haiti House 202...
Candice Mondesir: Ki jan HACCOF ap sipòte antreprenè Ayisyen nan Florid! 10.03.2025 51:08
Candice Mondesir, Direktè Egzekitif HACCOF, eksplike kijan òganizasyon an ap sipòte antreprenè Ayisyen nan Florid. Li pale sou fòmasyon ScaleUp, opòtinite finansman, mentora, ak rezo biznis pou ede yo grandi.
D-Perfect prezante nouvo mizik li “M Pral Fè’w” 07.03.2025 41:15
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, D Perfect vini chita pale ak Carel pou prezante dènye mizik li “M Pral Fè’w”. Li rakonte kijan lide chante a sòti, kisa ki enspire l, epi li pale tou sou jan l ap jere karyè solo li ansanm ak eksperyans li nan gwoup la.
Olivier Duret pale sou "Boomerang" ak Fafà Picault, lavi pèsonèl li, ak pwojè li pou 2025 06.03.2025 54:26
Nan entèvyou sa a avèk Carel Pedre nan « Carel in the Morning », Olivier Duret diskite sou kolaborasyon mizikal li nan Mizik "Boomerang" avèk foutbolè ayisyen Fafà Picault, lavi pèsonèl li, ak pwojè mizikal li pou 2025. Li pataje tou refleksyon sou endistri mizik ayisyen an e pale de Mikaben.
Zoey Dollarz: Yon Atis k’ap Bati Pon ant Ayiti ak Mond lan 20.02.2025 44:04
Nan entèvyou sa a, Zoey Dollarz pataje vizyon l pou mete Ayiti sou map mondyal la pandan l ap konekte kilti yo. Li pale sou enpòtans sèvi ak enfliyans li pou ede kominote li, kolaborasyon ak atis entènasyonal tankou Burna Boy, Fat Joe, ak DJ Snake, epi jan li ap ankouraje ekspansyon mizik ayisyen sou sèn entènasyonal la. Soti nan òganize vwayaj pou zanmi l ale Ayiti rive nan bati relasyon estratej...
Similar podcasts
Replaio is not a podcast publisher; show names, artwork and audio belong to their authors and are distributed through public RSS feeds.