Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
Memo Pòdkas
Memo Pòdkas jwenn enterè l nan analize tout tip tèks. Prezantatè yo ap gen pou touche aspè literal ak literè tèks yo. Ansanm nou pral dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Nou envite w konekte ak nou pou n ka fè ti koze. Rasanble! Nou pote ti memo a pou ou.
Visita il sito del podcast e sostieni chi lo crea: sites.libsyn.com
Autore
Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
Categoria
Sito del podcast
Ultimo episodio
7 nov 2026
Dove ascoltare?
I podcast nell'app Replaio Radio In arrivoI podcast stanno per arrivare nell'app. Installala ora e scopri per primo un modo tutto nuovo di vivere i podcast
Episodi
Epizòd 59 - Si Lajan Pat Egziste 07.02.2026 44:58
Pou epizòd 59 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik ke Lil Jayne, Mechans T ak Blaze One te pote ba nou: "Si Lajan pat egziste". Malgre ekstrè a long, mesye yo pran tan yo pou dekòtike chak ba. Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
Epizòd 58 - Baz ou vèni - Atyspanch 31.01.2026 42:59
Me ak Mo pran on ekstrè nan on mizik Atys Panch ki rele "Baz ou vèni" pou prezante nan Epizòd 58 la. Ou pa finn konprann tit la? Ou pa konn si Atys Panch ap fè blag oubyen serye? Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa av...
Epizòd 57 - Mwen sote klas - Franco Love 24.01.2026 42:10
Si ou te panse se lekòl selman moun te konn sote klas, vin dekouvri kijan w ka sote klas nan lanmou. Fabrice ak Ricardo te pran on ekstrè nan "M sote klas" ke Franco Love pote ban nou pou debat nan epizòd 57 la. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
Epizòd 56 - Yo la - Chris Morning 17.01.2026 48:22
Epizòd 56 sa chita sou yon ti ekstrè nou tire de chante "Yo la" atis Chris Morning chante. Yon ekstrè k ap denonse on sòt de ipokrizi sosyal men ki trè powetik. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 55- Bye Bye - Toby Anbakè 20.12.2025 37:46
Nou tout dakò chimen siksè pa fasil. Toby rakonte nou sa byen nan Bye Bye, youn nan mizik sou albòm RAS la. Nan tèks sila, g on pati ki trè polisemik. Se li ki te fè objè epizòd 55 la nan Memo Pòdkas Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 54 - COLOC - mCo 13.12.2025 39:51
COLOC: Yon bijou! Yon zèv atistik de kalite! Yon palendwom! Yon tèks kontradiktwa de Collinx Mondésir. Nan epizòd 54 la, Fabrice ak Ricardo t ap debat sou yon ekstrè tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 53 - Fui Ayiti pa vle di w kite Ayiti 06.12.2025 47:01
Yon fraz paradòksal: "Je me rends compte que j'ai passé ma vie à fuir Haïti et que je n'ai jamais quitté Haïti." tire nan woman L'énigme du retour de Dany Laférière. Nan epizòd 53 a, Samuel Simon ki te envite nou te vin ede n konprann sa otè vle degaje atravè fraz sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pat...
Epizòd 52 - Nenpòt kote n ye, li tande n. 22.11.2025 34:57
Gen fraz ki sonnen nan zòrèy e ki fè vibre tankou son tanbou. Lè Frankétienne te ekri nan woman Ultravocal : " Partout où je crie, Haïti entend, même quand je suis loin, même quand je suis seul" , li pa jis ap pale de bri. Li t ap pale de relasyon nou chak genyen ak peyi nou. Nan epizòd 52 a, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa Frank te vle nou konprann a travè fraz sa. Al tande epizòd la ki...
Epizòd 51 - Li refize mouri... Li p ap mouri! 15.11.2025 38:59
Lionel Trouillot, nan woman li ki rele Bicentenaire te ekri fraz sa: "Ce pays est une douleur qui marche, une mémoire qu'on assassine chaque jour mais qui refuse de mourir" Yon fraz mataforik ki chita sou yon antitèz. Fabrice ak Ricardo t ap pataje lide otou de fraz sa nan epizòd 51 an. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo...
Epizòd 50 - Aprann danse 08.11.2025 40:50
Se pa lè w konn make pa sou rit mizik sèlman w konn danse. Si lavi an jeneral te yon senfoni e melodi a t ap chanje tout tan, kijan w t ap danse? Nan epizòd 50 la, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa ki kache nan 2 fraz sa yo: " Le pays est succession de secousses. Ceux qui restent debout sont ceux qui apprennent à danser avec la terre." Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak...
Epizòd 49 - Woulib - Kenny Haiti 01.11.2025 46:04
Nou konn nan on kamyonèt epi chofè a deside lage l sou woulib nan yon mòn, pa vre? Men eske nou te konnen lanmou ka sou woulib tou? Ann al nan tèks Woulib ke Kenny Hati ekri pou nou konnen plis. Nan Epizòd 49 la, Fabrice ak Ricardo ap dekòtike on ekstrè nan tèks sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataj...
Epizòd 48 - Li pa vini - Konpa Kreyòl 25.10.2025 42:35
Depi menaj la rele w, li di w: "Li pa vini", ou paka pa fè tèt cho. Konpa Kreyòl te trete sijè sa a travè yon chante. Nan Epizòd 48 la, Fabrice ak Ricardo t ap apresye yon ekstrè tèks la sou yon lòt ang. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 47 - Gad on rèv - Wanito 18.10.2025 44:52
Sa rive w deja w ap fè on rèv epi anvi soti ladan? Wanito t ap eksplike sa l viv nan on rèv. Nan epizòd 47 la, noute pran plezi analize on ti pati nan tèks chante ki rele "Gad on rèv". Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 46 - "Do it right" - Premye anivèsè 04.10.2025 43:17
Yon ane deja pase depi Fabrice ak Ricardo te demare ak avanti Memo Pòdkas la. 46 zyèm epizòd sa, se te moman pou n te swete tèt nou bòn fèt men tou gade ki diferan etap nou franchi. E pou nou te fè ti egzèsis sa, nou te apiye sou on ekstrè tèks yon chante Zenglen ki rele Do it right. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo ep...
Epizòd 45 - Lè yon fanm damou - ZATRAP 27.09.2025 46:21
Kisa yon fanm ka fè lè l damou? ZATRAP te reponn kesyon sa a travè yon mizik. Epizòd 45 la, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te opine sou on ti pati nan tèks chante ki rele "Lè yon fanm damou" an. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 44 - Incroyable - Harmonik (Dezyèm Pati) 13.09.2025 37:38
Nan epizòd 44 la, Fabrice ak Ricardo kontinye analize dezyèm ak twazyèm estròf nan ekstrè yo te pran samdi a pase a. Nap wè jan Harmonik prezante lòt aspè nan fanm lan ki fè li "Incroyable". Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 43 - Incroyable - Harmonik 06.09.2025 40:17
Nan lavi gen bagay ki enkwayab. Harmonik, a travè on tèks trè powetik, t ap montre nou nan ki nivo yon fanm ka enkwayab. Nan epizòd 43 a, Fabrice ak Ricardo te pran plezi pou analize yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 42 - Pitit deyò - KLASS 30.08.2025 41:09
Chak moun gon fado y ap pote. Lè y ap rele on moun "pitit deyò", son pwa lou ki sou do l k ap peze l. Gwoup Klass te trete sijè sa a travè yon chante. Nou menm nan Memo Pòdkas te pran on ekstrè nan tèks sa pou nou te analize nan epizòd 42 a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou f...
Epizòd 41 - Ti Mafi (Krezi Mizik) 23.08.2025 36:40
Yon lòt sijè oze ke Me ak Mo deside manyen jodi a. Pou epizòd 41 an, nou al rale on ekstrè nan tèks "Ti Mafi" ke Krezi Mizik te pote pou nou pou dekri on reyalite ki tris men ki reyèl nan sosyete a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Epizòd 40 - Paka fè pitit - Gabèl 16.08.2025 40:21
Gen yon seri de sijè nan sosyete pa nou an ki trete anndan kay paske yo sansib e yo fè mal. Gwoup Gabèl te deside abòde nan yon chante tematik :"Paka fè pitit". Nan epizòd 40 Memo Pòdkas la, Mé ak Mo t ap pataje konpreyansyon yo sou yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak y...
Epizòd 39 - Silans konn pale 09.08.2025 30:24
Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans. Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans. Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi...
Epizòd 38 - Sales Nègres - Jacques Roumain 28.06.2025 34:55
Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain. Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè. Pou epizòd sa a, Fabrice ak Rica...
Epizòd 37 - Femme noire - Léopold Sédar Senghor 21.06.2025 39:41
Aprè nou te finn analize ekstrè tèks Aimé Césaire ak Guy Tirolien, nou pa ta ka pa pran Léopold Sédar Senghor. Fabrice ak Ricardo kontinye nan manyen kouran "Negritude" la e yo ale nan manman mouvman, Lafrik. Pou epizòd 37 la, MeMo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Femme Noire" ke Léopold Sédar Senghor sèl Afriken nan fondatè mouvman "Negritude" la. Nou pral wè jan a travè bèl kout plim l...
Epizòd 36 - Prière d'un petit enfant nègre – Guy Tirolien 14.06.2025 34:49
Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a. Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki ti...
Epizòd 35 - Cahier d'un retour au pays natal - Aimé Césaire 07.06.2025 39:53
Nou menm ki kite lakay lontan, kilè n ap ka retounen pou n al met men nan pat la? Aimé Césaire, lè l te tounen lakay li te deside pou l pa rete kòm espektatè. A travè vwa l, pwezi l, li te pale pou sila ki san vwa yo, li te aji. Ricardo ak Fabrice, nan epizòd 35 sa t ap pale de yon ekstrè de yon bèl powèm k ap reveye nou. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tch...
Podcast simili
Replaio non è un editore di podcast; i nomi dei programmi, le copertine e l'audio appartengono ai rispettivi autori e vengono distribuiti tramite feed RSS pubblici