Emmanuelle Georges
Nannan Podcast
Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti. Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many subjects ranging from productivity and creativity to personal care, managing relationships, love, body image, and much more. From friends, family members, to people she's met for the first time, we will hear different viewpoints and personal experiences through these intimate conversations.
Szerző
Emmanuelle Georges
Kategória
A podcast weboldala
Legutóbbi epizód
2024. jan. 17.
Hol hallgathatod?
Podcastok az alkalmazásban Replaio Radio HamarosanA podcastok hamarosan megérkeznek az alkalmazásba. Telepítsd most, és láss elsőként egy teljesen új megközelítést a podcastokhoz
Epizódok
Bòn Ane 2021 18.01.2021 32:36
Nan epizòd sa Emmy ap swete on bòn ane 2021. Li tou profite bay kek konsèy sou kijan pou kenbe on espri pozitif avèk pi bon fason pou bay tèt Ou objektif pou ane a . Al tande !
Ou vo plis ke sa ! 27.11.2020 48:36
Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Myrlande Johnson pou yo pale de vyonlans sou fanm. Konvèsasyon sa louvri je nou sou diferan fòm vyolans yon fanm ka sibi nan yon relasyon. Al tande
Kisa ki Devlopman pèsonèl avèk Emmy ? 12.11.2020 23:43
Nan epizòd sa Emmy ap eksplike nou Kisa ki devlopman pèsonèl ak ki diferan etap ki genyen nan pratik esantyèl sa. Al tande
Kisa ki seksyalite ? 22.10.2020 44:01
Nan epizòd sa, Emmy chita pale avèk Laetitia Dégraff, yon seksyològ. Laetitia fè nou dekourvri metye sa a paske anpil moun pa konnen Kisa Li ye . Medam yo te tou pwofite pale de tabou ki genyen otou seksyalite fanm an patikilye. Al tande
Psikoloji, kisa l ye? ki sa l pa ye? 15.10.2020 51:50
Nan epizòd sa, Emmy chita avec Phaidra Laraque, yon psikològ k ap evolye an Haiti depi 2003. Phaidra pran tan li pou li eksplike kisa yon psikològ fè, kilè ou bezwen yon psykològ, men pi plis toujou li kalrifye pou nou kisa yon psikolòk pa ye ou byen pa fè. Li te profite tou pou li ankouraje tout moun okipe yo de sante mantal yo. Al tande!
Yon ti chita pale ak Regine Coicou sou Disiplin. 08.10.2020 49:07
Nan epizod sa, Emmy chita avèk Regine Coicou. Regine se yon Life Coach menm jan avèk Emmy, kap evolye Canada. Medam yo pale de pasyon ak eksperyans yo nan metye sa. Yo te pwofite tou pale de disiplin, yon konsèp yo tou lè de kwè ladann. Al tande!
Steven ap di nou Kiyes li ye 21.05.2020 44:55
Nan epizod sa Emmy sa, Emmy chita avèl Steven Baboun . Yo pale de enpòtans pou on moun konprann, aksepte ak selebre identite l. Yo te ensiste tou sou enpòtans tolerans nan yon kominote. Al tande!
Mwen fèt pou sa ... Kòm fèt pou sa 14.05.2020 46:25
Nan epizod sa Emmy chita avèk Naike St Pierre pou yo pale sou zafè grosès avèk akouchman. Naike pataje lide pal, ak konviktyon pa l sou sijè sa yo, li ensiste tou sou enpòtans edike tèt nou . Medam yo pat ezite pataje eksperyans akouchman pa yo. Al tande!
Yon Ti moman Majik avèk Wilnise 07.05.2020 1:09:53
Nan epizod sa, Emmy chita pale avèk Wilnise François, yon enfimyè, yon "herbalist". Wilnise pataje esans li avèk nou, li pale de kijan li fè pou li kiltive lanmou pou tèt li, rityèl li fè pou li jwenn enèji…Wilnise fyè anpil de eritaj li, se sa ki te enspire l kreye "Well Fed" ki se business li . Al tande pou ka enspire!
Renmen tèt ou JODI A, KOUNYA ! 30.04.2020 35:53
Nan epizod sa a, Emmy chita pale avèk Karoll-Ann Fanfan. Medam yo pale de koze renmen tèt ou ak kwè nan tèt ou. Karoll-Ann pataje anpil nan istwa li avèk nou tank nan lavi pèsonèl li sou koze "troub alimatasyon" avèk pakou profesyonèl li. Al Tande
Pa kite tenèb ki nan ou kenbe w an otaj. 19.03.2020 46:27
Nan epizòd sa Emmy chita avèk Clara Luce pou yo pale de kisa ki "Shadow Work". Kisa li vle di, ki byenfè li et kisa ki pase lè ou refize fè sa. Ou se limyè men ou se tenèb tou ...jou ou va konprann sa , se jou sa w ap komanse viv tout bon. Al tande!
Meditasyon ka edew Gueri, Grandi, jwenn la pè 15.01.2020 46:09
Nan epizod sa, Emmy chita avèk Judith Joseph. Judith se yon edikatris, yon coach spirityèl;, yon fanm ki kwè nan panse pozitif. Medam yo pale de enpòtans konekte ak tèt nou, enpòtans konekte ak Sous lavi a. Judith explike nou kisa meditasyon ye epi tou li pataje tout byenfè li ka pote pou nou.
An n akeyi 2020 avèk Phaidra Laraque. 08.01.2020 54:04
Nan episod sa, Emmy chita avèk psychologue Phaidra Laraque. Medam yo pataje jan yo santi yo avèk nouvèl ane a. Phaidra te profite pale de enpòtans gen konpasyon pou tèt nou, de byenèt mantal nou, ak kijan konnen sa ou vreman vle nan laviw esantyèl. Al tande!
Viv Lib Se Filozofi Zazou 28.11.2019 43:38
Nan epizod sa, Emmy chita avèk Lisa Pierre. Medam yo kontre Pou premye fwa mè yo te alèz Pou yo pale tout pawòl. Zazou pa gen twòp tan li tounen Haiti; yo pale de eksperyans sa. Yo diskite de plizyè sijè tankou elvé pitit ou , de enpòtans viv libreman nan tout sa wap fè epi tou , envite a te prezante bizniss li Lakou Zazou.
Ann Pale Lajan Ak Christine Coupet Jacques #MadanJacques 13.11.2019 1:02:00
Nan epizod sa Emmy chita avec Christine Coupet Jacques pou yo pale de on sijè ki ta vle parèt tabou nan sosyete nou à. Medam yo pale de Lajan, de relatyon yo ak lajan ak de Koman pou fè lajan, de entreprenarya an jeneral. Christine te profite de moman sa pou li bay kèk ti konsèy sou jestyon finans pèsonèl ki ka itil chak grenn nan nou ! Al tande!
On ti Limyè Sou Clara 11.09.2019 50:54
Nan epizod sa , Emmy chita avec Clara Luce Lafond, yon jèn fanm ki Deside pataje pakou spirityel Li avèk nou. Clara ki inisye nan vodou, demistifye anpil move lide moun genyen sou relijyon sa. Nap ankouraje w louvri kè w ak lespri w pou tande !
Fyète yon fanm Okap pou peyi l 31.07.2019 39:47
Nan epizod sa, Emmy chita avèk Angie Bell , yon jèn fanm ki deside tounen viv nan peyi l. Medam yo pale de enpòtans itilize 100% potansyèl ou , yo pale de tout projè Angie ki pa janm pa gen pou wè avèk Haïti. Sin pat konnen, moun okap gen anpil fyète ak Lanmou pou lakay yo. Ann ki te Sa inspire nou pou nou ka fe pati pa nou pou avni peyi a.
Se pa kote ou prale a ki enpòtan, se chimen an. 17.07.2019 56:17
Nan epizod sa, Emmy chita avèk Guel Rochelin, yon fanm entreprenè ayisyen. Guel te gen pi bèl job , ak pi bèl pozisyon ou te ka imajine o Zetazini men li tounen lakay e li la, lap travay malgre tout defi ak difikilte. Al dekouvri bèl istwa Sa!
Use your Super Power 04.07.2019 46:21
Nan epizod sa Emmy chita pale avèk Shaina Silva yon kokennchenn FANM! Yon ayisyenn ki fyè de rasin li, de kilti li mè sitou ki gen anpil visyon pou peyi li. Yo pale de enspiratyon li , de enpòtans tèt ansanm sitou pou fanm. Shaina se fondatris She Build Initiative ki se yon platfòm ki konekte fanm ayisyenn a travè le mond! Ala yon bèl bagay. Konvesayon sa a touche anpil bagay enpòtan... Al k...
Yon ti moman avèk Emmy 15.06.2019 52:23
Nan lokazyon premye anivèsè Nannan Podcast , Emmy te ankouraje oditè yo poze l kestyon sou lavi l , sou konfyans nan tèt ou , sou coaching .... ti moman sa ap fè w dekouvri Li on ti kal pi plis.
Lavi a 2 16.04.2019 55:07
Nan epizod sa Emmy chita avek David Ak Dayana ! Moun sa yo gen 10 lane depi yo marye. Yo pataje difikilte ki ka genyen nan viv avek yon moun ak tout kalite lot experyans yo fe nan vi a 2. Lanmou bel mrn konvèsasyon sa demontre kijan menm jan ak tout bagay, fok ou travay pou fè on relasyon mache !
Gason gen Nannan tou! 04.04.2019 58:52
Nan epizod sa, Emmy chita pale avek Olivier Day , ki se yon podscaster tou ! Olivier se yon nèg ki saj anpil, ki pa pè pale de feblès li, ki pa pè pataje Nannan’l. Li se yon papa, yon mari , yon moun ki konprann empòtans , aksepte, renmen ak pran swen tèt li . Kite konvesasyon sa enspirew !
Riva Nan Kay la!!! 28.03.2019 1:03:21
Nan epizod sa, Emmy chita avek Riva Precil. Riva se yon fanm chaje ak talan ak kreyativite, ki renmen kiltil, onore l epi pataje l tout jan Li kapab. Medam yo pale de enèji, de Lanmou pou tèt ou ak on pakèt lòt bagay enteresan! Konvesayon sa raple tout fanm pou yo pa bliye pouvwa ak maji ki nan Nannan yo!
I am NOT Superwoman 08.03.2019 52:07
Nan epizod sa Emmy chita avec Naed Jasmin. Yo pale de feminist , de Kisa Li vle di ak kijan Yo viv Li chak jou. Naed senyon famn ki pasyone nan tout sa lap fe mè Li pataje koman sa pa toujou fasil pou jwenn balans nan lavi li. Medam yo te fini konvesayon an avèk on ti rapèl sou enpotans renmen ak okupe tèt ou !
Ou pa poukont ou 28.02.2019 33:42
Nan epizod sa , Emmy chita avek Vanessa Bastien pou yo pale de pwoblèm enfètilite. Anpil fanm ki gen difikilte pou yo fè pitit ap soufri an silans. Konvesayon sa , kote Vanessa pataje experyans li, ka bay yo kouraj ak fos, pou yo konnen yo pa poukont yo. Medam yo te pwofite sansibilise tout oditris yo pou yo pa neglije al kay jinekolog.
Hasonló podcastok
A Replaio nem podcastkiadó; a műsorok nevei, borítóképei és hanganyagai a szerzőiket illetik, és nyilvános RSS-csatornákon keresztül terjednek.