Fabrice Mésidor, Ricardo Molière

Memo Pòdkas

Arts HT ↓ 84 episoder

Memo Pòdkas jwenn enterè l nan analize tout tip tèks. Prezantatè yo ap gen pou touche aspè literal ak literè tèks yo. Ansanm nou pral dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Nou envite w konekte ak nou pou n ka fè ti koze. Rasanble! Nou pote ti memo a pou ou.

Husk at besøge podcastens hjemmeside og støtte skaberen: sites.libsyn.com

Forfatter

Fabrice Mésidor, Ricardo Molière

Kategori

Arts

Podcastens hjemmeside

sites.libsyn.com

Seneste episode

7. nov. 2026

Hvor kan du lytte?

Podcasts i appen Replaio Radio Kommer snart

Podcasts kommer snart til appen. Installer nu, og vær den første til at se en helt ny tilgang til podcasts

Hent den på Google Play Installer gratis Android næsten 10 mio. downloads · 4,7+ i bedømmelse iOS snart

Episoder

Epizòd 9 - Titanyen 30.11.2024

Nan kad epizòd 9 la, Fabrice ak Ricardo t ap analize ak anpil amètim yon powèm Yves-Gerard Olivier ekri. Yon powèm k ap transpòte w nan yon reyalite tris men ti mesye yo te reyisi fè dekouvri kalite ekriti otè ak idantifye anpil mesaj enpòtan ke l te vle fè pase.  Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.e...

Epizòd 8 - Analiz sou ekstrè tèks "Yon Ti Kalkil" B.I.C. 23.11.2024

Yon ekstrè nan tèks  Yon ti kalkil de atis B.I.C. t ap debat nan Memo pòdkas pou 8e epizòd la. Fabrice ak Ricardo t ap eksplike selon yo menm ki mesaj ki degaje nan tèks sila, patikilyèman nan ti segman ke yo te konsidere a.  Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas  

Epizòd 7 - Analiz sou yon ekstrè tèks "Dyaman nan bidonvil" 16.11.2024

Nan epizòd sila, Fabrice ak Ricardo ap analize yon ekstrè nan tèks Dyaman nan Bidonvil ki sou premye albòm gwoup mizikal Zafèm. Yo gade ki mesaj ki degaje nan tèks sila men sitou nan ti segman ke yo konsidere a. Yo te pale de fòm lan tou. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas  

Epizòd 6 - Yon mo espesyal ke nap jwenn nan on tèks MeMo 09.11.2024

Aprè yon seri epizòd kote yo tap bay oditè yo zouti kap pèmèt yo konprann e analize tèks, Ricardo ak Fabrice nan epizòd 6 la dekòtike premye tèks yo. Ann dekouvri ansanm tèks ti mesye MeMo yo pote pou ou a, ki mesaj ki ladann l e ki fòm yo itilize pou ekri l. Al tande epizòd sila ak anpil swen. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas

Epizòd 5 - Kèk pami divès figi estil ki genyen 02.11.2024

Fabrice ak Ricardo te pran anpil plezi a travè senkyèm epizòd sa. Yo te eksplike kisa ki on figi estil. Yo te pwofite enimere epi pale de kèk ladan yo. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas

Epizòd 4 - Diferan rim nou ka jwenn nan yon tèks 26.10.2024

Nan katriyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan nou ka konnen rim ke yon otè ka fè nan yon tèks. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt. Wap jwenn tout lyen nou yo sou:  linktr.ee/memopodkas

Epizòd 3 - Diferan fason yon tèks ka ekri 19.10.2024

Nan twazyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan pou nou idantifye lè yon tèks ekri an proz oubyen an vè. Al tande epizòd sila pou plis detay. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

Epizòd 2 - Diferan fòm zèv ekri ka pran 12.10.2024

Nan dezyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap eksplike diferan fason yon zèv literè ka prezante. Gen anpil men sa ki pi kouran yo se: Narasyon Pwezi Dram Al tande epizòd sila pou dekouvri plis bagay sou yo. Tape memopodkas sou Facebook; Instagram; X ak Tiktok pou abone a paj ofisyèl yo. Pou jwenn pòdkas la ale sou:  Libsyn  ; Spotify ak Apple Podcasts

Epizòd 1 - Ann fè konesans ak MéMo 05.10.2024

Pou premye epizòd la, Fabrice ak Ricardo deside pale de: kisa MéMo vle di?  kote ide pòdkas la sòti? ki objektif pòdkas la? ki sijè pòdkas la ap gen pou trete? ki piblik pòdkas la vize? Tape  memopodkas sou Facebook; Instagram; X ak Tiktok pou abone a paj ofisyèl yo. Pou jwenn pòdkas la ale sou:  Libsyn  ; Spotify ak Apple Podcasts

Lyt til podcasten Memo Pòdkas i Replaio

Radio og podcasts i én app - gratis og uden tilmelding. Installer i dag, og gå ikke glip af lanceringen

Hent den på Google Play

Replaio er ikke podcastudgiver; programmernes navne, coverbilleder og lyd tilhører deres ophavsmænd og distribueres via offentlige RSS-feeds.